Sòm
Yon chante David te ekri.
2 M ap bese byen ba nan direksyon tanp ou an ki sen*+
E m ap fè louwanj pou non w+
Akoz lanmou w* ak fidelite w.
Paske, ou fè pawòl ou ak non w gen plis glwa pase tout lòt bagay*.
4 Tout wa ki sou tè a gen pou yo fè louwanj pou ou, o Jewova+,
Paske, y ap tande pale de pwomès ou fè yo.
5 Y ap gen pou yo chante konsènan chemen Jewova yo,
Paske, Jewova gen yon glwa ki estrawòdinè+.
6 Byenke Jewova abite anwo nan syèl la, li konnen moun ki gen imilite yo+,
Men li rete byen lwen moun ki ògeye yo+.
7 Menm lè m ap mache nan mitan danje, w ap prezève lavi m+.
W ap lonje men w pou w frape ènmi m yo ki an kòlè anpil.
W ap sove m ak men dwat ou.