Jozye
1 Apre lanmò Moyiz, sèvitè Jewova a, men sa Jewova te di Jozye*+, pitit gason Noun nan, ki te adjwen+ Moyiz: 2 “Moyiz, sèvitè m nan, mouri+. Kounye a, prepare w pou w al travèse Rivyè Jouden an, ou menm ak tout pèp sa a, pou n al nan peyi m ap ba yo a, peyi m ap bay pèp Izrayèl la+. 3 M ap ba w tout kote w met pye w, jan m te pwomèt Moyiz la+. 4 Tèritwa w la ap soti depi nan dezè a, toupre Liban, rive jis nan gwo rivyè a, Rivyè Efrat, sètadi tout peyi desandan Èt yo+, e l ap rive nan Gwo Lanmè a*, nan direksyon lwès*+. 5 Pèsonn pap ka pot laviktwa sou ou toutotan w vivan+. Menm jan m te avèk Moyiz, se konsa m ap avè w tou+. Mwen pap ni kite w ni abandone w+. 6 Mete kouraj sou ou e mete kran sou ou+, paske se ou k ap fè pèp sa a jwenn peyi mwen te fè sèman bay zansèt yo m ap ba yo a+.
7 “Yon sèl bagay, mete kouraj sou ou e mete anpil kran sou ou. Epi, byen suiv tout Lwa Moyiz, sèvitè m nan, te ba w la. Pa fè ni adwat ni agoch+, yon fason pou w ka aji avèk sajès nenpòt kote w ale+. 8 Pawòl ki nan liv Lalwa a dwe toujou nan bouch ou+ e ou dwe li l tou ba* lajounen kou lannuit pou w ka byen suiv tout sa ki ekri ladan l+. Konsa, tout sa w ap fè ap reyisi e w ap aji avèk sajès+. 9 Èske m pa t ba w lòd pou w mete kouraj sou ou e pou w mete kran sou ou? Pinga w pè e pinga w kraponnen, paske mwen menm, Jewova, Bondye w la, mwen avè w kèlkeswa kote w ale+.”
10 Annapre, men lòd Jozye te bay moun ki gen otorite yo nan mitan pèp la: 11 “Ale nan tout kan an, epi bay pèp la lòd, di yo: ‘Prepare sa n ap bezwen pou nou manje, paske nan twa jou nou pral travèse Rivyè Jouden an pou n al pran peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an+.’”
12 Epi, men sa Jozye te di desandan Ribenn yo, desandan Gad yo ak mwatye nan tribi Manase a: 13 “Sonje lòd Moyiz, sèvitè Jewova a, te ban nou an. Li te di nou+: ‘Jewova, Bondye nou an, ap ban nou lapè, e se li ki ban nou peyi sa a. 14 Madanm nou, pitit nou ak twoupo bèt nou yo ap abite nan peyi Moyiz te ban nou nan lès Rivyè Jouden an+. Men, nou tout sòlda vanyan yo+, nou dwe prepare nou pou n al fè lagè e nou dwe travèse rivyè a anvan frè nou yo+. Nou dwe ede yo 15 jiskaske Jewova fè frè nou yo jwenn lapè, jan l te fè sa pou nou an, e jiskaske yo pran peyi Jewova, Bondye nou an, ap ba yo a. Apre sa, n ap retounen nan peyi yo te ban nou pou n abite a e n ap rete ladan l, peyi Moyiz, sèvitè Jewova a, te ban nou nan lès Rivyè Jouden an+.’”
16 Yo reponn Jozye, yo di l: “N ap suiv tout lòd ou bay yo e nou pral nenpòt kote w voye nou+. 17 Menm jan nou te koute tout sa Moyiz te di nou, se konsa tou n ap koute sa w di. Yon sèl bagay, nou swete pou Jewova, Bondye w la, avè w, menm jan li te avèk Moyiz la+. 18 N ap touye nenpòt moun ki fè rebèl kont lòd ou bay e ki pa obeyi tout lòd ou bay+. Sèl bagay, mete kouraj sou ou e mete kran sou ou+.”