Jòb
21 Jòb reponn:
2 “Koute byen sa m ap di a,
Konsa, n ap konsole m.
3 Pran pasyans avè m pandan m ap pale,
Lè m fin pale, n a pase m nan rizib+.
4 Èske se devan moun m ap plenyen?
Si se te sa, èske m* pa t ap pèdi pasyans?
5 Gade m epi se pou n sezi.
Met men sou bouch nou.
6 Lè m ap reflechi sou sa k rive m yo, mwen santi m boulvèse,
E tout kò m pran tranble.
8 Pitit yo toujou la devan yo
E yo rive wè pitit pitit yo.
9 Kay yo solid, yo pa pè anyen+,
Epi, Bondye pa pini yo ak baton l.
10 Towo bèf yo vin gen anpil pitit
Paske manman bèf yo met ba san yo pa fè foskouch.
11 Ti pitit gason yo genyen yo ap kouri nan lari tankou yon bann ti mouton,
E pitit yo genyen yo ap kouri adwat agoch.
12 Yo chante pandan y ap bat tanbouren e y ap jwe hap,
Yo kontan lè yo tande son flit+.
14 Men, yo di vrè Dye a: ‘Kite n an repo!
Nou pa bezwen konnen wout ou yo+.
16 Men, mwen konnen yo pa gen pouvwa pou yo fè anyen mache byen pou yo+.
17 Konbyen fwa lanp moun ki mechan yo etenn+?
Konbyen fwa malè tonbe sou yo?
Konbyen fwa Bondye detwi yo paske l fache?
18 Èske yo janm vin tankou pay van pote ale,
Tankou pay gwo van tanpèt pote ale?
19 Bondye ap fè pitit yon moun peye sa moun nan fè.
Men, se pou Bondye ba l sa l merite yon fason pou l konnen se sa l fè l ap peye+.
20 Se pou l wè ak pwòp je l jan l ap depafini,
E se li menm ki pou bwè nan gode kòlè Toupisan an+.
21 Poukisa l ap bay tèt li pwoblèm pou sa k pral rive pitit li apre l fin mouri,
22 Èske gen yon moun ki ka anseye Bondye*+,
Piske se li k ap jije menm moun ki nan pi gwo pozisyon yo+?
23 Gen moun ki mouri pandan yo ak tout fòs yo+,
Pandan yo anpè e yo pa gen okenn tètchaje+,
24 Pandan kuis yo byen gra
E zo yo byen solid*.
25 Tandiske gen lòt moun ki mouri pandan yo nan gwo lapenn*,
San yo pa janm goute anyen ki bon.
28 Paske nou di: ‘Kote kay gwo potanta a
E kote tant mechan an te abite ladan l lan+?’
29 Èske nou pa mande moun k ap vwayaje yo?
Èske nou pa byen egzamine sa yo di*
30 Ki fè konnen yon moun mechan ap delivre nan jou malè a
E l ap chape nan jou kòlè Bondye a?
31 Kiyès k ap blame l pou sa l fè yo?
E kiyès k ap fè l peye pou sa l fè yo?
32 Lè yo mennen l nan simityè,
Y ap met veye tonm li.
33 Tè nan simityè a ap lejè sou li+,
Epi, tout moun pral jwenn li*+,
Menm jan gen yon pakèt moun ki pran devan l.
34 Donk, poukisa n ap ban m fo konsolasyon+?
Pa gen anyen serye nan repons nou bay yo!”