Jeremi
30 Jewova pale avèk Jeremi, li di l: 2 “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Ekri tout pawòl mwen di w yo nan yon liv. 3 Paske, “gade, gen yon lè k ap vini”, se sa Jewova di, “m ap rasanble moun nan pèp mwen an ki prizonye yo, moun Izrayèl ak moun Jida yo+,” se sa Jewova di, “m ap fè yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo a e l ap vin byen pa yo ankò+.”’”
4 Pawòl sa yo, se pawòl Jewova te di Izrayèl ak Jida.
5 Men sa Jewova di:
“Nou tande bri moun k ap tranble yo.
Se laperèz ki genyen, pa gen lapè.
6 Tanpri, mande si yon gason ka fè pitit.
Nan ka sa a, poukisa mwen wè tout gason vanyan kenbe vant* yo
Tankou fi k ap akouche+?
Poukisa figi tout moun blèm konsa a?
7 Elas! Jou sa a se yon jou ki terib*+.
Pa gen tankou l,
Se yon moman kote Jakòb ap soufri anpil.
Men, l ap chape anba l.”
8 “Jou sa a,” se sa Jewova, Chèf lame yo, di, “m ap kraze jouk ki sou kou yo a e m ap kase kòd yo fè de bout. Okenn etranje pap fè yo vin esklav yo ankò. 9 Y ap gen pou yo sèvi Jewova, Bondye yo a, ak David, wa m ap enstale pou yo a+.”
10 “Kanta pou ou menm, Jakòb, sèvitè m nan, pinga w pè,” se sa Jewova di,
“Pinga w panike, o Izrayèl+.
Paske, m ap sove w pandan w byen lwen,
M ap sove pitit ou yo nan peyi kote yo prizonye a+.
Jakòb ap retounen, l ap anpè, li pap gen okenn pwoblèm,
E pa gen pèsonn k ap vin fè yo pè+.”
11 “Paske, mwen avèk ou”, se sa Jewova di, “pou m sove w.
M ap detwi tout nasyon kote m te gaye w yo+.
Men ou menm, mwen pap detwi w+.
M ap disipline* w nan degre w merite a,
Mwen pa ka pa pini w+.”
13 Pa gen pèsonn pou plede kòz ou,
Pa gen fason pou maleng ou an geri.
Pa gen gerizon pou ou.
14 Tout moun ki renmen w anpil k ap kouche avè w yo bliye w+.
Yo sispann chèche w.
Paske, mwen frape w tankou yon ènmi+.
Mwen pini w menm jan ak yon moun ki fewòs,
Paske w koupab anpil akoz tout peche w fè yo+.
15 Poukisa w ap rele poutèt ou nan yon move eta?
Se pa ti rèd doulè a rèd!
Se paske w koupab anpil akoz tout peche w yo+
Ki fè mwen fè w sa.
16 Se sèten, yon ènmi gen pou l fini ak tout moun k ap fini avè w yo+.
Tout ènmi w yo gen pou yo al ann egzil kòm prizonye+.
Moun k ap piye w yo, y ap piye yo tou.
M ap fè yo piye tout moun k ap piye w yo+.”
17 “Mwen gen pou m fè w vin djanm ankò e mwen gen pou m geri maleng ou yo+”, se sa Jewova di,
“Menmsi yo te rele w rejè e yo di:
‘Siyon, zòn pèsonn pap chèche a+.’”
18 Men sa Jewova di:
“M ap rasanble moun nan tant Jakòb yo ki te vin prizonye yo+.
M ap gen pitye pou tant li yo.
Yo gen pou yo rebati vil la sou mòn pa l la+,
E fòtrès li a ap kanpe kote pou l kanpe a.
19 Y ap remèsye m e y ap ri+.
M ap fè yo vin anpil, yo pap yon ti ponyen+.
M ap fè yo vin anpil*
E yo pap san enpòtans+.
20 Pitit gason l yo ap vin jan yo te ye anvan an,
M ap rasanble yo e m ap fè yo vin yon pèp ki byen djanm devan m+.
M ap regle tout moun k ap toupizi l yo+.
21 Moun k ap gen glwa a ap soti nan li,
Dirijan pa l la ap soti nan mitan l.
M ap fè l vin toupre m, l ap pwoche bò kote m.”
“Si se pa t sa, kiyès ki t ap pran chans* pou l pwoche bò kote m?” Se sa Jewova di.
22 “N ap vin pèp mwen+ e mwen menm m ap Bondye nou+.”
23 Tande sa, van tanpèt Jewova a gen pou l dechennen+,
Yon gwo tanpèt k ap desann sou tèt mechan yo tankou yon toubiyon.