Oze
14 “O Izrayèl, se pou w retounen vin jwenn Jewova, Bondye w la+,
Paske se peche w fè ki fè w bite e ki fè w tonbe.
2 Retounen vin jwenn Jewova, e men sa pou w di l.
Di l: ‘Tanpri, padone peche nou yo+ e aksepte sa ki bon nan men nou.
Epi, n ap fè louwanj pou ou ak bouch nou+ tankou se sakrifis towo bèf nou t ap fè pou ou*.
3 Asiri pap sove nou+.
Nou pap monte sou cheval+,
E n ap sispann di travay nou fè ak men nou yo: “Nou se Bondye nou!”
Paske, se ou menm ki fè timoun ki pa gen papa a mizèrikòd+.’
4 M ap geri yo e yo pap aji yon fason ki montre yo pa fidèl ankò+.
M ap renmen yo san pèsonn pa fòse m+,
Paske mwen pa an kòlè sou yo ankò+.
5 M ap vin tankou lawouze pou pèp Izrayèl la.
L ap fleri tankou flè lis
E l ap pouse rasin menm jan ak pyebwa ki nan Liban yo.
6 L ap gen boujon toupatou,
L ap bèl tankou pye oliv
E l ap santi bon menm jan ak pyebwa ki nan Liban yo.
7 Pèp mwen an ap ret anba lonbray mwen.
Y ap plante manje angren, y ap boujonnen tankou pye rezen+.
Moun ap pale de* mwen jan yo konn pale de diven ki sot Liban.