BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Samyèl 11
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • David fè adiltè ak Batcheba (1-13)

      • David fè yon jan pou l fè touye Ouri (14-25)

      • David pran Batcheba kòm madanm li (26, 27)

2 Samyèl 11:1

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de sezon prentan.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 12:26
  • +1Kw 20:1

2 Samyèl 11:2

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Byen ta nan aprèmidi”.

  • *

    Oswa: “palè”.

2 Samyèl 11:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 12:24; 1Wa 1:11
  • +1Kw 3:5, 9
  • +2Sa 23:8, 39; 1Wa 15:5
  • +Jen 10:15; Dt 20:17

2 Samyèl 11:4

Nòt anba paj

  • *

    Petèt apre l te fin gen règ li.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:14, 17
  • +Le 18:20; 20:10; Pw 6:32; Eb 13:4
  • +Le 12:2; 15:19; 18:19

2 Samyèl 11:8

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “al lave pye w”.

  • *

    Oswa: “pòsyon wa a”. Se pòsyon yon moun ki te resevwa yon moun ki te vin vizite l, yon moun li onore, te voye ba li.

2 Samyèl 11:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 6:17; 7:2
  • +Le 15:16; 1Sa 21:5

2 Samyèl 11:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 51:14; Pw 3:29

2 Samyèl 11:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 12:9

2 Samyèl 11:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jj 9:50-53
  • +Jj 6:32; 7:1

2 Samyèl 11:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 11:17

2 Samyèl 11:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 12:26

2 Samyèl 11:27

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “te mal nan je Jewova”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 5:13; 12:9
  • +Jen 39:7-9; 1Wa 15:5; Sm 5:6; 11:4; Eb 13:4

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Sam. 11:12Sa 12:26
2 Sam. 11:11Kw 20:1
2 Sam. 11:32Sa 12:24; 1Wa 1:11
2 Sam. 11:31Kw 3:5, 9
2 Sam. 11:32Sa 23:8, 39; 1Wa 15:5
2 Sam. 11:3Jen 10:15; Dt 20:17
2 Sam. 11:4Eg 20:14, 17
2 Sam. 11:4Le 18:20; 20:10; Pw 6:32; Eb 13:4
2 Sam. 11:4Le 12:2; 15:19; 18:19
2 Sam. 11:112Sa 6:17; 7:2
2 Sam. 11:11Le 15:16; 1Sa 21:5
2 Sam. 11:15Sm 51:14; Pw 3:29
2 Sam. 11:172Sa 12:9
2 Sam. 11:21Jj 9:50-53
2 Sam. 11:21Jj 6:32; 7:1
2 Sam. 11:242Sa 11:17
2 Sam. 11:252Sa 12:26
2 Sam. 11:272Sa 5:13; 12:9
2 Sam. 11:27Jen 39:7-9; 1Wa 15:5; Sm 5:6; 11:4; Eb 13:4
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Samyèl 11:1-27

2 Samyèl

11 Nan kòmansman ane a*, nan moman wa yo te konn al fè lagè youn ak lòt, David te voye Jowab ak sèvitè l yo ansanm ak tout lame Izrayèl la al touye desandan Amon yo. Yo te ansèkle vil Raba+, pandan David li menm te rete Jerizalèm+.

2 Yon jou swa*, David te leve nan kabann li pou l al fè yon ti mache sou do kay* li a. Pandan l sou do kay la, li gade l wè yon dam k ap benyen e dam nan te bèl anpil. 3 David voye yon moun al pran enfòmasyon sou dam nan, e moun nan vin di l: “Dam nan rele Batcheba+, li se pitit Elyam+ e li se madanm Ouri+, yon desandan Èt+.” 4 Epi, David voye al chèche dam nan mennen ba li+. Se konsa, dam nan antre vin kote l e li kouche ak dam nan+. (Sa te rive nan moman dam nan t ap pirifye tèt li paske li pa t pwòp*+.) Apre sa, dam nan retounen lakay li.

5 Dam nan te vin ansent e li voye nouvèl bay David, li voye di l: “Mwen ansent.” 6 Lè sa a, David voye di Jowab: “Voye Ouri, desandan Èt la, vin jwenn mwen.” Se konsa, Jowab voye Ouri al jwenn David. 7 Lè Ouri rive kot David, David mande l nouvèl Jowab ak nouvèl sòlda yo e li mande l ki jan lagè a ye. 8 Apre sa, David di Ouri: “Desann lakay ou al pran yon ti repo*.” Lè Ouri sot kay wa a, yo voye kado wa a konn bay la* ba li. 9 Epoutan, Ouri ret dòmi nan antre kay wa a ansanm ak tout lòt sèvitè wa a. Li pa t al lakay li. 10 Se sa k fè, yo t al di David: “Ouri pa al lakay li.” Lè sa a, David di Ouri: “Èske w pa fèk sot vwayaje? Poukisa w pa al lakay ou?” 11 Ouri reponn David: “Lach la+ ak lame Izrayèl la ansanm ak lame Jida a anba tant pou kounye a, e Jowab, mèt mwen an, ansanm ak sèvitè l yo monte tant yo nan savann nan. Nan ka sa a, èske m ta dwe al lakay mwen pou m al manje, bwè epi antre nan relasyon ak madanm mwen+? Menm jan li klè w ap viv e ou vivan, mwen fè sèman mwen pap fè yon bagay konsa!”

12 Apre sa, David di Ouri: “Ret isit la jodi a ankò, epi demen m ap voye w ale.” Se konsa, Ouri ret Jerizalèm jou sa a ak jou ki vin apre a. 13 Epi, David voye rele l pou l vin manje epi bwè avè l. David te fè l bwè jis li sou. Men, nan aswè, Ouri al dòmi nan kabann li bò kot sèvitè wa a, mèt li a, te genyen yo. Li pa t al lakay li. 14 Nan demen maten, David ekri yon lèt pou l voye bay Jowab e li bay Ouri pote lèt la. 15 Men sa l te ekri nan lèt la: “Met Ouri nan ranje sòlda ki devan yo, kote batay la pi rèd la. Apre sa, rale kò nou dèyè l pou yo ka vide l atè pou l mouri+.”

16 Jowab te ansèkle vil la devan kou dèyè, li te mete Ouri kote l konnen gen sòlda ènmi ki pi fò yo. 17 Lè mesye yo nan vil la soti vin fè lagè ak Jowab, gen kèk nan sèvitè David yo ki mouri, e Ouri, desandan Èt la, mouri tou+. 18 Epi, Jowab voye di David tout sa k pase nan lagè a. 19 Li di moun ki t ap pote nouvèl la: “Lè w fin di wa a tout sa k pase nan lagè a, 20 wa a ka vin fache e li ka mande w: ‘Poukisa nou te oblije al batay pre vil la konsa? Èske nou pa t konnen sòlda yo te ka ret sou tèt miray la yo tire sou nou? 21 Ki moun ki te touye Abimelèk+, pitit gason Jewoubechèt la+? Èske se pa t yon fi ki te ret sou tèt yon miray li lage yon gwo wòch yo konn sèvi pou yo moulen manje angren sou li e li touye l nan Tebèz? Poukisa nou t al toupre miray la?’ Lè sa a, di l: ‘Ouri, desandan Èt la, sèvitè w la, mouri tou.’”

22 Epi, moun Jowab te bay pot nouvèl la t al di David tout sa Jowab te voye l di yo. 23 Moun nan di David: “Ènmi yo te pi fò pase nou e yo te vin atake nou nan savann nan. Men, nou te fè bak, n al bò pòtay vil la. 24 Sòlda ki t ap tire flèch yo te ret sou tèt miray la, yo tire sou sèvitè w yo. Monwa, gen kèk nan sèvitè w yo ki mouri. Ouri, sèvitè w la, desandan Èt la, mouri tou+.” 25 Menm kote a, David di moun ki te pot nouvèl la: “Men sa pou w di Jowab: ‘Pa kite sa ba w pwoblèm! Depi yon moun nan lagè, li ka mouri. Kontinye fè lagè pi rèd ak moun nan vil la jiskaske w pran vil la+.’ Lèfini, ankouraje Jowab.”

26 Lè madanm Ouri aprann Ouri, mari l, mouri, li te vin nan lapenn pou li. 27 Lè kantite tan li te dwe pase nan lapenn pou mari l la fini, David voye chèche l tousuit, li fè l vin lakay li, li marye avè l+ e David te vin gen yon pitit gason avè l. Men, sa David te fè a pa t fè Jewova plezi ditou*+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje