Ezayi
6 Nan ane wa Ozyas te mouri a+, mwen te wè Jewova ki chita sou yon gwo twòn byen wo+, e ke wòb long ki te sou li a te plen tanp lan. 2 Te gen serafen* ki te kanpe toutotou l. Yo chak te gen sis zèl. Yo chak te kouvri figi yo ak de zèl, yo te kouvri pye yo ak de zèl e yo t ap vole ak de zèl.
4 Bri yo t ap fè a* te fè chanbrann pòt yo tranble, epi kay la te plen lafimen+.
5 Apre sa, mwen di: “Malè pou mwen!
Mwen deja mouri*,
Paske se yon moun mwen ye, pawòl ki sot nan bouch mwen pa pwòp,
Epi, pawòl ki sot nan bouch pèp m ap viv nan mitan l lan pa pwòp+.
Paske mwen wè Wa a menm, Jewova, Chèf lame yo, ak je m!”
6 Menm kote a, youn nan serafen yo vole vin kote m, e nan men l+, li te gen yon chabon dife tou limen li te pran ak yon pensèt sou lotèl la+. 7 Li touche bouch mwen avè l e li di:
“Gade! Mwen touche bouch ou ak sa a.
Ou pa koupab ankò,
E Bondye padone peche w.”
8 Apre sa, mwen tande vwa Jewova ki di: “Kiyès m ap voye, e kiyès ki prale pou nou+?” Lè sa a, mwen reponn: “Men mwen! Voye m+!”
9 Epi, li di m: “Ale, epi di pèp sa a:
‘N ap tande, e n ap tande ankò,
Men, nou pap konprann anyen.
N ap wè, e n ap wè ankò,
Men, nou pap konn anyen+.’
10 Se pou w fè kè pèp sa a vin di+,
Se pou w bouche zòrèy yo+
E se pou w fèmen je yo
Pou yo ka pa wè ak je yo
E pou yo ka pa tande ak zòrèy yo,
Yon fason pou yo pa konprann anyen,
Pou yo pa kase tèt tounen pou yo jwenn gerizon.”+
11 Menm kote a, mwen di: “Konbyen tan sa ap dire, o Jewova?” Lè sa a, li di:
“Jiskaske vil yo kraze tounen dekonm san okenn moun ladan yo,
Jiskaske kay yo pa gen moun ladan yo
E jiskaske peyi a fin depafini e pa ret anyen ladan l+,
12 Jiskaske Jewova voye moun yo ale byen lwen+,
E jiskaske pifò kote nan peyi a vin tounen yon dezè.
13 “Men, sou chak dis moun ap ret youn, e y ap boule peyi a ankò, tankou yon gwo pyebwa e tankou yon pyebwa ki chaje branch, yon seri pyebwa apre yo fin koupe yo, yo kite yon chouk, e gen yon boujon* ki sakre k ap pouse nan chouk sa a.”