BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Levitik 10
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Levitik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Jewova voye yon dife touye Nadab ak Abiyou (1-7)

      • Lwa pou prèt yo suiv sou sa pou yo bwè ak sa pou yo manje (8-20)

Levitik 10:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 6:23; 1Kw 24:2
  • +Eg 30:34, 35; Le 16:12
  • +Eg 30:9; Le 10:9; 16:1, 2

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/6/2004, p. 31

Levitik 10:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 16:35
  • +Nb 26:61

Levitik 10:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 19:22

Levitik 10:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 6:18

Levitik 10:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 21:10

Levitik 10:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 28:41; Le 8:12; 21:11, 12

Levitik 10:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 44:21

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/11/2014, p. 17

    1/12/2004, p. 30

    1/6/2004, p. 31

Levitik 10:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 44:23

Levitik 10:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 33:10; 2Kw 17:8, 9; Ne 8:7, 8; Mal 2:7

Levitik 10:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 6:14, 16
  • +Le 21:22

Levitik 10:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 6:26; Nb 18:10

Levitik 10:14

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ofrann lapè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 29:26-28; Le 7:31, 34; 9:21
  • +Le 22:13; Nb 18:11

Levitik 10:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Ko 9:13

Levitik 10:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 9:3, 15

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/2/2011, p. 12

Levitik 10:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 6:25, 26; Eze 44:29

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/2/2011, p. 12

Levitik 10:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 6:29, 30

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/2/2011, p. 12

Levitik 10:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 9:8, 12

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/2/2011, p. 12

Levitik 10:20

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/2/2011, p. 12

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Lev. 10:1Eg 6:23; 1Kw 24:2
Lev. 10:1Eg 30:34, 35; Le 16:12
Lev. 10:1Eg 30:9; Le 10:9; 16:1, 2
Lev. 10:2Nb 16:35
Lev. 10:2Nb 26:61
Lev. 10:3Eg 19:22
Lev. 10:4Eg 6:18
Lev. 10:6Le 21:10
Lev. 10:7Eg 28:41; Le 8:12; 21:11, 12
Lev. 10:9Eze 44:21
Lev. 10:10Eze 44:23
Lev. 10:11Dt 33:10; 2Kw 17:8, 9; Ne 8:7, 8; Mal 2:7
Lev. 10:12Le 6:14, 16
Lev. 10:12Le 21:22
Lev. 10:13Le 6:26; Nb 18:10
Lev. 10:14Eg 29:26-28; Le 7:31, 34; 9:21
Lev. 10:14Le 22:13; Nb 18:11
Lev. 10:151Ko 9:13
Lev. 10:16Le 9:3, 15
Lev. 10:17Le 6:25, 26; Eze 44:29
Lev. 10:18Le 6:29, 30
Lev. 10:19Le 9:8, 12
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Levitik 10:1-20

Levitik

10 Annapre, Nadab ak Abiyou+, pitit gason Arawon yo, pran veso pou boule lansan yo+. Yo chak pran veso pa yo, yo mete chabon dife ladan yo, yo mete lansan sou yo e yo kòmanse boule lansan pou Jewova san yo pa t gen dwa+, piske Bondye pa t ba yo lòd pou yo fè sa. 2 Lè sa a, Jewova voye yon dife sou yo ki boule yo+ e yo mouri devan Jewova+. 3 Apre sa, Moyiz di Arawon: “Men sa Jewova di: ‘Moun ki pre m yo+ dwe rekonèt mwen sen e pèp la dwe ban m glwa.’” Arawon pa t di anyen.

4 Annapre, Moyiz rele Michayèl ak Elizafan, pitit gason Ouzyèl+, tonton Arawon, e li di yo: “Vini non, pran frè nou yo devan kote ki sakre a epi al mete yo yon kote pa deyò kan an.” 5 Se sa k fè, yo vini, epi yo pote Nadab ak Abiyou ale ak tout wòb yo sou yo e y al mete yo yon kote pa deyò kan an, jan Moyiz te ba yo lòd la.

6 Apre sa, men sa Moyiz di Arawon ak pitit gason Arawon yo, Eleyaza ak Itama: “Pinga nou kite cheve nan tèt nou gaye, e pinga nou chire rad sou nou+ pou nou pa mouri e pou Bondye pa fache ak tout pèp la. Frè nou yo, anpalan de tout pèp Izrayèl la, gen pou yo kriye pou moun Jewova touye ak dife yo. 7 Nou pa dwe sot devan antre tant reyinyon an pou nou pa mouri, paske luil onksyon Jewova a sou nou+.” Vrèmanvre, yo suiv sa Moyiz te di yo a.

8 Apre sa, Jewova di Arawon: 9 “Ni ou menm, ni pitit gason w yo pa dwe bwè diven oswa lòt bwason ki gen alkòl lè nou pral antre nan tant reyinyon an+, yon fason pou nou pa mouri. Se yon kòmandman nou dwe toujou obeyi jenerasyon apre jenerasyon. 10 Konsa, n ap kapab fè diferans ant bagay ki sakre ak bagay ki pa sakre, ant bagay ki pa pwòp ak bagay ki pwòp+ 11 e n ap kapab anseye Izrayelit yo tout lwa Jewova te ba yo pa mwayen Moyiz yo+.”

12 Apre sa, Moyiz rele Arawon ak pitit gason Arawon ki te rete yo, Eleyaza ak Itama, e li di: “Pran manje angren ki rete nan ofrann yo boule pou Jewova yo epi fè pen san ledven avè l pou nou manje toupre lotèl la+, paske se yon bagay ki sen anpil+. 13 N ap manje l yon kote ki sakre+, paske se pòsyon pa w e se pòsyon pitit gason w yo ki soti nan sakrifis yo boule pou Jewova yo, paske se lòd sa a mwen resevwa. 14 Mete sou sa, n ap manje pwatrin yo balanse kòm ofrann ki balanse a ak jigo pòsyon ki sakre a+ nan yon kote ki pwòp, ni ou menm, ni pitit gason w yo, ni pitit fi w yo+, paske se bagay sa yo ou menm ak pitit gason w yo resevwa kòm pòsyon pa nou nan sakrifis kominyon* Izrayelit yo. 15 Y ap pote jigo pòsyon ki sakre a ak pwatrin y ap ofri kòm ofrann ki balanse a ansanm ak grès y ap boule a pou yo ka balanse ofrann balanse a devan Jewova. Pòsyon sa a ap toujou pou ou ak pitit gason w yo+, jan Jewova te bay lòd la.”

16 Epi, Moyiz tonbe chèche kabrit yo te ofri kòm sakrifis pou peche a+. Men, li te vin aprann yo te boule l. Se sa k fè li pa t kontan menm ak pitit gason Arawon ki te rete yo, Eleyaza ak Itama, e li di yo: 17 “Poukisa nou pa t manje sakrifis pou peche a nan kote ki sakre a+? Se yon bagay ki sakre anpil e yo te ban nou l pou nou ka retire peche pèp la epi fè l jwenn padon nan men Jewova. 18 Gade! Nou pa t antre ak san an anndan kote ki sakre a+. Nou te dwe manje sakrifis pou peche a nan kote ki sakre a, jan Bondye te ban m lòd la.” 19 Arawon di Moyiz: “Tande, jodi a, yo ofri Jewova yon sakrifis pou peche ak yon sakrifis yo boule nèt+ e gade sa k rive m. Si m te manje sakrifis pou peche a jodi a, èske sa t ap fè Jewova plezi?” 20 Lè Moyiz te tande sa, sa te fè l kontan.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje