2 Samyèl
24 Jewova te fache kont pèp Izrayèl la+ ankò, lè yo te fè David aji yon fason ki kont pèp la. Yo te di l: “Al konte+ moun ann Izrayèl yo ak moun nan Jida yo+.” 2 Konsa, wa a di Jowab+, chèf lame a, ki te ansanm avè l: “Tanpri, al nan tout tribi Izrayèl yo, depi Dann rive Beyècheba+, anrejistre pèp la pou m ka konnen kantite moun ki genyen.” 3 Men, Jowab di wa a: “Se pou Jewova, Bondye w la, fè pèp la vin 100 fwa plis, e ou menm monwa, mèt mwen, se pou w wè sa ak je w. Men, monwa, mèt mwen, poukisa w vle fè yon bagay konsa?”
4 Men, se sa wa a te di a Jowab ak lòt chèf ki te alatèt nan lame a te oblije fè. Konsa, Jowab ak lòt chèf yo ki te alatèt nan lame a te sot devan wa a pou y al anrejistre pèp Izrayèl la+. 5 Yo te travèse Rivyè Jouden an, yo monte kan yo Awoyè+, sou bò dwat* vil la, nan mitan vale a, nan zòn ki mennen nan tèritwa desandan Gad yo ak nan zòn ki mennen Jazè a+. 6 Apre sa, y ale Galaad+ ak nan peyi Tatimodchi, yo te kontinye wout la rive Dannjayan e yo te vire al Sidon+. 7 Apre sa, y ale nan fò ki nan Ti a+ ak nan tout vil Ivit yo+ ak vil moun Kanaran yo. Finalman, yo rive Beyècheba+, nan zòn Negèb la+, ki nan Jida. 8 Konsa, yo t ale nan tout peyi a e yo te retounen Jerizalèm apre nèf mwa 20 jou. 9 Epi, Jowab bay wa a kantite moun yo te anrejistre yo. Yo te jwenn 800 000 gason ki gen epe ann Izrayèl e yo te jwenn 500 000 gason ki gen epe nan Jida+.
10 Men, konsyans* David t ap kale l+ apre l te fin konte pèp la. Epi, David di Jewova: “Sa m fè a se yon peche+ grav. Kounye a, Jewova, tanpri, padone peche sèvitè w la+ fè a, paske se yon bagay moun sòt nèt mwen fè+.” 11 Lè David leve nan maten, Jewova pale ak pwofèt Gad+ ki te konn fè David konnen vizyon Bondye bay yo, li di l: 12 “Al di David: ‘Men sa Jewova di: “M ap ba w twa bagay pou w chwazi youn ladan yo. Chwazi sa pou m lage sou ou a+.”’” 13 Vrèmanvre, Gad al kot David, epi li di l: “Èske w vle pou gen sèt ane grangou nan peyi a+? Oubyen pou w fè twa mwa ap kouri pou advèsè w yo+? Oswa pou maladi tonbe sou peyi a pandan twa jou+? Kounye a, byen reflechi pou w di m ki repons pou m bay Sila a ki voye m nan.” 14 Lè sa a, David di Gad: “Bagay sa a ban m pwoblèm anpil. Tanpri, pito nou tonbe anba men Jewova+, paske li gen anpil mizèrikòd+, men, pa kite m tonbe anba men lòm+.”
15 Annapre, Jewova lage yon maladi sou pèp Izrayèl la+, soti maten rive nan lè l te fikse a, sa te lakòz 70 000 moun nan pèp la mouri+, soti Dann rive Beyècheba+. 16 Lè zanj lan lonje men l nan direksyon Jerizalèm pou l detwi vil la, Jewova te regrèt* chatiman li te bay la+ e li te di zanj ki t ap detwi pèp la: “Ase! Kounye a, bese men w.” Zanj Jewova a te toupre kote yo konn bat manje angren ki pou Awona+, moun Jebis la+.
17 Lè David wè zanj lan ki t ap touye pèp la, li di Jewova: “Se mwen menm ki peche e se mwen menm ki mal aji. Ki sa mouton sa yo fè+? Tanpri, se mwen menm ak moun lakay papa m ki pou tonbe anba men w+.”
18 Konsa, Gad antre al kot David jou sa a, epi li di l: “Monte al fè yon lotèl pou Jewova kote yo konn bat manje angren ki pou Awona, moun Jebis la+.” 19 Vrèmanvre, David monte, jan Gad te di l la, selon lòd Jewova te bay la. 20 Lè Awona gade li wè wa a ak sèvitè l yo k ap monte vin sou li, menm moman an, Awona kite kote l te ye a, epi li bese byen ba devan wa a fas atè. 21 Awona mande wa a: “Monwa, mèt mwen, poukisa w vin kot sèvitè w la?” David reponn: “Mwen vin achte tè kote w konn bat manje angren an nan men w pou m fè yon lotèl pou Jewova pou flewo ki tonbe sou pèp la ka sispann+.” 22 Men, Awona di David: “Monwa, mèt mwen, ou mèt pran l, epi ou mèt ofri sa w vle* kòm sakrifis. Ou mèt pran bèf pou w fè sakrifis y ap boule nèt la ak planch yo konn bat manje angren yo ansanm ak kabwèt bèf yo kòm bwa pou sakrifis la. 23 Monwa, mwen ba w tout bagay sa yo.” Apre sa, Awona di wa a: “Mwen swete pou Jewova, Bondye w la, avè w!”
24 Men, wa a di Awona: “Non, mwen dwe achte l nan men w pou yon kantite kòb. Mwen pap ofri Jewova, Bondye m nan, sakrifis yo boule nèt ki pa koute m anyen.” Konsa, David te achte kote yo konn bat manje angren an ak bèf yo pou 50 chekèl* ann ajan+. 25 Epi, David te fè yon lotèl+ kote sa a pou Jewova, e li te ofri sakrifis yo boule nèt ak sakrifis kominyon*. Epi, Jewova te koute priyè yo te kontinye fè pou peyi a+ e flewo ki t ap frape pèp Izrayèl la te sispann.