Levitik
4 Apre sa, Jewova di Moyiz: 2 “Men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Men sa k dwe fèt si yon moun* peche san l pa fè espre+, si l fè nenpòt nan bagay Jewova te bay lòd pou nou pa fè yo:
3 “‘Si prèt+ Bondye chwazi a peche+ e sa fè tout pèp la vin koupab, lè sa a, se pou l bay yon jenn towo bèf ki pa gen okenn domaj kòm sakrifis pou Jewova pou peche li fè a+. 4 L ap vin ak towo bèf la devan antre tant reyinyon an+, devan Jewova, l ap mete men l sou tèt towo bèf la e l ap touye l devan Jewova+. 5 Apre sa, prèt Bondye chwazi a+ ap pran enpe nan san towo bèf la, l ap antre nan tant reyinyon an avè l, 6 l ap tranpe dwèt li nan san an+ e l ap voye enpe nan san an sèt fwa+ devan Jewova, devan rido ki nan kote ki sakre a. 7 Mete sou sa, prèt la ap mete enpe nan san an sou kòn lotèl pou boule lansan santi bon an+ ki devan Jewova nan tant reyinyon an, apre sa, l ap vide tout rès san towo bèf la nan pye lotèl pou ofri sakrifis y ap boule nèt+ yo ki devan antre tant reyinyon an.
8 “‘Apre sa, l ap retire tout grès ki nan towo bèf li te ofri kòm sakrifis pou peche a, sa gen ladan l grès ki kouvri trip yo ak tout grès ki antoure trip yo, 9 de ren yo ak grès ki sou yo a ki toupre do bèt la ansanm ak grès ki sou fwa a+. 10 L ap retire menm grès li retire nan towo bèf yo bay kòm sakrifis kominyon an*+. Prèt la ap boule yo sou lotèl pou ofri sakrifis y ap boule nèt yo.
11 “‘Men, kanta pou po towo bèf la, vyann li, tèt li, pye l, trip li ak poupou ki anndan l lan+, 12 wi, tout rès towo bèf la, l ap fè yo soti avèk yo pa deyò kan an pou yo ale avèk yo nan zòn ki pwòp kote yo jete sann yo*, l ap limen yon dife ak bwa e l ap boule yo sou li+. Se kote yo jete sann yo pou l boule yo.
13 “‘Si tout pèp Izrayèl la koupab paske yo fè yon peche san yo pa t fè espre+, si yo te fè yon bagay yo pa t konnen Jewova te bay lòd pou yo pa fè+, 14 men apre sa, yo vin konnen yo te peche, lè sa a, pèp la dwe vin ak yon jenn towo bèf devan tant reyinyon an kòm sakrifis pou peche yo fè a. 15 Ansyen ki nan pèp la ap mete men yo sou tèt towo bèf la devan Jewova, e y ap touye l devan Jewova.
16 “‘Apre sa, prèt Bondye chwazi a ap pran enpe nan san towo bèf la, l ap antre nan tant reyinyon an avè l, 17 l ap tranpe dwèt li nan san an e l ap voye enpe nan san an sèt fwa devan Jewova, devan rido a+. 18 Epitou, l ap mete enpe nan san an sou kòn lotèl la+ ki devan Jewova nan tant reyinyon an, apre sa, l ap vide tout rès san an nan pye lotèl pou ofri sakrifis y ap boule nèt yo ki devan antre tant reyinyon an+. 19 Apre sa, l ap retire tout grès ki nan towo bèf la e l ap boule l sou lotèl la+. 20 Prèt la ap fè towo bèf sa a menm sa li fè towo bèf l ap ofri lè se li ki peche a. L ap fè sakrifis sa a pou l pirifye pèp la anba peche l fè a+ e pou yo ka jwenn padon pou peche a. 21 L ap fè yo pote rès bèf la pa deyò kan an e l ap boule l menm jan l ap boule towo bèf+ l ap ofri lè se li ki peche a. Se yon sakrifis pou peche pèp la+.
22 “‘Lè yon chèf+ nan mitan pèp la peche san se pa espre li fè, si l fè nenpòt nan bagay Jewova, Bondye l la, te bay lòd pou moun pa fè e li vin koupab, 23 oswa si l vin konnen li te peche paske l pa t respekte yon kòmandman, lè sa a, li dwe vin ak yon jenn bouk kabrit ki pa gen okenn domaj kòm ofrann pou Bondye. 24 L ap mete men l sou tèt kabrit la e y ap touye kabrit la menm kote yo touye bèt y ap ofri kòm sakrifis yo boule nèt pou Jewova yo+. Se yon sakrifis pou peche. 25 Prèt la ap pran enpe nan san bèt li te ofri kòm sakrifis pou peche a ak dwèt li, l ap mete l sou kòn+ lotèl pou ofri sakrifis y ap boule nèt yo e l ap vide rès san an nan pye lotèl la+. 26 Prèt la ap boule tout grès bèt la sou lotèl la jan sa fèt pou sakrifis kominyon an+, l ap ofri l pou l pirifye chèf la anba peche l, e chèf la ap jwenn padon pou peche l te fè a.
27 “‘Si yon moun* nan mitan pèp la fè yon peche san l pa fè espre e li koupab paske li fè yon bagay Jewova bay lòd pou moun pa fè+, 28 oubyen si l vin konnen li fè yon peche, lè sa a, l ap ofri yon jenn femèl kabrit ki pa gen okenn domaj pou peche li fè a. 29 L ap met men l sou tèt bèt li ofri kòm sakrifis pou peche a e y ap touye bèt la menm kote yo touye bèt yo ofri kòm sakrifis yo boule nèt+ pou Bondye yo. 30 Prèt la ap pran enpe nan san bèt la ak dwèt li, l ap mete l sou kòn lotèl pou ofri sakrifis y ap boule nèt yo e l ap vide tout rès san an nan pye lotèl la+. 31 L ap pran tout grès bèt sa a+, menm jan yo pran grès sakrifis kominyon an+ e l ap boule grès la sou lotèl la kòm yon sakrifis pou Jewova k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*. Prèt la ap ofri l pou l pirifye moun nan anba peche l fè a e moun nan ap jwenn padon pou peche a.
32 “‘Si se yon mouton l ap ofri kòm sakrifis pou peche l fè a, li dwe ofri yon ti femèl ki pa gen okenn domaj. 33 L ap met men l sou tèt bèt l ap ofri kòm sakrifis pou peche l la e y ap touye l pou li kote yo touye bèt y ap ofri kòm sakrifis yo boule nèt+ pou Bondye yo. 34 Prèt la ap pran enpe nan san bèt li ofri kòm sakrifis pou peche a ak dwèt li, l ap mete l sou kòn lotèl pou ofri sakrifis y ap boule nèt yo+ e l ap vide tout rès san an nan pye lotèl sa a. 35 Prèt la ap pran tout grès bèt la menm jan yo pran grès jenn mal mouton yo ofri kòm sakrifis kominyon an, e l ap boule yo sou lotèl la anlè ofrann y ap boule nan dife+ pou Jewova yo. Prèt la ap ofri l pou l pirifye moun nan anba peche l fè a e moun nan ap jwenn padon pou peche a+.