Jenèz
14 Twouve, nan epòk sa a, Amrafèl, wa Chineya+, Aryòk, wa Elaza, Kedòlawomè+, wa Elam+, ak Tidal, wa Goyim, 2 t ap fè lagè ak Bera, wa Sodòm+, Bicha, wa Gomò+, Chinab, wa Adma, Chemebè, wa Seboyim+, ak wa Bela a, sa vle di wa Sowa a. 3 Tout wa sa yo* te rasanble lame yo nan Vale Sidim+, sètadi Lanmè Sale*+.
4 Yo* te pase 12 an ap sèvi Kedòlawomè, men yo te revòlte sou 13yèm ane a. 5 Konsa, nan 14yèm ane a, Kedòlawomè ak wa ki te ansanm avè l yo t al fè lagè ak Refayim nan Astewòt Kanayim, Zouzim nan Kam, Emim+ nan Chave Kiryatayim, 6 ak Orit yo+ nan Mòn Seyi+, kote yo te abite a, rive jis Èlparan, ki bò dezè a. 7 Apre sa, yo kase tèt tounen, y ale Ennmispa, sa vle di Kadès+, e yo pran tout tèritwa moun Amalèk yo+ ak tout tèritwa Amorit yo+ ki te abite Azazontama+.
8 Lè sa a, wa Sodòm nan te deplase ansanm ak wa Gomò a, wa Adma a, wa Seboyim nan ak wa Bela a, sa vle di wa Sowa a, e yo te pran pozisyon nan Vale Sidim pou yo batay 9 ak Kedòlawomè, wa Elam, Tidal, wa Goyim, Amrafèl, wa Chineya, ak Aryòk, wa Elaza+. Yo te kat kont senk. 10 Twouve, Vale Sidim te gen anpil twou ki te plen goudwon. Pandan wa Sodòm ak Gomò yo t ap eseye chape, yo te tonbe ladan yo, e lòt wa ki te rete yo te kouri al nan mòn. 11 Wa ki te pot laviktwa yo te pran tout byen Sodòm ak Gomò yo ak tout manje moun yo e yo t al fè wout yo+. 12 Epitou, yo te pran Lòt, pitit frè Abram nan, ki te abite Sodòm+, ansanm ak tout byen l yo, e yo te kontinye wout yo.
13 Apre sa, gen yon mesye ki te chape ki te vin rakonte Abram, Ebre a, sa k te pase a. Lè sa a Abram te abite pami gwo pyebwa ki te pou Mamre yo, Amorit la+, frè Echkòl ak Anè+, yo menm ki te fè alyans ak Abram. 14 Se konsa, Abram vin aprann yo te pran fanmi l lan tou+. Se sa k fè li te rasanble 318 esklav, yon seri mesye ki te fèt lakay li e ki te aprann batay, epi li pati dèyè moun yo rive jis Dann+. 15 Pandan nuit lan, li fè mesye yo fè plizyè gwoup, epi li menm avèk yo te atake moun yo e yo te genyen batay la. Li te kouri dèyè yo rive jis Oba, nan nò Damas. 16 Li te repran tout byen yo te pran yo, li te repran Lòt, fanmi l lan, byen Lòt yo, medam yo ak tout lòt moun yo.
17 Apre Abram ki te sot pot laviktwa sou Kedòlawomè ak lòt wa ki te avè l yo, wa Sodòm nan t al rankontre Abram nan Vale Chave, sa vle di Vale Wa a+. 18 Epi, Mèlkisedèk+, wa Salèm nan+, te pote manje ak diven. Se li ki te prèt Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an+.
19 Li te beni Abram, li te di:
“Mwen swete pou Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an,
Sila a ki fè syèl la ak tè a, beni Abram.
20 Glwa pou Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an,
Ki lage ènmi w yo nan men w!”
Epi, Abram te ba l yon dizyèm nan tout sa l genyen+.
21 Apre sa, wa Sodòm nan di Abram: “Ban m moun* yo, men ou mèt pran byen yo.” 22 Men, Abram di wa Sodòm nan: “Mwen leve men m mwen fè sèman devan Jewova, Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, Sila a ki fè syèl la ak tè a, 23 mwen pap pran anyen nan bagay ou yo, li te mèt se yon branch fil oswa yon kòd sandal, pou w pa di: ‘Se mwen ki fè Abram rich.’ 24 Mwen pap pran anyen apa sa jèn mesye yo te deja manje yo. Kanta pou Anè, Echkòl ak Mamre+, mesye ki te ansanm avè m yo, yo mèt pran pòsyon pa yo.”