Amòs
6 “Malè pou moun ki byen alèz* nan Siyon yo,
Moun ki santi yo an sekirite nan mòn Samari a+,
Gwo potanta yo ki nan nasyon ki pi enpòtan pase lòt nasyon yo,
Moun pèp Izrayèl la al jwenn yo!
2 Se pou nou travèse Kalne pou n al gade.
Kite zòn nan pou n al Amat, gwo vil la+,
Desann Gat, nan peyi moun Filisti yo.
Èske yo pi bon pase wayòm sa yo*,
Oswa èske tèritwa pa yo a pi gwo pase pa nou an?
4 Nou kouche sou kabann ki fèt ann ivwa+ e nou layite kò nou sou divan+,
Pandan n ap manje vyann jenn mouton nou pran nan twoupo a ak vyann jenn bèf nou angrese yo*+.
5 Nou konpoze yon seri chante pandan n ap jwe hap*+,
E nou envante enstriman mizik menm jan ak David+.
7 Se sa k fè n ap devan nan moun ki pral ann egzil yo+,
E moun k ap layite kò yo sou divan yo ap sispann banboche.
8 Men sa Jewova, Bondye ki Chèf lame yo, di: ‘Mwen menm, Jewova, Seyè ki Souvren an, mwen fè sèman sou tèt mwen*+, mwen di:
“Mwen gen repiyans pou sa ki fè Jakòb fyè a+,
Mwen rayi fòtrès li yo ki byen pwoteje+,
E m ap lage vil la ak sa l gen ladan l yo anba men ènmi l yo+.
9 “‘“Menmsi se dis moun ki rete nan yon kay, yo menm tou y ap mouri. 10 Yon moun nan fanmi yo* ap vin pran kadav yo met deyò e l ap boule yo youn apre lòt. L ap pran zosman yo nan kay la met deyò. Apre sa, l ap di moun ki nan chanm anndan kay la: ‘Èske gen lòt moun avè w ankò?’ L ap reponn li: ‘Pa gen pèsonn.’ Epi, l ap di: ‘Ret an silans. Paske se pa moman pou moun nonmen non Jewova menm.’”
11 Paske, se Jewova ki bay lòd la+,
Gwo kay yo ap kraze, y ap vin tounen yon pil dekonm
E ti kay yo ap vin tounen yon bann debri+.
12 Èske cheval ap kouri sou mas wòch?
Oubyen èske yon moun ap raboure tè ak bèf?
Paske, nou fè sa ki jis tounen yon plant ki gen pwazon,