BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Pwovèb 31
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Pwovèb — Sa ki gen nan liv sa a

      • 31

        • Kiyès ki ka jwenn yon bon madanm? (10)

        • Li travay di (17)

        • Li pale ak bonte (26)

        • Pitit li ak mari l fè lwanj pou li (28)

        • Bote yon fi ka pa dire (30)

Pwovèb 31:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 1:8; 2Ti 1:5

Pwovèb 31:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 1:11, 28

Pwovèb 31:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Oz 4:11
  • +Dt 17:15, 17; 1Wa 11:1-3; Ne 13:26

Pwovèb 31:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ekl 10:17; Eza 28:7

Pwovèb 31:6

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “moun nanm yo anmè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 104:15; Mt 27:34
  • +Jr 16:7

Pwovèb 31:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 82:4

Pwovèb 31:9

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Plede kòz”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 1:16, 17; 2Sa 8:15; Sm 72:1, 2; Eza 11:4

Pwovèb 31:10

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon madanm ki kapab”.

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Rt 3:10, 11; Pw 12:4; 19:14

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè,

    11/2016, p. 3

Pwovèb 31:11

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    11/2016, p. 1

Pwovèb 31:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 2:18, 19; Tt 2:3-5

Pwovèb 31:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 9:21

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    11/2016, p. 2

Pwovèb 31:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Ti 5:9, 10

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    11/2016, p. 2

Pwovèb 31:16

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Ak sa l rantre”. Lit.: “Ak sa l reyalize ak men l”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    11/2016, p. 2

Pwovèb 31:17

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “Li mare senti l ak fòs”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 24:15, 20

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    11/2016, p. 2

Pwovèb 31:18

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    11/2016, p. 2

Pwovèb 31:19

Nòt anba paj

  • *

    Yo te konn itilize bwa yo konn woule fil la ansanm ak bobin fil la pou yo fè twal.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 35:25

Pwovèb 31:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 25:18; Pw 19:17; 1Ti 2:10; Eb 13:16

Pwovèb 31:21

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “rad ki double”.

Pwovèb 31:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Rt 4:1; Jb 29:7, 8

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè,

    11/2016, p. 2

Pwovèb 31:24

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “souvètman”.

Pwovèb 31:25

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Li ri jou k ap vini an”.

Pwovèb 31:26

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Li bay enstriksyon ki demontre lanmou; Lwa lanmou ki fidèl la sou lang li”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jj 13:22, 23; 1Sa 25:30, 31; Est 5:8; Tt 2:3

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    11/2016, p. 2

Pwovèb 31:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 14:1; 1Ti 5:9, 10; Tt 2:3-5

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    11/2016, p. 2

Pwovèb 31:28

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Kè kontan nan yon fanmi, p. 49-50

Pwovèb 31:29

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “anpil fi ki kapab”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    11/2016, p. 2

Pwovèb 31:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 9:30; Est 1:10-12; Pw 6:25, 26
  • +Jen 24:60; Jj 5:7; 1P 3:3, 4

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    11/2016, p. 2

Pwovèb 31:31

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “Ba l nan sa li pwodui ak men l”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Rt 3:10, 11
  • +Wm 16:1, 2

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Pwo. 31:1Pw 1:8; 2Ti 1:5
Pwo. 31:21Sa 1:11, 28
Pwo. 31:3Oz 4:11
Pwo. 31:3Dt 17:15, 17; 1Wa 11:1-3; Ne 13:26
Pwo. 31:4Ekl 10:17; Eza 28:7
Pwo. 31:6Sm 104:15; Mt 27:34
Pwo. 31:6Jr 16:7
Pwo. 31:8Sm 82:4
Pwo. 31:9Dt 1:16, 17; 2Sa 8:15; Sm 72:1, 2; Eza 11:4
Pwo. 31:10Rt 3:10, 11; Pw 12:4; 19:14
Pwo. 31:131Sa 2:18, 19; Tt 2:3-5
Pwo. 31:142Kw 9:21
Pwo. 31:151Ti 5:9, 10
Pwo. 31:17Jen 24:15, 20
Pwo. 31:19Eg 35:25
Pwo. 31:201Sa 25:18; Pw 19:17; 1Ti 2:10; Eb 13:16
Pwo. 31:23Rt 4:1; Jb 29:7, 8
Pwo. 31:26Jj 13:22, 23; 1Sa 25:30, 31; Est 5:8; Tt 2:3
Pwo. 31:27Pw 14:1; 1Ti 5:9, 10; Tt 2:3-5
Pwo. 31:302Wa 9:30; Est 1:10-12; Pw 6:25, 26
Pwo. 31:30Jen 24:60; Jj 5:7; 1P 3:3, 4
Pwo. 31:31Rt 3:10, 11
Pwo. 31:31Wm 16:1, 2
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Pwovèb 31:1-31

Pwovèb

31 Men pawòl wa Lemwèl, yon mesaj enpòtan manman l te ba li pou ba l fòmasyon+:

 2 Ki sa pou m di w, pitit gason m?

Di m non, pitit gason m ki sot nan vant mwen an?

Ki sa pou m di w, pitit gason m, ou menm mwen te fè ve pou ou a+?

 3 Pinga w gaspiye fòs ou nan fi+!

E pinga w al nan wout ki fè anpil wa peri a+!

 4 O Lemwèl, men sa yon wa pa dwe fè:

Yon wa pa dwe nan bwè diven,

E chèf yo pa dwe di: “Kote bweson m nan+?”

 5 Yon fason pou yo pa bwè e pou yo pa bliye sa lalwa di,

Epi pou yo pa pase sou dwa moun ki pi ba yo.

 6 Se moun ki pral mouri pou w bay bwason ki gen alkòl+,

E se moun ki nan gwo lapenn* pou w bay diven+.

 7 Se pou yo bwè pou yo ka bliye mizè yo!

Se pou yo bliye pwoblèm yo nèt!

 8 Pale pou moun ki pa ka pale yo.

Defann dwa tout moun ki pral mouri yo+.

 9 Pale pou yo, epi byen jije yo.

Defann dwa* moun ki pi ba yo ak malere yo+.

א [Alèf]

10 Kiyès ki ka jwenn yon bon madanm*+?

Yon bon madanm gen plis valè pase koray*.

ב [Bèt]

11 Mari l fè l konfyans ak tout kè l,

E mari l pa manke anyen.

ג [Gimèl]

12 Chak jou nan lavi l,

Li fè byen pou mari l pou sa l fè pou li, li pa fè l sa ki mal.

ד [Dalèt]

13 Li jwenn twal lenn ak twal len,

Li renmen travay ak men l+.

ה [He]

14 Li menm jan ak bato komèsan yo+,

L al chèche manje l byen lwen pot lakay li.

ו [Waw]

15 Epitou, li poko jou, li gentan leve

Pou l bay moun lakay li manje

E pou l bay sèvant li yo manje+.

ז [Zayin]

16 Li gen nan lide l pou l achte yon tè, li achte l.

Grasa travay li*, li fè yon jaden rezen.

ח [Hèt]

17 Li prepare l pou l travay di*+,

Epi, li travay di ak men l.

ט [Tèt]

18 Li wè komès li ap mache,

Lanp li toujou ret limen lannuit.

י [Yòd]

19 Li kenbe bwa yo konn woule fil la ak men l

E li pran bobin fil la ak men l*+.

כ [Kaf]

20 Li lonje men bay moun ki nan nesesite yo,

E li donan ak moun ki malere yo+.

ל [Lamèd]

21 Li pa enkyete pou moun lakay li lè gen gwo fredi,

Paske tout moun lakay li gen rad pou yo chofe kò yo*.

מ [Mèm]

22 Li fè dra pou l kouvri kabann li.

Li fè rad li ak twal len ansanm ak twal lenn vyolèt.

נ [Noun]

23 Tout moun konn mari l nan pòtay vil la+,

Lè misye chita pami ansyen ki nan peyi a.

ס [Samèk]

24 Li fè rad* ak twal len pou l vann

E li fè senti pou l bay komèsan yo.

ע [Ayin]

25 Li gen anpil kouraj e moun respekte l,

Li pa bay tèt li pwoblèm pou sa k pral rive demen*.

פ [Pe]

26 Lè l pale, pawòl li montre li gen sajès+,

Lè l ap anseye, li pale ak bonte*.

צ [Tsade]

27 Li veye sou sa k ap fèt lakay li

E li pa parese menm+.

ק [Kòf]

28 Pitit li yo kanpe e yo fè lwanj pou li,

Mari l kanpe e li fè lwanj pou li tou.

ר [Rèch]

29 Gen anpil bon fi*,

Men, ou menm, ou pi bon pase yo tout.

ש [Chin]

30 Yon fi ka bèl, men sa ka pa gen okenn valè, e bèl li bèl la ka pa dire+.

Men, y ap fè lwanj pou fi ki gen lakrentif pou Jewova a+.

ת [Taw]

31 Rekonpanse l pou sa l fè*+,

E se pou yo fè lwanj pou li nan pòtay vil la pou travay li fè+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje