BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 25
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Lanmò Samyèl (1)

      • Nabal mal resevwa mesye David yo (2-13)

      • Abigayil aji avèk sajès (14-35)

        • ‘Sak lavi ki nan men Jewova a’ (29)

      • Jewova touye Nabal, yon moun sòt (36-38)

      • Abigayil vin madanm David (39-44)

1 Samyèl 25:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 1:20; 2:18; 3:20; Sm 99:6
  • +1Sa 7:15, 17

1 Samyèl 25:2

Nòt anba paj

  • *

    Se yon vil nan Jida. Se pa Mòn Kamèl.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 23:24
  • +Joz 15:20, 55

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 77-78

1 Samyèl 25:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 25:25
  • +1Sa 27:3
  • +Nb 13:6; 32:11, 12
  • +1Sa 25:17, 21

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 76-77

1 Samyèl 25:6

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “se pou w gen lapè”.

1 Samyèl 25:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 25:14-16

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 78

1 Samyèl 25:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 15:7

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 78

1 Samyèl 25:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 22:2

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon, 6/2020, p. 7

    Imite, p. 78

1 Samyèl 25:11

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 78

1 Samyèl 25:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 37:8; Pw 15:1; Ekl 7:9

1 Samyèl 25:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 25:10

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 76-79

1 Samyèl 25:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 25:7

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 78

1 Samyèl 25:16

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 78

1 Samyèl 25:17

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “voryen”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 25:13
  • +1Sa 25:3

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 79

1 Samyèl 25:18

Nòt anba paj

  • *

    Yon seya egal 7,33 lit. Gade Apendis B14.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 25:3
  • +2Sa 16:1; 17:27-29

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 79

1 Samyèl 25:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 25:7
  • +1Sa 25:10; Sm 35:12

1 Samyèl 25:22

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “tout moun ki konn pipi nan mi”. Ann ebre, se yon fason yo pale de gason pou yo rabese yo.

1 Samyèl 25:24

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/11/2002, p. 4-5

1 Samyèl 25:25

Nòt anba paj

  • *

    Sa vle di: “Moun ki pa gen bonsans; Moun sòt”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 25:17

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 80

1 Samyèl 25:26

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pot delivrans”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 20:6
  • +Jen 9:6

1 Samyèl 25:27

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “benediksyon”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 25:18
  • +1Sa 22:2; 25:13

1 Samyèl 25:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 15:28; 2Sa 7:8, 11; 1Wa 9:5
  • +1Sa 17:45; 18:17
  • +1Sa 24:11; 1Wa 15:5

1 Samyèl 25:29

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm ou”.

1 Samyèl 25:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 13:13, 14; 23:17; 2Sa 6:21; 7:8; Sm 89:20

1 Samyèl 25:31

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “ou pap gen pou w balanse de bò ni ou pap gen pou w kilbite”.

  • *

    Oswa: “te pot delivrans”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 32:35; 1Sa 24:15

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 80

1 Samyèl 25:33

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pot delivrans”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 19:10; 1Sa 25:26

1 Samyèl 25:34

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “tout moun ki konn pipi nan mi”. Ann ebre, se yon fason yo pale de gason pou yo rabese yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 25:24
  • +1Sa 25:18
  • +1Sa 25:22

1 Samyèl 25:36

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 80-82

1 Samyèl 25:37

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 82

1 Samyèl 25:38

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 82

1 Samyèl 25:39

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 24:15; Sm 35:1
  • +1Sa 25:10, 14
  • +1Sa 25:34

1 Samyèl 25:41

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 18:3, 4; Lk 7:44

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 82-83

1 Samyèl 25:42

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 25:3

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 82-83

1 Samyèl 25:43

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 27:3; 2Sa 3:2; 1Kw 3:1
  • +Joz 15:20, 56
  • +1Sa 30:5; 2Sa 5:13

1 Samyèl 25:44

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 3:14, 15
  • +1Sa 18:20

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 25:11Sa 1:20; 2:18; 3:20; Sm 99:6
1 Sam. 25:11Sa 7:15, 17
1 Sam. 25:21Sa 23:24
1 Sam. 25:2Joz 15:20, 55
1 Sam. 25:31Sa 25:25
1 Sam. 25:31Sa 27:3
1 Sam. 25:3Nb 13:6; 32:11, 12
1 Sam. 25:31Sa 25:17, 21
1 Sam. 25:71Sa 25:14-16
1 Sam. 25:8Dt 15:7
1 Sam. 25:101Sa 22:2
1 Sam. 25:13Sm 37:8; Pw 15:1; Ekl 7:9
1 Sam. 25:141Sa 25:10
1 Sam. 25:151Sa 25:7
1 Sam. 25:171Sa 25:13
1 Sam. 25:171Sa 25:3
1 Sam. 25:181Sa 25:3
1 Sam. 25:182Sa 16:1; 17:27-29
1 Sam. 25:211Sa 25:7
1 Sam. 25:211Sa 25:10; Sm 35:12
1 Sam. 25:251Sa 25:17
1 Sam. 25:26Jen 20:6
1 Sam. 25:26Jen 9:6
1 Sam. 25:271Sa 25:18
1 Sam. 25:271Sa 22:2; 25:13
1 Sam. 25:281Sa 15:28; 2Sa 7:8, 11; 1Wa 9:5
1 Sam. 25:281Sa 17:45; 18:17
1 Sam. 25:281Sa 24:11; 1Wa 15:5
1 Sam. 25:301Sa 13:13, 14; 23:17; 2Sa 6:21; 7:8; Sm 89:20
1 Sam. 25:31Dt 32:35; 1Sa 24:15
1 Sam. 25:33Dt 19:10; 1Sa 25:26
1 Sam. 25:341Sa 25:24
1 Sam. 25:341Sa 25:18
1 Sam. 25:341Sa 25:22
1 Sam. 25:391Sa 24:15; Sm 35:1
1 Sam. 25:391Sa 25:10, 14
1 Sam. 25:391Sa 25:34
1 Sam. 25:41Jen 18:3, 4; Lk 7:44
1 Sam. 25:421Sa 25:3
1 Sam. 25:431Sa 27:3; 2Sa 3:2; 1Kw 3:1
1 Sam. 25:43Joz 15:20, 56
1 Sam. 25:431Sa 30:5; 2Sa 5:13
1 Sam. 25:442Sa 3:14, 15
1 Sam. 25:441Sa 18:20
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
  • 34
  • 35
  • 36
  • 37
  • 38
  • 39
  • 40
  • 41
  • 42
  • 43
  • 44
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 25:1-44

1 Samyèl

25 Rive yon lè, Samyèl+ mouri. Epi, pèp Izrayèl la te reyini ansanm pou yo kriye pou li e yo te antere l bò lakay li nan Rama+. Apre sa, David leve, li desann nan Dezè Paran.

2 Twouve, gen yon mesye ki te rete Mawon+ ki te gen bèt nan vil Kamèl*+. Misye te rich anpil. Li te gen 3 000 mouton ak 1 000 kabrit. Se te moman kote li t ap tonn mouton l yo nan Kamèl. 3 Mesye a te rele Nabal+ e madanm li te rele Abigayil+. Madanm li te gen bonsans e li te yon bèl fi. Men, mari a, ki te yon desandan Kalèb+, se yon moun ki te di e ki te konn aji mal+. 4 Pandan David nan dezè a, li te aprann Nabal ap tonn mouton l yo. 5 Se sa k fè, David te voye dis jèn gason kote l, e David di yo: “Monte Kamèl, lè nou rive kot Nabal, di l mwen voye mande l ki jan l ye. 6 Apre sa, di l: ‘Se pou w viv lontan e se pou w byen*! Se pou fanmi w byen e se pou tout sa w genyen mache byen! 7 Kounye a, mwen aprann w ap tonn mouton w yo. Lè nou te ansanm ak gadò mouton w yo nan Kamèl, nou pa t fè yo anyen ki mal+, e pandan tout tan yo te la a, yo pa t pèdi anyen. 8 Mande jèn mesye w yo y a di w. Mwen swete pou w byen resevwa jèn mesye m yo, paske nou vin kote w yon bon jou. Tanpri, bay sèvitè w yo ak pitit gason w, David, nenpòt sa w kapab+.’”

9 Se konsa, jèn mesye David yo t al di Nabal tout sa David te di yo. Lè yo fin pale, 10 Nabal reponn yo: “Kiyès ki David la, kiyès ki pitit gason Jese a? Alèkile, gen yon pakèt esklav ki sove kite kay mèt yo+. 11 Èske m dwe pran manje ak dlo lakay mwen ansanm ak vyann mwen prepare pou mesye k ap tonn mouton m yo pou m bay yon seri moun pèsonn pa konn kote yo soti?”

12 Menm kote a, jèn mesye David yo retounen al di David tout sa Nabal te di yo. 13 Lapoula, David di mesye l yo: “Nou tout, met epe nou nan ren nou+!” Se konsa, yo tout met epe yo nan ren yo e David te met epe pa l la nan ren l tou. Te gen anviwon 400 gason ki t ale ak David, e 200 lòt mesye yo te ret ak bagay yo te genyen yo.

14 Pandan tan sa a, gen youn nan sèvitè Nabal yo k al di Abigayil, madanm Nabal: “Gade! David te voye kèk nan jèn mesye l yo ki nan dezè a vin swete mèt nou an pou tout bagay mache byen pou li, men mèt nou an rele sou mesye yo e li manke yo dega+. 15 Mesye yo te byen boule anpil avèk nou. Yo pa t janm fè nou mal. Nou pa t pèdi menm yon bèt pandan tout tan nou te ansanm avèk yo nan savann nan+. 16 Yo te tankou yon miray ki pwoteje nou lajounen kou lannuit pandan tout tan nou te pase ap pran swen mouton yo bò kote yo. 17 Kounye a, deside sa w ap fè, paske gen yon malè k ap vin frape mèt nou an ak tout moun lakay li+. Misye tèlman di*+, pa gen yon moun ki ka pale avè l.”

18 Konsa, Abigayil+ kouri al pran 200 pen, de gwo bidon plen diven, senk mouton byen prepare, senk seya* grenn griye, 100 gato rezen ak 200 gato ki fèt ak fig frans yo byen peze ansanm e li mete tout sou bourik yo+. 19 Apre sa, li di sèvitè l yo: “Pran devan, mwen dèyè.” Men, li pa t di Nabal, mari l, anyen.

20 Pandan l te sou bourik li, li t ap desann mòn nan, mòn nan te bare l, e David ak mesye l yo ki t ap desann vin kontre avè l pa t wè l. Konsa, li te rankontre ak yo. 21 Men, David t ap di: “Poukisa m te bezwen pwoteje tout sa nonm sa a te genyen nan dezè a? Li pa t pèdi anyen nan sa l genyen+, epi se mal li fè m pou byen m fè pou li yo+. 22 Se pou Bondye tire revanj sou ènmi David yo e se pou l pini yo plis toujou, si mwen ta kite yon gason* ret vivan lakay Nabal rive demen maten!”

23 Lè Abigayil wè David, li kouri desann bourik la, li lage kò l fas atè devan David. 24 Epi, li lage kò l nan pye David, li di l: “Mèt mwen, se mwen ki pou peye pou sa k rive a. Pèmèt sèvant ou an pale avè w e koute sa sèvant ou an ap di w. 25 Tanpri, mèt mwen, pinga w okipe nonm sòt yo rele Nabal la+, paske non l ale avè l. Se Nabal* li rele e li pa gen bonsans lakay li. Men, mèt mwen, mwen menm, sèvant ou an, mwen pa t wè mesye w te voye yo. 26 Kounye a, mèt mwen, menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman ni devan Bondye ni devan w, se Jewova ki anpeche w+ fè san koule pou w pa vin koupab+ e ki anpeche w tire revanj* ak pwòp men w. Mèt mwen, se pou ènmi w yo ak moun k ap chèche fè w mal yo vin menm jan ak Nabal. 27 Kounye a, mèt mwen, kite jèn mesye ki ansanm avè w yo resevwa kado* sa a+ sèvant ou an pote pou ou+. 28 Tanpri, mèt mwen, padone fot sèvant ou an, paske Jewova pap manke pa fè desandan w yo vin wa pandan yon pakèt tan+, piske ou menm mèt mwen, se pou Jewova w ap fè lagè+, e pandan tout lavi w, ou pa fè okenn mechanste+. 29 Lè gen moun k ap kouri dèyè w pou touye w, lavi w* ap byen vlope anndan sak lavi ki nan men Jewova, Bondye w la, men l ap voye lavi ènmi w yo jete byen lwen tankou yon wòch yo tire ak yon flonn. 30 Epi, lè Jewova fè tout bon bagay li te pwomèt yo pou mèt mwen an e li mete w chèf pèp Izrayèl la+, 31 mèt mwen, ou pap gen pou w gen remò, ni ou pap gen pou w regrèt* poutèt ou te fè san koule san rezon e ou te tire revanj*+ avèk men w. Lè Jewova beni w, mèt mwen, pa bliye sèvant ou an.”

32 Lè sa a, David di Abigayil: “Glwa pou Jewova, Bondye Izrayèl la, ki voye w vin rankontre m jodi a! 33 Mwen swete li beni w poutèt ou gen bonsans! Mwen swete pou Bondye beni w, paske jodi a, ou anpeche m fè san koule pou m pa vin koupab+ e w anpeche m tire revanj* pou tèt mwen. 34 Menm jan li klè Jewova, Bondye Izrayèl la, vivan, li menm ki anpeche m fè nou mal+, mwen fè sèman si w pa t fè sa e si w pa t vin rankontre m byen vit+, rive demen maten, pa t ap ret yon gason* lakay Nabal+.” 35 Se konsa, David te aksepte sa l te pote pou li yo e li di l: “Ou mèt monte al lakay ou anpè. Bon! mwen koute sa w di a e m ap fè sa w mande m nan.”

36 Apre sa, Abigayil retounen al jwenn Nabal, ki t ap fè yon fèt lakay li tankou yon wa. Kè Nabal te kontan, e li te sou nan dènye limit. Abigayil pa di l anyen pou jis li jou. 37 Nan demen maten, lè Nabal pa t sou ankò, madanm li rakonte l sa k te pase a. Epi, kè Nabal te vin tankou kè yon moun ki mouri. Nabal te vin paralize, li te vin tankou yon wòch. 38 Anviwon dis jou apre, Jewova frape Nabal, epi Nabal mouri.

39 Lè David tande Nabal mouri, li di: “Glwa pou Jewova ki te defann kòz mwen+ poutèt Nabal te fè m wont+, e ki te anpeche m, mwen menm, sèvitè l la, fè sa ki mal+! Jewova fè Nabal peye mal li te fè a.” Apre sa, David voye mande Abigayil pou l vin madanm li. 40 Se konsa, mesye David yo t al kote Abigayil nan vil Kamèl, yo di l: “David voye nou vin chèche w pou w marye avè l.” 41 Lamenm, li leve e li bese fas atè, li di: “Men esklav nou an, mwen se yon sèvant ki la pou lave pye+ sèvitè mèt mwen an genyen yo.” 42 Apre sa, Abigayil+ leve byen vit, li monte sou bourik li, li fè senk nan sèvant li yo al avè l. Li ale ak mesye David te voye yo e li vin madanm David.

43 David te marye ak Ayinowam tou+, ki moun Jizreyèl+. Toule de medam yo te vin madanm li+.

44 Men, Sayil te bay Palti+, pitit gason Layis ki moun Galim, Mikal, pitit fi l la+, madanm David.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje