BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Revelasyon 21
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Revelasyon — Sa ki gen nan liv sa a

      • Yon syèl tounèf ak yon tè tounèf (1-8)

        • Pap gen lanmò ankò (4)

        • Tout bagay vin tounèf (5)

      • Nouvo Jerizalèm nan (9-27)

Revelasyon 21:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 65:17; 66:22; 2P 3:13
  • +2P 3:10; Re 20:11
  • +Eza 57:20

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè,

    12/2019, p. 6

Revelasyon 21:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 3:12
  • +Re 19:7

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Repons Bib la bay, atik 145

    Vrè adorasyon an, p. 225

    Toudegad,

    15/7/2010, p. 5

Revelasyon 21:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 37:27

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 26

    Toudegad,

    15/3/2013, p. 23

Revelasyon 21:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 7:17
  • +Eza 25:8; 1Ko 15:26
  • +Eza 35:10; 65:19

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 2

    Reveye n!,

    no 1 2021 p. 13

    Toudegad,

    1/12/2013, p. 11

    15/9/2012, p. 10

    1/10/2012, p. 25

    15/1/2012, p. 30

    1/1/2010, p. 5-6

Revelasyon 21:5

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “paske moun ka fè pawòl sa yo konfyans”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 4:2, 3
  • +2P 3:13

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè,

    12/2019, p. 6

    Pwoche bò kote Jewova, p. 96-103

Revelasyon 21:6

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Mwen se A ak Z”. Alfa ak Omega se premye ak dènye lèt nan alfabè grèk la.

  • *

    Oswa: “nan fontèn”.

  • *

    Oswa: “san peye”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 1:8; 22:13
  • +Sm 36:9; Eza 55:1; Re 7:17; 22:1

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    10/2016, p. 16

    Tradiksyon monn nouvo a, p. 1679

Revelasyon 21:7

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “ap eritye”.

Revelasyon 21:8

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1J 5:10
  • +1J 3:15
  • +Efe 5:5
  • +Jan 8:44
  • +Re 19:20
  • +Pw 10:7; Eb 10:26, 27; Re 2:11; 20:6

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Repons Bib la bay, atik 76

    Tradiksyon monn nouvo a, p. 1697

Revelasyon 21:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 15:1
  • +Re 19:7

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/3/2007, p. 9

Revelasyon 21:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eb 12:22; Re 3:12; 21:2

Revelasyon 21:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 60:1, 2
  • +Eg 24:9, 10

Revelasyon 21:12

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 225

Revelasyon 21:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 22:14

Revelasyon 21:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Mt 10:2-4; Lk 6:13-16; Tr 1:13

Revelasyon 21:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 40:3, 5

Revelasyon 21:16

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “li mezire anviwon 2 200 km”. Yon estad egal 185 m (606,95 pye). Gade Apendis B14.

Revelasyon 21:17

Nòt anba paj

  • *

    Anviwon 64 m (210 pye). Gade Apendis B14.

Revelasyon 21:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 4:3; 21:10, 11

Revelasyon 21:22

Nòt anba paj

  • *

    Gade Apendis A5.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 6:3

Revelasyon 21:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 60:19, 20; Re 22:5
  • +Jan 1:9; Tr 26:13, 15; Eb 1:3

Revelasyon 21:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 60:3

Revelasyon 21:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 60:11, 20

Revelasyon 21:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 60:5

Revelasyon 21:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 5:6; Eza 52:1; 1Ko 6:9, 10; Ga 5:19-21; Re 21:8
  • +Dn 12:1; Flp 4:3; Re 13:8

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Rev. 21:1Eza 65:17; 66:22; 2P 3:13
Rev. 21:12P 3:10; Re 20:11
Rev. 21:1Eza 57:20
Rev. 21:2Re 3:12
Rev. 21:2Re 19:7
Rev. 21:3Eze 37:27
Rev. 21:4Re 7:17
Rev. 21:4Eza 25:8; 1Ko 15:26
Rev. 21:4Eza 35:10; 65:19
Rev. 21:5Re 4:2, 3
Rev. 21:52P 3:13
Rev. 21:6Re 1:8; 22:13
Rev. 21:6Sm 36:9; Eza 55:1; Re 7:17; 22:1
Rev. 21:81J 5:10
Rev. 21:81J 3:15
Rev. 21:8Efe 5:5
Rev. 21:8Jan 8:44
Rev. 21:8Re 19:20
Rev. 21:8Pw 10:7; Eb 10:26, 27; Re 2:11; 20:6
Rev. 21:9Re 15:1
Rev. 21:9Re 19:7
Rev. 21:10Eb 12:22; Re 3:12; 21:2
Rev. 21:11Eza 60:1, 2
Rev. 21:11Eg 24:9, 10
Rev. 21:13Re 22:14
Rev. 21:14Mt 10:2-4; Lk 6:13-16; Tr 1:13
Rev. 21:15Eze 40:3, 5
Rev. 21:18Re 4:3; 21:10, 11
Rev. 21:22Eg 6:3
Rev. 21:23Eza 60:19, 20; Re 22:5
Rev. 21:23Jan 1:9; Tr 26:13, 15; Eb 1:3
Rev. 21:24Eza 60:3
Rev. 21:25Eza 60:11, 20
Rev. 21:26Eza 60:5
Rev. 21:27Sm 5:6; Eza 52:1; 1Ko 6:9, 10; Ga 5:19-21; Re 21:8
Rev. 21:27Dn 12:1; Flp 4:3; Re 13:8
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Li nan Liv ki te ekri an grèk yo
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Revelasyon 21:1-27

Revelasyon

21 Epi, mwen wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf+. Paske, ansyen syèl la ak ansyen tè a disparèt+, e lanmè a+ pa la ankò. 2 Epitou, mwen wè vil ki sen an, Nouvo Jerizalèm nan, k ap desann sot nan syèl la bò kot Bondye+. Li abiye tankou yon lamarye ki fè l bèl pou mesye li pral marye avè l la+. 3 Lè sa a, mwen tande yon vwa ki soti nan twòn nan ki di byen fò: “Gade! Tant Bondye a avèk lèzòm. Bondye pral abite avèk yo, e yo pral vin pèp li. E Bondye li menm ap avèk yo+. 4 L ap siye tout dlo nan je yo+, pap gen lanmò ankò+, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò+. Ansyen bagay yo disparèt.”

5 E Sila a ki chita sou twòn nan+ di: “Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf+.” Li di tou: “Ekri sa, paske pawòl sa yo fidèl* e yo se laverite.” 6 Epi li di m: “Yo reyalize! Mwen se Alfa ak Omega*, kòmansman an ak finisman an+. Nenpòt moun ki swaf, m ap ba l dlo ki soti nan sous* dlo lavi a gratis*+. 7 Moun ki pote laviktwa a ap resevwa* bagay sa yo. M ap vin Bondye l, e l ap vin pitit mwen. 8 Men, kanta pou moun ki lach, moun ki pa gen lafwa+, moun ki repiyan nan fè salte, asasen+, moun k ap fè imoralite seksyèl*+, moun k ap pratike bagay ki gen rapò ak movèzespri, moun k ap adore zidòl, ansanm ak tout moun k ap bay manti+, pòsyon pa yo se nan letan ki gen dife ak souf la l ap ye+. Sa reprezante dezyèm lanmò a+.”

9 Gen youn nan sèt zanj ki te gen sèt bòl ki te plen ak sèt dènye kalamite yo+ ki vini, li pale avè m, li di: “Vin isit, mwen pral montre w lamarye a, madanm Ti Mouton an+.” 10 Lè sa a, pa mwayen lespri sen, li mennen m sou yon gwo mòn ki wo anpil, epi li montre m Jerizalèm, vil ki sen an, k ap desann sot nan syèl la bò kot Bondye+ 11 e ki gen glwa Bondye+. Fason l te klere a te sanble ak yon pyè ki gen anpil anpil valè, tankou yon pyè jasp ki klere kou kristal+. 12 Vil la te gen yon gwo miray byen wo, li te gen 12 pòtay e te gen 12 zanj, youn nan chak pòtay. Te gen non ki ekri sou pòtay yo, se te non 12 tribi pitit Izrayèl yo. 13 Nan lès te gen twa pòtay, nan nò te gen twa pòtay, nan sid te gen twa pòtay, e nan lwès te gen twa pòtay+. 14 Epitou, fondasyon miray vil la te fèt ak 12 wòch, e yo te gen non 12 apot+ Ti Mouton an ekri sou yo.

15 Twouve, moun ki t ap pale avè m nan te gen yon wozo annò nan men l. Li te sèvi avè l kòm mezi pou l mezire ni vil la, ni pòtay yo, ni miray la+. 16 Vil la te gen yon fòm kare, longè l te egal ak lajè l. Epi, zanj lan mezire vil la ak wozo a, li jwenn li mezire 12 000 estad*. Ni longè l, ni lajè l, ni wotè l te egal. 17 Epitou, li mezire miray la, li jwenn li mezire 144 koude*, ki se yon mezi ni moun ni zanj itilize. 18 Miray la te fèt ak jasp+, e vil la te fèt ak lò ki pirifye e ki klè kou kristal. 19 Fondasyon miray vil la te fèt ak tout kalite pyè ki gen anpil valè: premye pyè nan fondasyon an se te jasp, dezyèm nan se te safi, twazyèm nan se te kalsedwàn, katriyèm nan se te emwòd, 20 senkyèm nan se te sadoniks, sizyèm nan se te sadwàn, setyèm nan se te krizolit, uityèm nan se te beril, nevyèm nan se te topaz, dizyèm nan se te krizopraz, onzyèm nan se te yasent, e douzyèm nan se te ametis. 21 Epitou, 12 pòtay yo se te 12 grenn pèl, chak pòtay te fèt ak yon pèl. Gran wout vil la te fèt ak lò ki pirifye e ki klè kou kristal.

22 Mwen pa t wè tanp nan vil la, paske se Jewova* Dye, li menm ki Toupisan an+, ak Ti Mouton an ki te tanp li. 23 E vil la pa t bezwen ni solèy ni lalin pou klere l, paske glwa Bondye te klere l+, e se Ti Mouton an ki te lanp li+. 24 Limyè l pral pèmèt nasyon yo mache+, e wa latè yo ap pote glwa yo genyen an ladan l. 25 Pòtay li yo pap janm fèmen lajounen, e lannuit pap egziste la menm+. 26 Y ap pote glwa ak onè nasyon yo ladan l+. 27 Men, pa gen anyen ki pa pwòp k ap antre anndan l+, ni moun k ap fè zak ki repiyan, ni moun ki pa onèt. Sèl moun k ap antre ladan l, se moun non yo ekri nan woulo lavi a ki pou Ti Mouton an+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje