BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Levitik 23
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Levitik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Jou ki sakre yo ak fèt yo (1-44)

        • Jou saba a (3)

        • Fèt Pak (4, 5)

        • Fèt Pen san ledven (6-8)

        • Ofrann premye danre yo rekòlte yo (9-14)

        • Fèt Semèn (15-21)

        • Bon fason pou moun fè rekòt (22)

        • Fèt Sonnen twonpèt (23-25)

        • Jou Pirifikasyon an (26-32)

        • Fèt Tonèl (33-43)

Levitik 23:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:14; Le 23:37
  • +Nb 10:10

Levitik 23:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 16:30; 20:10; Tr 15:21
  • +Ne 13:22

Levitik 23:5

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “ant de swa yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 9:2, 3; 28:16
  • +Eg 12:3, 6; Dt 16:1; 1Ko 5:7

Levitik 23:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 28:17; 1Ko 5:8
  • +Eg 12:15; 13:6; 34:18

Levitik 23:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 12:16

Levitik 23:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Ko 15:20, 23
  • +Nb 18:8, 12; Pw 3:9; Eze 44:30

Levitik 23:13

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “anviwon sèt ti mamit”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.

  • *

    Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.

  • *

    Oswa: “anviwon yon lit”. Yon hin egal 3,67 lit. Gade Apendis B14.

Levitik 23:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 34:22; Dt 16:9, 10

Levitik 23:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Tr 2:1
  • +Nb 28:26-31; Dt 16:16

Levitik 23:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 7:11, 13
  • +Eg 23:16; 34:22

Levitik 23:18

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 28:26, 27

Levitik 23:19

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ofrann lapè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 4:23
  • +Le 3:1

Levitik 23:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 7:34; 10:14; Nb 18:9; Dt 18:4; 1Ko 9:13

Levitik 23:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 10:10

Levitik 23:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 19:9; Dt 24:19; Rt 2:2, 3
  • +Eza 58:7
  • +Le 19:33

Levitik 23:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 10:10; 29:1

Levitik 23:27

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm nou”.

  • *

    An jeneral, moun yo te “montre yo nan lapenn pou peche yo”, sa vle di yo te sispann fè kèk bagay pou yo montre yo nye tèt yo. Pa egzanp, yo te konn rete san manje.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 30:10; Le 25:9
  • +Le 16:29, 30; Nb 29:7

Levitik 23:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 16:34; Eb 9:12, 24-26; 10:10; 1J 2:1, 2

Levitik 23:29

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm”.

  • *

    Se kapab tou: “ki pa ret san manje”.

  • *

    Oswa: “touye”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 9:13; 15:30

Levitik 23:30

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm”.

Levitik 23:32

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm nou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 16:29-31; 23:27; Nb 29:7

Levitik 23:34

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Abri yo te fè pou yon ti tan”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:16; Nb 29:12; Dt 16:13; Esd 3:4; Ne 8:14-18; Jan 7:2

Levitik 23:36

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ne 8:18

Levitik 23:37

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:14; Dt 16:16
  • +Nb 28:26; 29:7
  • +Le 1:3
  • +Le 2:1, 11
  • +Nb 15:5; 28:6, 7

Levitik 23:38

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 16:23; 20:8; 31:13
  • +Eg 28:38; Nb 18:29
  • +Dt 12:11
  • +Nb 29:39; Dt 12:6; 1Kw 29:9; 2Kw 35:8; Esd 2:68

Levitik 23:39

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 16:13
  • +Nb 29:12

Levitik 23:40

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ne 8:15; Re 7:9
  • +Ne 8:10
  • +Dt 16:15

Levitik 23:41

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 29:12

Levitik 23:42

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 31:10, 11

Levitik 23:43

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 31:13; Sm 78:6
  • +Eg 12:37, 38; Nb 24:5

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Lev. 23:2Eg 23:14; Le 23:37
Lev. 23:2Nb 10:10
Lev. 23:3Eg 16:30; 20:10; Tr 15:21
Lev. 23:3Ne 13:22
Lev. 23:5Nb 9:2, 3; 28:16
Lev. 23:5Eg 12:3, 6; Dt 16:1; 1Ko 5:7
Lev. 23:6Nb 28:17; 1Ko 5:8
Lev. 23:6Eg 12:15; 13:6; 34:18
Lev. 23:7Eg 12:16
Lev. 23:101Ko 15:20, 23
Lev. 23:10Nb 18:8, 12; Pw 3:9; Eze 44:30
Lev. 23:15Eg 34:22; Dt 16:9, 10
Lev. 23:16Tr 2:1
Lev. 23:16Nb 28:26-31; Dt 16:16
Lev. 23:17Le 7:11, 13
Lev. 23:17Eg 23:16; 34:22
Lev. 23:18Nb 28:26, 27
Lev. 23:19Le 4:23
Lev. 23:19Le 3:1
Lev. 23:20Le 7:34; 10:14; Nb 18:9; Dt 18:4; 1Ko 9:13
Lev. 23:21Nb 10:10
Lev. 23:22Le 19:9; Dt 24:19; Rt 2:2, 3
Lev. 23:22Eza 58:7
Lev. 23:22Le 19:33
Lev. 23:24Nb 10:10; 29:1
Lev. 23:27Eg 30:10; Le 25:9
Lev. 23:27Le 16:29, 30; Nb 29:7
Lev. 23:28Le 16:34; Eb 9:12, 24-26; 10:10; 1J 2:1, 2
Lev. 23:29Nb 9:13; 15:30
Lev. 23:32Le 16:29-31; 23:27; Nb 29:7
Lev. 23:34Eg 23:16; Nb 29:12; Dt 16:13; Esd 3:4; Ne 8:14-18; Jan 7:2
Lev. 23:36Ne 8:18
Lev. 23:37Eg 23:14; Dt 16:16
Lev. 23:37Nb 28:26; 29:7
Lev. 23:37Le 1:3
Lev. 23:37Le 2:1, 11
Lev. 23:37Nb 15:5; 28:6, 7
Lev. 23:38Eg 16:23; 20:8; 31:13
Lev. 23:38Eg 28:38; Nb 18:29
Lev. 23:38Dt 12:11
Lev. 23:38Nb 29:39; Dt 12:6; 1Kw 29:9; 2Kw 35:8; Esd 2:68
Lev. 23:39Dt 16:13
Lev. 23:39Nb 29:12
Lev. 23:40Ne 8:15; Re 7:9
Lev. 23:40Ne 8:10
Lev. 23:40Dt 16:15
Lev. 23:41Nb 29:12
Lev. 23:42Dt 31:10, 11
Lev. 23:43Dt 31:13; Sm 78:6
Lev. 23:43Eg 12:37, 38; Nb 24:5
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
  • 34
  • 35
  • 36
  • 37
  • 38
  • 39
  • 40
  • 41
  • 42
  • 43
  • 44
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Levitik 23:1-44

Levitik

23 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 2 “Pale ak Izrayelit yo e men sa w ap di yo: ‘Fèt Jewova mande nou pou nou selebre yo+ se jou espesyal pou nou tout reyini+ pou nou adore l. Nou dwe anonse fèt sa yo. Men fèt mwen ban nou pou nou selebre yo:

3 “‘N ap travay pandan sis jou, men, setyèm jou a se yon jou saba, yon jou pou nou repoze nou nèt+, pou nou reyini pou nou adore Bondye. Nou pa dwe fè okenn travay nan jou sa a. Se yon jou saba pou Jewova, kèlkeswa kote nou rete+.

4 “‘Men fèt Jewova mande pou nou selebre yo, yon seri fèt nou dwe anonse nan moman ki fikse pou yo a kote n ap reyini pou nou adore l: 5 Nan premye mwa a, nan 14yèm jou nan mwa a+, apre solèy la fin kouche, anvan l fin fè nwa*, n ap fete fèt Pak la+ pou Jewova.

6 “‘Nan 15yèm jou nan mwa a, n ap kòmanse fèt Pen san ledven an pou Jewova+. Nou dwe manje pen san ledven pandan sèt jou+. 7 Nan premye jou a, n ap reyini pou nou adore Bondye+. Nou pa dwe fè okenn gwo travay nan jou sa a. 8 Men, pandan sèt jou yo, n ap ofri sakrifis yo boule nan dife pou Jewova. Nan setyèm jou a, n ap reyini pou nou adore l. Nou pa dwe fè okenn gwo travay nan jou sa a.’”

9 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 10 “Pale ak Izrayelit yo e men sa w ap di yo: ‘Lè nou rive nan peyi m ap ban nou an e n ap rekòlte jaden nou, nou dwe pote yon pake nan premye danre+ nou rekòlte yo bay prèt la+. 11 Prèt la ap balanse l devan Jewova pou l ka chèche jwenn favè Bondye pou nou. Li dwe balanse l nan jou apre saba a. 12 Jou nou bay balanse pake danre a, nou dwe ofri yon ti mal mouton ki pa gen okenn domaj ki prèske gen ennan kòm sakrifis pou yo boule nèt pou Jewova. 13 N ap pote de dizyèm efa* farin bon kalite ki melanje ak luil kòm ofrann manje angren. Se ap yon ofrann yo boule nan dife pou Jewova k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*. E n ap bay yon ka hin* diven kòm ofrann. 14 Nou pa dwe manje okenn grenn nou fèk rekòlte, ni grenn griye, e nou pa dwe fè okenn pen ak grenn nou fèk rekòlte yo pou nou manje, toutotan jou sa a poko rive, toutotan nou poko pote ofrann n ap bay Bondye nou an. Se yon kòmandman nou dwe obeyi pandan lontan, ni nou menm ni desandan nou yo kèlkeswa kote nou rete.

15 “‘Nou dwe konte sèt saba. N ap kòmanse konte nan jou apre saba a, nan jou nou te pote pake danre kòm ofrann yo balanse yo+. Nou dwe konte sèt semèn konplè. 16 N ap konte rive nan jou apre setyèm saba a. Sa ap ban nou 50 jou+. Nan jou sa a, nou dwe pote yon lòt ofrann manje angren pou Jewova+. 17 N ap pote de pen sot lakay nou kòm ofrann pou yo balanse. N ap fè de pen sa yo ak de dizyèm efa farin bon kalite ansanm ak ledven+ epi n ap kuit yo kòm premye danre nou ofri Jewova+. 18 Anplis pen yo, n ap vin ak sèt ti mal mouton ki pa gen okenn domaj, ki gen ennan, ansanm ak yon ti towo bèf ak de mal mouton+. Y ap ofri yo kòm sakrifis yo boule nèt pou Jewova ansanm ak ofrann manje angren ak ofrann bwason ki mache avèk yo a. Y ap boule ofrann sa yo pou Jewova, e ofrann sa yo ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*. 19 Epi, nou dwe ofri yon ti kabrit kòm sakrifis pou peche+ ansanm ak de ti mal mouton, ki gen ennan, kòm sakrifis kominyon*+. 20 Prèt la ap balanse yo kòm yon ofrann ki balanse devan Jewova ansanm ak de pen ki se ofrann premye danre nou rekòlte nan jaden nou yo. Bagay sa yo sakre nan je Jewova e se pou prèt la yo ye+. 21 Nan jou sa a, n ap fè yon anons+ pou nou reyini pou n adore Bondye. Nou pa dwe fè okenn gwo travay nan jou sa a. Se yon kòmandman nou dwe obeyi pandan lontan, ni nou menm ni desandan nou yo kèlkeswa kote nou rete.

22 “‘Lè n ap rekòlte jaden nou nan peyi a, nou pa dwe fin rekòlte tout sa ki toupre lizyè jaden nou an e nou pa dwe retounen al pran sa k rete dèyè+. Nou dwe kite yo pou moun ki pòv yo+ e pou etranje k ap viv nan mitan nou yo+. Mwen se Jewova, Bondye nou an.’”

23 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 24 “Men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Nan setyèm mwa a, nan premye jou nan mwa a, nou dwe repoze nou nèt. Se yon jou nou dwe sonje e nou dwe anonse ak kout twonpèt+, yon jou pou nou reyini pou n adore Bondye. 25 Nou pa dwe fè okenn gwo travay, e nou dwe pote yon sakrifis pou nou boule nan dife pou Jewova.’”

26 Annapre, Jewova di Moyiz: 27 “Men, dizyèm jou nan setyèm mwa a se jou Pirifikasyon an+. Nou dwe reyini pou n adore Bondye, nou dwe montre nou* nan lapenn poutèt peche nou yo*+ e nou dwe ofri yon sakrifis pou yo boule nan dife pou Jewova. 28 Jou sa a, nou pa dwe fè okenn travay, paske se yon jou Pirifikasyon+, yon jou pou nou chèche jwenn padon pou peche nou devan Jewova, Bondye nou an. 29 Nenpòt moun* ki pa montre l nan lapenn* nan jou sa a, y ap retire* l nan mitan pèp la+. 30 E m ap touye kèlkeswa moun* nan pèp la ki fè nenpòt kalite travay nan jou sa a. 31 Nou pa dwe fè okenn travay nan jou sa a. Se yon kòmandman nou dwe obeyi pandan lontan, ni nou menm ni desandan nou yo kèlkeswa kote nou rete. 32 Se yon jou saba pou nou, yon jou pou nou repoze nou nèt. Nan nevyèm jou nan mwa a, nan aswè, nou dwe montre nou* nan lapenn pou peche nou yo+. Nou dwe obsève saba a soti solèy kouche nan jou sa a rive solèy kouche nan demen.”

33 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 34 “Men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Nan 15yèm jou nan setyèm mwa a, n ap fete fèt Tonèl* yo pou Jewova. N ap selebre l pandan sèt jou+. 35 Premye jou a, nou dwe reyini pou nou adore Bondye e nou pa dwe fè okenn gwo travay. 36 N ap ofri Jewova sakrifis ki boule nan dife pandan sèt jou. Nan uityèm jou a, nou dwe reyini pou nou adore Bondye+ e nou dwe ofri Jewova yon sakrifis ki boule nan dife. Se yon rasanbleman espesyal pou nou adore Bondye. Nou pa dwe fè okenn gwo travay pandan jou sa a.

37 “‘Fèt sa yo se fèt Jewova mande+ pou nou anonse, pou nou reyini pou nou adore l+, pou nou ofri Jewova sakrifis ki boule nan dife: sakrifis ki boule nèt+, ofrann manje angren+ ki mache ak sakrifis la ak ofrann bwason+ selon sa nou dwe bay pou chak jou. 38 Nou dwe ofri yo bay Jewova anplis sa nou ofri pandan saba Jewova yo+, anplis kado nou yo+, ofrann nou bay pou yon ve nou fè+ ak ofrann kè nou pouse nou fè yo+. 39 Nan 15yèm jou nan setyèm mwa a, lè nou fin rekòlte tout sa peyi a pwodui, n ap selebre fèt la pou Jewova pandan sèt jou+. Premye jou a, nou dwe repoze nèt e uityèm jou a, nou dwe repoze nèt+. 40 Nan premye jou a, n ap pran fwi nan bèl pyebwa yo, fèy palmye+, branch pyebwa ki founi, ak branch pepliye ki nan vale a, e nou dwe rejwi+ devan Jewova, Bondye nou an, pandan sèt jou+. 41 N ap selebre fèt sa a pou Jewova pandan sèt jou nan ane a+. Se yon kòmandman nou dwe obeyi pandan lontan, ni nou menm ni desandan nou yo. Nou dwe selebre fèt sa a nan setyèm mwa a. 42 N ap abite anba tonèl pandan sèt jou+. Tout Izrayelit yo dwe abite anba tonèl, 43 yon fason pou jenerasyon ki vin apre nou yo ka konnen+ se anba tonèl mwen te fè Izrayelit yo rete lè m te fè yo sot nan peyi Ejip+. Mwen se Jewova, Bondye nou an.’”

44 Konsa, Moyiz te fè Izrayelit yo konnen fèt Jewova mande pou yo selebre yo.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje