Jòb
34 Epi, Eliyou te kontinye reponn, li di:
2 “Koute pawòl mwen yo, nou menm ki gen sajès.
Tande sa m ap di, nou menm ki tèlman konn anpil bagay.
3 Paske zòrèy egzamine pawòl
Menm jan lang* pran gou manje.
4 Annou chèche konnen sa ki dwat poukont nou,
Ann deside nou menm sa ki bon.
6 Èske m ap bay manti pou yo pa jije m jan yo dwe fè sa?
Maleng mwen yo pa ka geri, byenke m pa fè anyen ki mal+.’
7 Kiyès moun ki tankou Jòb,
Yon moun ki swaf pou yo pase l nan rizib tankou se te dlo li t ap bwè?
8 Li fè zanmi ak moun k ap fè sa ki mal,
E li nan tèt ansanm ak moun ki mechan+.
9 Paske li di: ‘Yon moun pap jwenn anyen
Lè l chèche fè Bondye plezi+.’
10 Se sa k fè, koute m, nou menm ki gen bon konprann*,
Li enposib pou vrè Dye a aji ak mechanste+,
Pou Toupisan an fè sa ki mal+!
11 Paske se li k ap rekonpanse yon moun pou sa moun nan fè+,
E l ap fè l peye tou pou fason l aji.
13 Kiyès ki ba l responsab tè a
E ki mete l pou l gouvène tout monn nan nèt*?
14 Si li fikse je* l sou yo,
Si l retire lespri yo ak souf yo+,
15 Tout moun* ap mouri yon sèl kou,
E lòm ap retounen nan pousyè+.
16 Se sa k fè, si nou gen bon konprann, tande sa,
Epi, koute byen sa m ap di:
17 Èske yon moun ki rayi sa ki dwat ta dwe ap dirije?
Oubyen èske w t ap kondane yon moun ki gen pouvwa k ap fè sa ki dwat?
18 Èske w t ap di yon wa: ‘Ou pa vo anyen’?
Oubyen èske w t ap di gwo potanta yo: ‘Nou mechan+’?
19 Gen yon Moun ki pa nan paspouki ak chèf yo
E ki pa bay moun rich yo plis valè pase malere yo*+,
Paske yo tout se travay li fè ak men l+.
20 Yo ka mouri bridsoukou+ nan mitan nuit lan+.
Apre yo fin tranble anpil, yo mouri.
Menm moun ki gen pouvwa yo ale san moun pa manyen yo+.
21 Paske, Bondye ap gade chemen chak moun+,
E li wè tout kote yo met pye yo,
22 Pa gen okenn fènwa ni okenn fènwa pwès
Pou moun k ap fè sa ki mal yo kache+.
23 Paske Bondye pa fikse yon lè pou pèsonn
Parèt devan l pou l jije yo.
24 Li kraze moun ki gen pouvwa yo san l pa bezwen fè ankèt,
E li met lòt moun nan plas yo+.
26 Li frape yo akoz mechanste yo fè,
Li fè sa yon kote tout moun ka wè+,
27 Paske yo sispann suiv li+,
E yo pa gen okenn respè pou chemen l yo+.
28 Yo lakòz moun ki malere yo rele nan pye l,
Konsa, li tande rèl moun ki san sekou yo+.
29 Lè Bondye ret san l pa di anyen, ki moun ki ka kondane l?
Lè l kache, ki moun ki ka wè l?
Kit se pou yon nasyon li kache, kit se pou yon moun, se menm bagay la,
30 Yon fason pou yon moun ki kite Bondye* pa gen pouvwa pou l dirije+,
Ni pou l pa tann pèlen pou moun.
31 W ap di Bondye:
‘M ap soufri san m pa fè anyen ki mal+.
32 Montre m sa m pa wè a.
Si m te fè yon bagay ki pa bon, mwen pap fè sa ankò.’
33 Dapre ou menm, èske Bondye ta dwe rekonpanse w, alòske ou pa t dakò ak desizyon l pran?
Se ou menm ki dwe deside, se pa mwen menm.
Ebyen, sa w byen konnen an, se pou w di m li.
34 Moun ki gen bon konprann*
E nenpòt moun ki gen sajès k ap koute m ap di m:
35 ‘Jòb pale san l pa gen konesans+,
E pawòl li yo montre li pa gen bon konprann.’
36 Se pou Jòb pase anba eprèv* nèt!
Paske li reponn tankou moun ki mechan.