Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou cheminit*. Yon chante David te ekri.
12 O Jewova, sove m, paske pa gen moun ki fidèl ankò,
Pa gen moun ki fidèl pami lèzòm ankò.
3 Jewova ap fèmen tout bouch k ap flate moun,
E l ap elimine tout lang k ap fè grandizè+,
4 Moun k ap di: “N ap pot laviktwa sou yo ak lang nou.
N ap sèvi ak lang nou jan nou vle.
Ki moun ki ka vin pase nou lòd+?”
5 Jewova di: “Piske y ap toupizi moun k ap soufri yo
E yo lakòz moun ki pòv yo ap plenn+,
M ap pase alaksyon.
M ap sove moun sa yo anba men moun k ap meprize yo.”
7 W ap pwoteje yo, o Jewova+,
W ap pwoteje yo chak anba men jenerasyon moun sa yo pou toutan.
8 Mechan yo ap pwonmennen toupatou jan yo vle
Paske lèzòm ap fè lwanj pou move bagay+.