BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Samyèl 10
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Viktwa sou Amon ak Siri (1-19)

2 Samyèl 10:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 19:36, 38; Jj 10:7; 11:12, 33; 1Sa 11:1
  • +1Kw 19:1-5

2 Samyèl 10:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 19:27

2 Samyèl 10:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 18:21

2 Samyèl 10:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 13:21
  • +2Sa 8:5
  • +Joz 13:13
  • +1Kw 19:6, 7

2 Samyèl 10:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 23:8; 1Kw 19:8, 9

2 Samyèl 10:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 19:10-13

2 Samyèl 10:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 26:6; 2Sa 2:18; 23:18; 1Kw 2:15, 16
  • +Nb 21:24

2 Samyèl 10:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 31:6
  • +Sm 37:5; 44:5; Pw 29:25

2 Samyèl 10:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 19:14, 15

2 Samyèl 10:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 19:16

2 Samyèl 10:16

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de Rivyè Efrat.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 8:3-5
  • +Jen 15:18; Eg 23:31

2 Samyèl 10:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 19:17-19

2 Samyèl 10:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 20:1; Sm 18:37, 38

2 Samyèl 10:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 15:18; Dt 20:10, 11

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Sam. 10:1Jen 19:36, 38; Jj 10:7; 11:12, 33; 1Sa 11:1
2 Sam. 10:11Kw 19:1-5
2 Sam. 10:4Le 19:27
2 Sam. 10:5Joz 18:21
2 Sam. 10:6Nb 13:21
2 Sam. 10:62Sa 8:5
2 Sam. 10:6Joz 13:13
2 Sam. 10:61Kw 19:6, 7
2 Sam. 10:72Sa 23:8; 1Kw 19:8, 9
2 Sam. 10:91Kw 19:10-13
2 Sam. 10:101Sa 26:6; 2Sa 2:18; 23:18; 1Kw 2:15, 16
2 Sam. 10:10Nb 21:24
2 Sam. 10:12Dt 31:6
2 Sam. 10:12Sm 37:5; 44:5; Pw 29:25
2 Sam. 10:131Kw 19:14, 15
2 Sam. 10:151Kw 19:16
2 Sam. 10:162Sa 8:3-5
2 Sam. 10:16Jen 15:18; Eg 23:31
2 Sam. 10:171Kw 19:17-19
2 Sam. 10:18Dt 20:1; Sm 18:37, 38
2 Sam. 10:19Jen 15:18; Dt 20:10, 11
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Samyèl 10:1-19

2 Samyèl

10 Annapre, wa desandan Amon yo+ mouri e Anoun, pitit gason l lan, vin wa nan plas li+. 2 Lè David aprann sa, li di: “M ap demontre yon lanmou ki fidèl pou Anoun, pitit gason Nahach la, menm jan papa l te demontre yon lanmou ki fidèl pou mwen.” Se sa k fè David te voye kèk nan sèvitè l yo al konsole Anoun ki te pèdi papa l. Men, lè sèvitè David yo rive nan peyi desandan Amon yo, 3 prens nan peyi desandan Amon yo di Anoun, mèt yo a: “Ou panse se onore David vle onore papa w ki fè l voye moun vin konsole w? Èske se pa pou egzamine vil la, pou espyone l e pou kraze l ki fè David voye sèvitè l yo kote w?” 4 Se sa k fè Anoun te pran sèvitè David yo, li koupe mwatye nan bab yo+, li koupe rad ki sou yo wotè dèyè yo epi li voye yo ale. 5 Lè yo vin di David sa, menm kote a, li voye kèk mesye al rankontre yo, paske yo te imilye mesye yo anpil. Epi, wa David voye di yo: “Rete Jeriko+ jiskaske bab nou pouse ankò, apre sa n a retounen.”

6 Rive yon lè, desandan Amon yo vin rann yo kont David pa vle wè yo. Se sa k fè desandan Amon yo te voye chèche moun Siri ki abite Bètreyòb+ ak moun Siri ki abite Soba+ e yo te peye 20 000 sòlda apye pami yo, yo te peye wa Maaka a+ ansanm ak 1 000 gason ki te avè l e yo te peye 12 000 gason ki soti nan Ichtòb pou y al nan lagè a avèk yo+. 7 Lè David tande sa, li voye Jowab ak tout lame a nan lagè a, san wete sòlda ki pi vanyan li genyen yo+. 8 Epi, desandan Amon yo te soti e yo te pran pozisyon yo nan antre vil la pou yo fè lagè pandan moun Siri ki soti Soba ak Reyòb yo ansanm ak moun Ichtòb ak Maaka yo te poukont yo nan savann nan.

9 Lè Jowab wè sòlda yo ap vin atake l ni devan ni dèyè, li chwazi kèk nan pi bon gwoup sòlda ki te gen ann Izrayèl yo, li ranje yo nan pozisyon pou y al batay ak moun Siri yo+. 10 Li te met Abichayi, frè l la+, alatèt rès sòlda yo pou ranje yo nan pozisyon pou y al batay ak desandan Amon yo+. 11 Epi, li di l: “Si moun Siri yo twò fò pou mwen, ou dwe vin pote m sekou. Men, si desandan Amon yo vin twò fò pou ou, m ap vin pote w sekou. 12 Nou dwe met kouraj+ sou nou pou n batay pou pèp nou an e pou vil Bondye nou an ban nou yo, epi Jewova ap fè sa ki fè l plezi+.”

13 Epi, Jowab ak mesye ki te avè l yo te avanse pou yo batay ak moun Siri yo, men, moun Siri yo te kouri pou li+. 14 Lè desandan Amon yo wè moun Siri yo kouri, yo kouri pou Abichayi e yo antre nan vil la. Apre Jowab fin pot laviktwa sou desandan Amon yo, li retounen Jerizalèm.

15 Lè moun Siri yo wè pèp Izrayèl la pot laviktwa sou yo, yo tout rasanble+. 16 Se konsa, Adadezè+ te voye chèche moun Siri yo nan zòn Rivyè a*+, e yo t ale Elam avèk Chobak, chèf lame Adadezè a, ki te alatèt yo.

17 Lè yo vin bay David nouvèl la, menm kote a, li te rasanble tout lame Izrayèl la, li travèse Rivyè Jouden an e li rive Elam. Lè sa a, moun Siri yo ranje yo pou y al batay ak David e yo te fè lagè avè l+. 18 Men, moun Siri yo te kouri pou pèp Izrayèl la, e David te touye 700 sòlda ki t ap kondui charyo ak 40 000 sòlda Siri ki te konn monte cheval. Li te touye Chobak, chèf lame yo a+. 19 Lè tout wa yo, sèvitè Adadezè yo wè pèp Izrayèl la pote laviktwa sou yo, yo kouri fè lapè ak pèp Izrayèl la byen vit e yo te vin anba kontwòl yo+. Apre sa, moun Siri yo te vin pè e yo pa t vle ede desandan Amon yo ankò.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje