Ezayi
51 “Nou menm k ap chèche fè sa ki dwat, koute m,
Wi, nou menm k ap chèche Jewova.
Sonje mas wòch yo te taye pou yo fè nou an,
Ak min yo te fouye pou yo pran nou an.
2 Sonje Abraram, papa nou,
Paske, li te yon sèl moun lè m te rele l la+,
Epi, mwen beni l, mwen fè l vin gen anpil pitit+.
3 Paske, Jewova pral konsole Siyon+.
L ap repare* tout kote l genyen ki fin kraze yo+.
L ap fè dezè l la vin tankou jaden Edenn+,
Wi, l ap fè dezè li gen nan plèn nan vin tankou jaden Jewova a+.
Se lajwa ak kè kontan k ap genyen nan Siyon,
Ak priyè pou di Bondye mèsi ansanm ak bèl chante+.
4 Pran san nou pou nou koute m, o pèp mwen.
Koute sa m ap di, o nasyon pa m nan+.
Paske, m ap bay yon lwa+,
E m ap met jistis mwen tankou yon limyè pou pèp yo+.
5 Jistis mwen pa lwen rive+.
Mwen pral pote delivrans+,
E mwen pral jije pèp yo ak fòs ponyèt mwen+.
Zile yo ap met espwa nan mwen+,
E y ap konte sou ponyèt* mwen.
6 Leve je nou gade syèl la,
Epi gade tè a ki anba a.
Paske, syèl la pral gaye tankou lafimen.
Tè a pral fini tankou yon rad,
E moun ki abite sou li yo ap mouri tankou moustik.
Men, delivrans m ap bay la ap la pou toutan+,
7 Koute m, nou menm ki konnen sa ki dwat,
Nou menm pèp ki gen lwa m* nan kè nou an+.
Pinga nou pè moun k ap pase nou nan rizib,
E pinga n tranble paske y ap joure nou.
8 Paske, yon mit ap fin ak yo menm jan ak yon rad.
Mit* ki konn manje rad yo ap manje yo menm jan yo manje twal lenn+.
Men, jistis mwen ap toujou la,
E delivrans m ap bay la ap la jenerasyon apre jenerasyon+.”
9 Se pou Jewova leve ponyèt li!
Wi, se pou l leve ponyèt li pou l montre fòs li+!
Se pou l leve l menm jan l te konn fè sa nan tan lontan, tankou l te konn fè sa nan jenerasyon ki pase yo.
Èske se pa ou menm ki te kraze Rahab*+ pak an pak,
Ki te pike gwo bèt ki nan lanmè a+?
10 Èske se pa ou menm ki te seche lanmè a, gwo dlo ki fon anpil yo+?
Èske se pa ou ki te fè fon lanmè a vin tounen yon wout pou moun ou delivre yo pase+?
11 Moun Jewova delivre yo pral retounen+.
Lè y ap retounen Siyon, y ap rele tèlman y ap kontan+.
Kè kontan y ap genyen an pap janm fini, l ap tankou yon kouwòn sou tèt yo+.
Se lajwa ak kè kontan y ap genyen.
Yo pap tris e yo pap plenn ankò+.
12 “Se mwen menm k ap konsole nou+.
Poukisa nou bezwen pè yon moun ki gen pou l mouri+,
Yon moun ki gen pou l fennen tankou zèb?
13 Poukisa nou bliye Jewova, Sila a ki fè nou an+,
Sila a ki te blayi syèl la tankou yon dra+ e ki te fè fondasyon tè a?
Se tout lajounen nou t ap tranble akoz kòlè ènmi ki t ap toupizi nou an*,
Kòmsi li te kapab fini avèk nou nèt.
Bon, kounye a, kot kòlè sila a ki t ap toupizi nou an pase?
14 Talè konsa, yo pral retire moun ki pliye an de a nan chenn+.
Li pap mouri, li pa pral nan twou,
E li pap manke manje pou l manje.
15 Men, se mwen menm, Jewova, Bondye nou an,
Ki brase lanmè a e ki fè lanm li yo fè gwo bri+.
Non m se Jewova, Chèf lame yo+.
16 M ap met pawòl mwen nan bouch ou,
E m ap kouvri w anba lonbray men m+,
Pou m met syèl la nan plas li, pou m fè fondasyon tè a+
E pou m di moun Siyon yo: ‘Nou se pèp mwen+.’
17 Leve! Leve! O Jerizalèm, leve non+!
Ou menm ki te bwè nan gode kòlè Jewova gen nan men l lan,
Ou bwè tout sa k nan gode a,
Ou fè gode ki fè moun balanse de bò a vin vid+.
18 Epi, pa gen youn nan tout pitit li te fè yo ki la pou gide l,
E pa gen youn nan tout pitit li te leve yo ki kenbe men l.
19 Gen de bagay k ap rive w.
Kiyès k ap pran lapenn pou ou?
Y ap kraze w e y ap ravaje w, w ap grangou e w ap pran kout epe+!
Kiyès k ap konsole w+?
20 Pitit ou yo endispoze+.
Yo blayi nan tout kafou*
Tankou bèt ki pran nan pèlen.
Jewova vide tout kòlè l sou yo e li blame yo byen blame.”
21 Se sa k fè, tanpri, koute sa,
Ou menm fi k ap soufri e ki sou malgre w pa t bwè diven.