BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 24
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • David pa vle touye Sayil (1-22)

        • David respekte moun Jewova chwazi a (6)

1 Samyèl 24:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 23:28, 29

1 Samyèl 24:3

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “kouvri pye l”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 57:pawòl ki anlè tèt; 142:pawòl ki anlè tèt

1 Samyèl 24:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 26:8, 23

1 Samyèl 24:5

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “kè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 24:10

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Rete nan lanmou Bondye, p. 18

    Toudegad,

    1/11/2007, p. 14

1 Samyèl 24:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 22:28; 1Sa 26:11; 2Sa 1:14; 1Kw 16:22

1 Samyèl 24:7

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “te fè mesye l yo gaye kò yo”.

1 Samyèl 24:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 26:17

1 Samyèl 24:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 26:19

1 Samyèl 24:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 24:4
  • +1Sa 9:16; 10:1; 26:9; Sm 105:15

1 Samyèl 24:11

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “detwi nanm mwen”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 26:18; Sm 35:7
  • +1Sa 23:14

1 Samyèl 24:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 26:23
  • +Dt 32:35
  • +1Sa 26:11

1 Samyèl 24:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 26:20

1 Samyèl 24:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 25:39; Sm 35:1

1 Samyèl 24:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 26:17

1 Samyèl 24:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 26:21

1 Samyèl 24:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 24:4, 10

1 Samyèl 24:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 26:25; Sm 18:20

1 Samyèl 24:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 13:14; 15:28; 18:8; 20:31; 23:17

1 Samyèl 24:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 19:12; Dt 6:13
  • +2Sa 9:1; 21:7

1 Samyèl 24:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 15:34
  • +1Sa 23:29

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 24:11Sa 23:28, 29
1 Sam. 24:3Sm 57:pawòl ki anlè tèt; 142:pawòl ki anlè tèt
1 Sam. 24:41Sa 26:8, 23
1 Sam. 24:52Sa 24:10
1 Sam. 24:6Eg 22:28; 1Sa 26:11; 2Sa 1:14; 1Kw 16:22
1 Sam. 24:81Sa 26:17
1 Sam. 24:91Sa 26:19
1 Sam. 24:101Sa 24:4
1 Sam. 24:101Sa 9:16; 10:1; 26:9; Sm 105:15
1 Sam. 24:111Sa 26:18; Sm 35:7
1 Sam. 24:111Sa 23:14
1 Sam. 24:121Sa 26:23
1 Sam. 24:12Dt 32:35
1 Sam. 24:121Sa 26:11
1 Sam. 24:141Sa 26:20
1 Sam. 24:151Sa 25:39; Sm 35:1
1 Sam. 24:161Sa 26:17
1 Sam. 24:171Sa 26:21
1 Sam. 24:181Sa 24:4, 10
1 Sam. 24:191Sa 26:25; Sm 18:20
1 Sam. 24:201Sa 13:14; 15:28; 18:8; 20:31; 23:17
1 Sam. 24:21Le 19:12; Dt 6:13
1 Sam. 24:212Sa 9:1; 21:7
1 Sam. 24:221Sa 15:34
1 Sam. 24:221Sa 23:29
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 24:1-22

1 Samyèl

24 Kou Sayil retounen sot dèyè moun Filisti yo, yo di l: “Men David nan Dezè Enngedi+!”

2 Konsa, Sayil chwazi 3 000 gason pami tout pèp Izrayèl la, epi l al chèche David ak mesye David yo nan zòn ki chaje ak wòch nan mòn ki gen kabrit yo. 3 Sayil rive kot patiraj mouton ki bare ak wòch ki te bò wout la, yon kote ki gen yon gwòt, e li antre nan gwòt la pou l al fè yon bezwen* pandan David ak mesye l yo te chita jis nan fon gwòt la+. 4 Mesye David yo di l: “Jodi a, se jou kote Jewova di w: ‘Gade! Mwen lage ènmi w lan nan men w+, ou ka fè l sa w vle.’” Se konsa, David leve tou dousman, li koupe ke manto san manch ki te sou Sayil la. 5 Men, apre sa, konsyans* David te vin ap kale l+ paske l te koupe ke manto san manch Sayil la. 6 Li di mesye l yo: “Piske m gen respè pou Jewova, mwen pa t ap janm panse fè mèt mwen an, moun Jewova chwazi a, yon bagay konsa. Mwen pa t ap janm leve men m pou m frape l, paske li se moun Jewova chwazi a+.” 7 Pawòl David te di yo te fè mesye l yo fè bak*. Li pa t kite yo atake Sayil. Epi, Sayil te leve sot nan gwòt la, l al fè wout li.

8 Apre sa, David leve, li soti nan gwòt la, li rele Sayil: “Monwa, mèt mwen+!” Lè Sayil vire gad dèyè, David met ajenou e li bese fas atè. 9 David di Sayil: “Poukisa w ap koute pawòl yon seri moun k ap di w: ‘Men David ap chèche fè w mal+’? 10 Jodi a menm, ou wè ak je w ki jan Jewova te lage w nan men m nan gwòt la. Men, lè yon moun te di pou m touye w+, mwen te gen pitye pou ou, mwen te di l: ‘Mwen pap leve men m pou m frape mèt mwen an, paske li se moun Jewova chwazi a+.’ 11 Ebyen, papa mwen, men ke manto san manch ou a nan men m. Lè m t ap koupe ke manto san manch ou a, mwen te kapab tou touye w, men mwen pa t fè sa. Kounye a, ou wè mwen pa gen nan lespri m pou m fè w mal oswa pou m fè rebèl avè w e mwen pa fè okenn peche kont ou+, alòske ou menm, w ap kouri dèyè m pou w detwi lavi m*+. 12 Se pou Jewova jije mwen menm avè w+ e se pou Jewova tire revanj pou mwen+! Men, mwen pap leve men m pou m frape w+. 13 Gen yon pwovèb nan tan lontan ki di: ‘Se mechan ki fè mechanste.’ Mwen menm, mwen pap leve men m pou m fè w mal. 14 Dèyè kiyès wa peyi Izrayèl la ap mache konsa a? Dèyè kiyès w ap kouri la a? Dèyè yon chen mouri? Dèyè yon grenn pis+? 15 Se Jewova ki pou jij nou, e l ap jije mwen menm avè w! Se li k ap jije ka a, l ap defann kòz mwen+. L ap jije m e l ap sove m anba men w.”

16 Kou David fin di Sayil pawòl sa yo, Sayil di l: “David, pitit gason m, se vwa w mwen tande la a+?” Epi, Sayil te pran kriye byen fò. 17 Li di David: “Ou pi jis pase m, paske w te byen boule avè m, men mwen menm, se mal mwen fè w+. 18 Wi, jodi a, ou montre m jan w byen boule avè m, piske w pa t touye m lè Jewova te lage m nan men w lan+. 19 Paske, kiyès k ap rankontre yon ènmi l k ap kite l ale san l pa fè l anyen? Jewova ap rekonpanse w+ pou sa w fè pou mwen jodi a. 20 Kounye a, gade! Mwen konnen wè pa wè se ou k ap vin dirije antanke wa+ e wayòm Izrayèl la ap toujou pou ou. 21 Kounye a, mwen mande w pou w fè sèman devan Jewova+ ou pap elimine desandan m yo e ou pap fè non m disparèt nan fanmi papa m+.” 22 Konsa, David te fè sèman bay Sayil. Apre sa, Sayil al lakay li+. Men, David ak mesye l yo al kote yo te kache a+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje