Levitik
15 Jewova kontinye pale ak Moyiz ak Arawon e li di yo: 2 “Pale ak Izrayelit yo, di yo: ‘Si yon gason gen yon ekoulman nan pati entim li*, li pa pwòp akoz ekoulman sa a+. 3 Li pa pwòp akoz ekoulman li genyen an, kit ekoulman an kontinye soti nan pati entim li, kit li bouche l.
4 “‘Kèlkeswa kabann moun ki gen ekoulman an kouche sou li, kabann nan pap pwòp, e kèlkeswa bagay li chita sou li, bagay sa a pap pwòp. 5 Si yon moun manyen kabann moun sa a, li dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè+. 6 Nenpòt moun ki chita sou yon bagay moun ki gen ekoulman an te chita sou li dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè. 7 Nenpòt moun ki manyen yon moun ki gen ekoulman dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè. 8 Si moun ki gen ekoulman an krache sou yon moun ki pwòp, moun sa a dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè. 9 Si moun ki gen ekoulman an chita sou sèl ki sou yon bèt, sèl sa a pap pwòp. 10 Kèlkeswa moun ki manyen nenpòt bagay moun ki gen ekoulman an te chita sou li, moun sa a pap pwòp rive jis nan aswè, e moun ki pote bagay sa yo dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè. 11 Si moun ki gen ekoulman an+ pa t lave men l epi li manyen yon moun, moun li manyen an dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè. 12 Si moun ki gen ekoulman an manyen yon veso ki fèt an tè, yo dwe kraze veso sa a, men si se yon veso ki fèt an bwa, yo dwe lave l+.
13 “‘Lè ekoulman moun nan te genyen an kanpe e moun nan vin pwòp, moun nan dwe kite sèt jou pase pou l pirifye tèt li. Li dwe lave rad li, li dwe benyen ak dlo sous e l ap vin pwòp+. 14 Sou uityèm jou a, l ap pran de toutrèl oswa de jenn pijon+, l ap vin devan Jewova, nan antre tant reyinyon an, e l ap bay prèt la yo. 15 Prèt la ap ofri yo, youn kòm sakrifis pou peche e lòt la kòm sakrifis yo boule nèt. Prèt la ap chèche jwenn padon nan men Jewova pou moun nan poutèt ekoulman li te genyen an.
16 “‘Si yon gason ejakile sou li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè+. 17 Li dwe lave nenpòt rad oswa nenpòt bagay ki fèt ak po li te sal lè li te ejakile a, e bagay sa a pap pwòp rive jis nan aswè.
18 “‘Lè yon gason kouche ak yon fi e li ejakile, yo dwe benyen e yo pap pwòp rive jis nan aswè+.
19 “‘Si san ap koule sou yon fi, li pap pwòp akoz règ li pandan sèt jou+. Kèlkeswa moun ki manyen l pap pwòp rive jis nan aswè+. 20 Kèlkeswa bagay li kouche sou li pandan l gen règ li a, bagay sa a pap pwòp e kèlkeswa bagay li chita sou li nan moman sa a, bagay sa a pap pwòp+. 21 Nenpòt moun ki manyen kabann fi ki gen règ li a dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè. 22 Kèlkeswa moun ki manyen nenpòt bagay li te chita sou li, moun sa a dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè. 23 Si yon moun manyen kabann fi a oswa yon lòt bagay fi a te chita sou li, moun nan pap pwòp rive jis nan aswè+. 24 Si yon gason kouche avèk yon fi e san règ fi a fè l vin pa pwòp+, gason sa a pap pwòp pandan sèt jou, e kèlkeswa kabann li kouche sou li a, kabann sa a pap pwòp tou.
25 “‘Lè yon fi gen yon san k ap koule sou li pandan plizyè jou+, alòske se pa moman li abitye gen règ li+, oswa si règ li ret sou li pandan plis jou pase kantite jou li konn genyen l lan, li pap pwòp pandan tout jou san an ap koule sou li a, menm jan sa ye lè l pa pwòp akoz règ li a. 26 Kèlkeswa kabann li kouche sou li nan peryòd li gen san k ap koule sou li a, kabann sa a pap pwòp menm jan ak kabann li kouche sou li lè l gen règ li a+, e kèlkeswa bagay li chita sou li, bagay sa a pap pwòp menm jan ak bagay li chita sou yo lè l gen règ li a. 27 Kèlkeswa moun ki manyen bagay sa yo, moun sa a pap pwòp. Li dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè+.
28 “‘Men, lè san an sispann koule sou li, l ap kite sèt jou pase apati jou san an sispann koule a, apre sa l ap pwòp+. 29 Sou uityèm jou a, li dwe pran de toutrèl oswa de jenn pijon+ e l ap pote yo bay prèt la nan antre tant reyinyon an+. 30 Prèt la ap ofri youn kòm sakrifis pou peche e lòt la kòm sakrifis yo boule nèt. Prèt la ap chèche jwenn padon nan men Jewova pou fi sa a poutèt san ki t ap koule sou li ki te fè l pa pwòp la+.
31 “‘Nou dwe ede Izrayelit yo rete pwòp, yon fason pou yo pa mouri poutèt yo montre yo pa gen respè pou tabènak* mwen an ki nan mitan yo a akoz yo pa pwòp+.
32 “‘Lwa sa a se lwa ki konsène gason ki gen yon ekoulman, gason ki pa pwòp paske li ejakile sou li+, 33 fi ki gen règ li+, kèlkeswa gason oswa fi ki gen yon ekoulman+ e ki konsène yon gason ki kouche avèk yon fi ki pa pwòp.’”