BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Samyèl 16
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Ziba bay manti sou Mefibochèt (1-4)

      • Chimeyi bay David madichon (5-14)

      • Absalon resevwa Ouchayi (15-19)

      • Konsèy Ayitofèl la (20-23)

2 Samyèl 16:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 15:30
  • +2Sa 9:2, 9
  • +2Sa 9:6
  • +1Sa 25:18

2 Samyèl 16:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 17:27-29

2 Samyèl 16:3

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pitit pitit”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 9:3
  • +2Sa 19:25-27

2 Samyèl 16:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 9:9, 10
  • +Pw 26:22

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    8/2018, p. 6

2 Samyèl 16:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 19:16; 1Wa 2:8, 44
  • +Eg 22:28; Ekl 10:20

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    9/2018, p. 6-7

2 Samyèl 16:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 24:6, 7; 26:9, 11; Sm 3:1, 2; 7:1; 71:10, 11

2 Samyèl 16:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 2:15, 16
  • +1Sa 24:14
  • +Eg 22:28
  • +1Sa 26:8

2 Samyèl 16:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 19:22; 1Wa 2:5
  • +Sm 37:8; 1P 2:23
  • +2Sa 12:10

2 Samyèl 16:11

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “chèche nanm mwen”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 12:11; 15:14; 17:12
  • +2Sa 19:16

2 Samyèl 16:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 29:32; Eg 3:7; Sm 25:18
  • +Sm 109:28

2 Samyèl 16:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 16:5

2 Samyèl 16:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 15:12, 31

2 Samyèl 16:16

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon moun ki konn tout ti sekrè David”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 15:32, 37; 1Kw 27:33
  • +Joz 16:1, 2
  • +1Wa 1:25

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    3/2017, p. 29

2 Samyèl 16:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 15:34

2 Samyèl 16:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 37:12

2 Samyèl 16:21

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “palè a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 18:8; 20:11; 1Wa 2:22
  • +2Sa 15:16

2 Samyèl 16:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 11:2
  • +Dt 22:30; 2Sa 20:3
  • +2Sa 12:11, 12

2 Samyèl 16:23

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “tankou se konsèy moun chèche jwenn nan”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 15:12; 17:14, 23

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Sam. 16:12Sa 15:30
2 Sam. 16:12Sa 9:2, 9
2 Sam. 16:12Sa 9:6
2 Sam. 16:11Sa 25:18
2 Sam. 16:22Sa 17:27-29
2 Sam. 16:32Sa 9:3
2 Sam. 16:32Sa 19:25-27
2 Sam. 16:42Sa 9:9, 10
2 Sam. 16:4Pw 26:22
2 Sam. 16:52Sa 19:16; 1Wa 2:8, 44
2 Sam. 16:5Eg 22:28; Ekl 10:20
2 Sam. 16:81Sa 24:6, 7; 26:9, 11; Sm 3:1, 2; 7:1; 71:10, 11
2 Sam. 16:91Kw 2:15, 16
2 Sam. 16:91Sa 24:14
2 Sam. 16:9Eg 22:28
2 Sam. 16:91Sa 26:8
2 Sam. 16:102Sa 19:22; 1Wa 2:5
2 Sam. 16:10Sm 37:8; 1P 2:23
2 Sam. 16:102Sa 12:10
2 Sam. 16:112Sa 12:11; 15:14; 17:12
2 Sam. 16:112Sa 19:16
2 Sam. 16:12Jen 29:32; Eg 3:7; Sm 25:18
2 Sam. 16:12Sm 109:28
2 Sam. 16:132Sa 16:5
2 Sam. 16:152Sa 15:12, 31
2 Sam. 16:162Sa 15:32, 37; 1Kw 27:33
2 Sam. 16:16Joz 16:1, 2
2 Sam. 16:161Wa 1:25
2 Sam. 16:192Sa 15:34
2 Sam. 16:20Sm 37:12
2 Sam. 16:21Le 18:8; 20:11; 1Wa 2:22
2 Sam. 16:212Sa 15:16
2 Sam. 16:222Sa 11:2
2 Sam. 16:22Dt 22:30; 2Sa 20:3
2 Sam. 16:222Sa 12:11, 12
2 Sam. 16:232Sa 15:12; 17:14, 23
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Samyèl 16:1-23

2 Samyèl

16 Lè David te fèk fin kite tèt mòn nan+, Ziba+, sèvitè Mefibochèt la+, te ret ap tann li ak de bourik byen chaje ki te pote 200 pen, 100 gato rezen, 100 gato ki fèt ak fwi ki bon nan sezon ete ak yon gwo bidon diven+. 2 Epi, wa a mande Ziba: “Poukisa w pote tout bagay sa yo?” Ziba reponn: “Monwa, bourik yo se pou fanmi w monte, pen yo ak fwi yo se pou jèn mesye yo manje e diven an se pou moun ki avè w ki vin bouke nan dezè a bwè+.” 3 Lè sa a, wa a di l: “Kot pitit gason* mèt ou a+?” Ziba reponn wa a: “Li ret Jerizalèm, paske li di: ‘Jodi a, pèp Izrayèl la ap remèt mwen wayòm papa m nan+.’” 4 Apre sa, wa a di Ziba: “Gade! Tout sa ki te pou Mefibochèt yo vin pou ou+.” Ziba reponn: “Mwen bese byen ba devan w. Monwa, mèt mwen, mwen swete pou m fè w plezi+.”

5 Lè wa David rive Bawourim, gen yon mesye nan fanmi Sayil ki rele Chimeyi+, pitit gason Gera, ki vin bay wa a madichon toutpandan l t ap pwoche kote l+. 6 Li t ap voye wòch sou David, sou tout sèvitè wa David yo, sou tout moun yo e sou gason vanyan ki te ni sou bò dwat ni sou bò goch wa a. 7 Chimeyi t ap bay wa a madichon, li t ap di: “Retire kò w la a! Retire kò w la a! Asasen! Vagabon! 8 Se peye Jewova ap fè w peye pou tout san ki koule nan fanmi Sayil, li menm ou te vin wa nan plas li a. Kounye a, se Absalon, pitit gason w lan, Jewova bay wayòm nan. Malè tonbe sou ou kounye a, paske se yon asasen w ye+!”

9 Lè sa a, Abichayi, pitit gason Sewouya a+, di wa a: “Monwa, mèt mwen, poukisa w kite chen mouri sa a+ ap ba w madichon konsa+? Tanpri, kite m janbe lòtbò a pou m al koupe tèt li+.” 10 Men, wa a di: “Nou menm pitit gason Sewouya yo, ki sa nou gen pou n wè nan sa+? Kite l ban m madichon+, paske se Jewova ki di l: ‘Bay David madichon.’ Ki moun ki gen dwa di l+: ‘Poukisa w ap fè sa?’” 11 Apre sa, David di Abichayi ak tout sèvitè l yo: “Si pwòp pitit gason m ki sot nan ren m ap chèche retire lavi m*+, alewè pou yon moun ki sot nan tribi Benjamen+! Kite l ban m madichon, paske se Jewova ki di l fè sa. 12 Petèt, Jewova ap wè mizè m+ e Jewova ap fè byen pou mwen nan plas madichon l ap ban m jodi a+.” 13 Se konsa, David ak mesye l yo te kontinye desann sou wout la pandan Chimeyi t ap mache sou kote mòn nan, li t ap mache kòtakòt ak David nan bò pa l la, li t ap bay David madichon+ e li t ap voye wòch ak anpil pousyè sou li.

14 Apre sa, wa a ansanm ak tout moun ki te avè l yo rive kote yo t aprale a. Yo te fatige anpil, e yo t al fè yon ti poze.

15 Pandan tan sa a, Absalon ak tout mesye ann Izrayèl yo te rive Jerizalèm. Ayitofèl+ te ansanm ak Absalon. 16 Lè Ouchayi+, Akit la+, zanmi David*, rive kot Absalon, li di Absalon: “Viv wa a+! Viv wa a!” 17 Lè sa a, Absalon di Ouchayi: “Se konsa w montre ou gen lanmou ki fidèl pou zanmi w lan! Poukisa w pa t al ak zanmi w lan?” 18 Ouchayi reponn Absalon: “Non, mwen pa t ap ka fè yon bagay konsa! Moun Jewova chwazi a, moun pèp sa a chwazi a, moun tout mesye ann Izrayèl yo chwazi a, se pou moun sa a mwen ye. Se avè l m ap rete. 19 M ap di sa ankò: Ki moun pou m sèvi? Èske m pa dwe sèvi ou menm pitit gason l lan? Menm jan mwen te sèvi papa w la, se konsa m ap sèvi w tou+.”

20 Epi, Absalon di Ayitofèl: “Ban m yon konsèy+. Ki sa n dwe fè?” 21 Lè sa a, Ayitofèl reponn Absalon: “Antre nan relasyon ak madanm sou kote papa w genyen yo+, medam li kite pou okipe kay la*+. Lè sa a, tout moun ann Izrayèl ap konnen ou fè papa w rayi w nèt, e moun ki avè w yo ap vin gen plis kran.” 22 Se konsa, yo monte yon tant pou Absalon sou tèt kay la+, epi Absalon antre nan relasyon ak madanm sou kote papa l yo+ devan je tout pèp Izrayèl la+.

23 Nan epòk sa a, yo te pran konsèy Ayitofèl bay yo+ tankou se* pawòl vrè Dye a. Se konsa David ak Absalon te konsidere tout konsèy Ayitofèl bay.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje