Sòm
Yon chante David te ekri.
4 Se pou lawont tonbe sou moun ki dèyè m* yo e se pou w avili yo+.
Se pou moun k ap fè konplo pou yo touye m yo fè bak e se pou yo jwenn dezonè.
5 Se pou yo vin tankou pay van bwote ale,
Se pou zanj Jewova a kouri dèyè yo+.
6 Se pou fènwa kouvri wout yo sou li a e se pou wout sa a vin glise anba pye yo
Pandan zanj Jewova a ap pousuiv yo.
7 Paske, yo tann yon filè pou mwen san rezon pou yo pran m nan pyèj.
Yo fouye yon twou pou mwen* san rezon pou yo fè m tonbe ladan l.
8 Se pou malè tonbe sou yo bridsoukou,
Se pou yo tonbe nan filè yo tann pou mwen an,
Se pou yo tonbe ladan l e se pou yo jwenn destriksyon yo+.
9 Men mwen menm, m* ap rejwi pou sa Jewova fè pou mwen,
M ap kontan poutèt li sove m.
10 Ak tout kè m, m ap di:
“O Jewova, kiyès ki tankou w?
Ou delivre moun ki pa gen moun ki pou ede yo anba men moun ki gen plis fòs pase yo+,
Ou delivre moun ki pa gen moun ki pou ede yo ak pòv yo anba men moun k ap vòlè afè yo+.”
13 Men, lè yo te malad, mwen te abiye ak twal sak.
Mwen* te ret san manje.
Lè priyè m yo te rete san repons*,
14 Mwen te mache tout kote nan lapenn, tankou si se te pou yon zanmi m oswa pou yon frè m,
Mwen te bese byen ba byen tris tankou yon moun ki nan lapenn akoz manman l ki mouri.
15 Men, lè m te bite, yo te kontan e yo te rasanble ansanm.
Yo te met tèt yo ansanm pou yo kache tann mwen pou yo frape m.
Yo pa t sispann joure m.
17 O Jewova, jis ki lè w ap kontinye gade san w pa fè anyen+?
18 Lè sa a, m a remèsye w nan gwo kongregasyon an+,
M a louwe w nan mitan gwo foul moun yo.
19 Pa kite moun ki ènmi m san rezon yo pran plezi sou mwen,
Pa kite moun ki rayi m san rezon yo fè siy sou mwen+ pou yo pase m nan rizib+.
20 Paske, pawòl yo se pa pawòl lapè.
Yo monte tout vye plan kont moun k ap viv anpè nan peyi a+.
21 Yo ouvri bouch yo byen laj pou yo akize m,
Yo di: “Enhen! Nou wè sa n t ap tann nan ak je nou.”
23 Leve kanpe pou w defann mwen,
O Jewova, Bondye m nan, defann kòz mwen.
24 Fè m jwenn jistis+, o Jewova, Bondye m nan, paske ou gen jistis lakay ou.
Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen.
25 Pa kite yo di tèt yo: “Enhen, nou jwenn sa n te vle a*!”
Pa kite yo janm di: “Nou fini ak misye+.”
26 Se pou yo tout wont, se pou yo tonbe nan dezonè,
Tout moun ki kontan akoz malè ki frape m nan.
Se pou tout moun k ap rejwi sou tèt mwen yo vin wont, se pou yo santi yo imilye.
27 Men, se pou moun ki kontan wè jan m ap mache dwat yo rele byen fò ak kè kontan,
Se pou yo di san rete:
“Glwa pou Jewova, li menm ki kontan lè sèvitè l anpè+.”