Levitik
6 Apre sa, Jewova di Moyiz: 2 “Men sa yon moun* dwe fè si l peche e li montre li pa fidèl devan Jewova+ lè l twonpe yon pwochen l ki te konfye l yon bagay+ oswa ki te ba l kenbe yon bagay, oubyen lè l vòlè afè yon pwochen l, 3 oubyen si li jwenn yon bagay yon moun te pèdi, men li kache sa, e li fè sèman li pa t fè youn nan peche sa yo, alòske li konnen se manti+ l ap bay: 4 Si l peche e li koupab, se pou l remèt bagay li te vòlè a, bagay yo te konfye l la, oswa bagay ki pèdi li jwenn nan, 5 oswa nenpòt bagay li te fè sèman li pa t pran, alòske li te konnen se manti li t ap bay. Li dwe remèt mèt bagay la tout sa li te pran an plis 20 pousan valè bagay la+. L ap fè sa nan jou yo jwenn prèv se li ki koupab la. 6 L ap mennen sakrifis ki montre li koupab devan Jewova a bay prèt la. L ap chwazi yon mal mouton selon pri yo fikse a. Se yon sakrifis ki montre li koupab+. 7 Prèt la ap ofri l bay Jewova pou moun nan ka vin pwòp, e moun nan ap jwenn padon pou nenpòt sa l te fè ki fè l vin koupab la+.”
8 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 9 “Men sa pou w di Arawon ak pitit gason l yo: ‘Men lwa konsènan sakrifis pou yo boule nèt yo+: Sakrifis n ap boule nèt la ap rete sou fwaye lotèl la pandan tout nuit lan pou jis demen maten, e n ap fè dife a rete limen sou lotèl la. 10 Prèt la ap abiye ak rad ofisyèl li a ki fèt an len+ e l ap met kalson len an+ sou li pou kouvri kò l. Apre sa, l ap retire sann*+ ki rete sou lotèl la apre ofrann nan fin boule a e l ap mete l akote lotèl la. 11 Apre sa, l ap chanje rad+ sou li e l ap pote sann yo yon kote ki pwòp, pa deyò kan an+. 12 Dife a dwe ret limen sou lotèl la. Yo pa dwe kite l mouri. Prèt la ap boule bwa+ sou li chak maten e l ap ranje sakrifis y ap boule nèt la sou bwa a e l ap boule grès sakrifis kominyon* yo sou li+. 13 Dwe toujou gen dife k ap boule sou lotèl la. Yo pa dwe kite l mouri.
14 “‘Men lwa konsènan ofrann manje angren an+: Se pitit gason Arawon yo k ap ofri l bay Jewova devan lotèl la. 15 Youn nan yo ap pran yon ponyen nan bon farin yo ofri kòm manje angren an ak enpe nan luil ki sou farin nan ak tout lansan blan ki sou li a e l ap boule l sou lotèl la kòm yon echantiyon pou Jewova kòm yon bagay k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*+. 16 Arawon ak pitit gason l yo ap manje sa ki rete nan ofrann nan+. Y ap fè pen san ledven avè l pou yo manje nan yon kote ki sakre. Y ap manje l nan lakou tant reyinyon an+. 17 Yo pa dwe prepare l avèk ledven+. Se yon pòsyon mwen ba yo nan ofrann yo boule pou mwen yo+. Se yon bagay ki sakre anpil+, menm jan ak sakrifis pou peche a ak sakrifis ki montre yon moun koupab la. 18 Tout gason pami pitit Arawon yo ap manje l+. Jenerasyon apre jenerasyon, se yon pòsyon y ap toujou resevwa nan ofrann yo boule pou Jewova yo+. Kèlkeswa bagay ki touche yo*, bagay sa a ap sakre.’”
19 Apre sa, men sa Jewova di Moyiz: 20 “Men ofrann Arawon ak pitit gason l yo ap toujou prezante Jewova nan jou y ap mete yo nan fonksyon yo antanke prèt la+: yon dizyèm efa*+ bon farin, kòm manje angren y ap ofri Bondye+. Y ap bay mwatye nan maten e y ap bay lòt mwatye a nan aswè. 21 Se pou yo kuit li avèk luil sou yon platin+. W ap byen melanje l ak luil, w ap kase l fè ti moso e w ap prezante l kòm manje angren ki kuit w ap ofri Jewova, yon ofrann k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*. 22 Se pitit gason Arawon ki ranplase l kòm prèt la+ k ap ofri l. Se yon kòmandman k ap la pandan anpil tan. Y ap boule tout ofrann nan pou Jewova. 23 Tout manje angren yon prèt ap bay kòm ofrann, yo dwe boule l nèt. Pèsonn pa dwe manje l.”
24 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 25 “Men sa pou w di Arawon ak pitit gason l yo: ‘Men lwa sou sakrifis pou peche a+: Se kote yo touye bèt y ap ofri kòm sakrifis yo boule nèt yo+ y ap touye bèt y ap ofri Jewova kòm sakrifis pou peche a. Se yon bagay ki sen anpil. 26 Se prèt ki ofri sakrifis pou peche a k ap manje l+. L ap manje l yon kote ki sakre, nan lakou tant reyinyon an+.
27 “‘Kèlkeswa bagay ki touche vyann bèt sa a, bagay sa a ap sakre. Si enpe nan san l vole sou rad yon moun, se pou w lave rad la yon kote ki sakre. 28 Si yo te sèvi ak yon veso ki fèt an tè pou yo bouyi l, w ap kraze veso a. Men, si se nan yon veso ki fèt an kuiv yo bouyi l, se pou w foubi veso a e se pou w lave l ak dlo.
29 “‘Tout gason ki prèt ap manje l+. Se yon bagay ki sen anpil+. 30 Men, yo pa dwe manje okenn bèt yo te ofri kòm sakrifis pou peche si yo te antre ak enpe nan san bèt la nan tant reyinyon an pou yo jwenn padon pou peche ki te fèt la+. Se pou yo boule bèt la nan dife.