Jòb
2 Menm jan ak yon esklav, li ta renmen jwenn lonbray
E menm jan ak yon travayè, l ap tann pou yo peye l+.
3 Se konsa yo fè m travay pandan yon pakèt mwa pou granmesi
E mwen pase anpil nuit ap soufri+.
4 Lè m al kouche, mwen mande: ‘Ki lè m ap leve+?’
Men, tank nuit lan long, mwen bat kò m san rete jis li jou.
8 Je k ap gade m kounye a pap wè m ankò.
W ap chèche wè m, men mwen pap la+.
11 Se sa k fè, mwen pap fèmen bouch mwen
M ap pale akoz tristès mwen gen nan kè m,
12 Èske m se lanmè oswa yon gwo bèt nan lanmè
Ki fè w oblije met yon moun veye m?
13 Lè m di: ‘M ap jwenn soulajman sou kabann mwen,
Kabann mwen ap soulaje m nan mizè m’,
14 Lè konsa, ou fè m fè rèv ki fè m pè,
E ou fè m fè vizyon ki ban m kè kase,
15 Se sa k fè mwen* ta pito souf mwen koupe,
18 Poukisa w ap veye l chak maten,
E w teste l tanzantan+?
19 Èske w pap sispann gade m,
E pou w fè yon ti kite m, jis pou yon ti moman+?
20 Si m peche, ki sa m ka fè w, ou menm, Sila a k ap siveye tout sa moun ap fè+?
Poukisa se mwen w vize?
Èske m vin tounen yon chay pou ou?
21 Poukisa w pa padone sa m fè ki mal
E w pa bliye peche m fè?
Paske, talè konsa, mwen pral mouri e m ap retounen nan pousyè+,
W ap chèche m, men m pap la.”