Nawoum
1 Men yon mesaj kont Niniv+. Mesaj sa a nan liv ki gen vizyon Nawoum*, moun Èlkòch la, te fè a:
2 Jewova se yon Bondye ki mande pou moun atache avè l sèlman+ e li konn tire revanj.
Jewova konn tire revanj e li pare pou l montre kòlè l+.
Jewova konn tire revanj sou advèsè l yo
E li sere kòlè l pou ènmi l yo.
3 Jewova pa an kòlè fasil+ e li gen anpil pisans+.
Men, Jewova pap pa bay moun pinisyon yo merite+.
Anndan van k ap fè ravaj e anndan tanpèt, se la chemen l ye,
E nyaj yo tankou pousyè anba pye l+.
4 Li bay lanmè a lòd+ epi li seche l nèt.
Li fè tout rivyè yo vin sèch+.
Bazan ak Kamèl vin sèch+,
Epi flè nan Liban yo fennen.
5 Mòn yo pran tranble devan l,
E ti mòn yo fonn+.
Akoz prezans li, tè a pral tranble,
E peyi a ak tout moun ki rete ladan l pral tranble+.
6 Kiyès ki ka kanpe devan l lè l fache+?
Epi, kiyès ki ka sipòte lè l an kòlè anpil+?
L ap vide kòlè l sou yo tankou dife,
E akoz li, gwo wòch yo ap kraze fè miyèt moso.
8 L ap sèvi ak yon gwo dlo pou l kraze Niniv* nèt.
Ènmi l yo ap toujou nan fènwa.
10 Paske, menmsi moun Niniv yo makònen youn ak lòt tankou touf pikan,
E yo tankou moun ki sou ak byè*,
Y ap boule yo tankou pay sèch.
11 Pral gen yon moun pami nou k ap fè konplo sou Jewova,
L ap bay konsèy ki san valè.
12 Men sa Jewova di:
“Menmsi moun Asiri yo ta gen anpil fòs e yo ta anpil,
Y ap vide yo atè, epi y ap mouri*.
Mwen te fè w* soufri, men, mwen pap fè w soufri ankò.
13 Kounye a, mwen pral kraze jouk Asiri* a e m ap retire l sou ou+.
M ap kase chenn ki mare w yo fè de bout.