96 Chante yon nouvo chante pou Jewova+.
Se pou tout tè a chante pou Jewova+!
2 Chante pou Jewova, fè louwanj pou non l.
Chak jou, se pou nou fè konnen bon nouvèl delivrans li bay la+.
3 Fè nasyon yo konnen glwa li genyen,
Fè tout pèp yo konnen bagay estrawòdinè li fè yo+.
4 Paske, Jewova gran e li vrèman merite pou moun fè louwanj pou li.
Li merite pou moun gen lakrentif pou li plis pase tout lòt dye yo.
5 Tout dye lòt pèp yo ap sèvi yo se dye ki san valè+.
Men, Jewova se Sila a ki fè syèl la+.
6 Kote l ye a gen glwa ak mèvèy+,
Nan kote ki apa pou li a gen fòs ak bèl bagay+.
7 Onore Jewova, nou menm fanmi ki nan pèp yo,
Onore Jewova pou glwa li ak fòs li+.
8 Onore Jewova pou glwa non l merite+.
Pote yon kado pou li epi antre nan lakou l yo.
9 Bese byen ba devan Jewova ak bèl rad ki sakre,
Se pou tout tè a tranble devan l.
10 Fè nasyon yo konnen: “Jewova vin Wa+!
Tè a byen chita kote l ye a, anyen pa ka brannen l.
Bondye gen pou l jije nasyon yo avèk jistis+.”
11 Se pou syèl la rejwi e se pou tè a nan lajwa.
Se pou lanmè a ak tout sa k ladan l fè anpil bri tèlman yo kontan+.
12 Se pou savann yo ak tout sa ki ladan yo rejwi+.
Anmenmtan, se pou tout pyebwa ki nan forè yo rele byen fò ak kè kontan+
13 Devan Jewova, paske l ap vini.
L ap vini pou l jije tè a.
Li gen pou l jije tè a avèk jistis+
E li gen pou l jije pèp yo avèk fidelite+.