BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Eklezyas 6
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Eklezyas — Sa ki gen nan liv sa a

      • Yon moun konn gen anpil byen, men l pa jwi yo (1-6)

      • Pwofite sa w genyen kounye a (7-12)

Eklezyas 6:1

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “kalamite”.

  • *

    Lit.: “wè anba solèy la”.

Eklezyas 6:2

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pou moun sa a pa manke anyen pou nanm li”.

Eklezyas 6:3

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “men nanm li”.

  • *

    Oswa: “li vin granmoun, e menm tonm nan pa t vin pou li”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ekl 4:2, 3

Eklezyas 6:5

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “li gen plis repo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jb 3:11, 13; 14:1

Eklezyas 6:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jb 30:23; Ekl 3:20; Wm 5:12

Eklezyas 6:7

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 3:19; Pw 16:26

Eklezyas 6:8

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “konn ki jan pou l mache devan moun k ap viv yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 49:10; Ekl 2:15, 16

Eklezyas 6:9

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pase pou nanm nan ap fè ale vini”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    8/2021, p. 21

    Reveye n!,

    2/2014, p. 8

    Toudegad,

    1/11/2006, p. 20

Eklezyas 6:10

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “li pa ka plede kòz li”.

Eklezyas 6:11

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “bagay”.

Eklezyas 6:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 29:15; Jb 8:9; 14:1, 2; Sm 102:11

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Ekl. 6:3Ekl 4:2, 3
Ekl. 6:5Jb 3:11, 13; 14:1
Ekl. 6:6Jb 30:23; Ekl 3:20; Wm 5:12
Ekl. 6:7Jen 3:19; Pw 16:26
Ekl. 6:8Sm 49:10; Ekl 2:15, 16
Ekl. 6:121Kw 29:15; Jb 8:9; 14:1, 2; Sm 102:11
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Eklezyas 6:1-12

Eklezyas

6 Gen yon lòt malè* mwen wè ankò sou tè a*, e se yon bagay ki rive anpil moun: 2 Vrè Dye a bay yon moun richès ak anpil byen ansanm ak anpil glwa, yon fason pou moun sa a gen tout sa l vle*. Men, vrè Dye a pa pèmèt li jwi yo, se yon lòt moun ki gendwa ap jwi yo. Sa a tou ap pase, e se kòmsi moun sa a te gen yon move maladi. 3 Si yon moun ta vin papa 100 fwa, li ta viv anpil ane, epi li vin granmoun, men li* pa jwi bon bagay li genyen yo anvan l al nan tonm*, ebyen, fò m di yon timoun ki fèt tou mouri pi bon pase l+. 4 Paske, timoun sa a te fèt pou granmesi. Li mouri nan fènwa. Epi, fènwa kouvri non l. 5 Se vre timoun ki fèt tou mouri a pa t janm wè solèy e li pa t janm konn anyen, men, li toujou pi bon* pase moun sa a+. 6 Ki avantaj yon moun ap jwenn si l viv 2 000 an, men li pa janm konn sa k rele kè kontan? Èske tout moun pa pral menm kote+?

7 Tout travay di yon moun ap fè se pou bouch li+. Malgre sa, vant* li pa janm plen. 8 Paske ki avantaj yon moun ki gen sajès genyen sou yon moun ki sòt+, oubyen sa sa ap itil moun ki malere a si l konn ki sa pou l fè pou l viv*? 9 Li pi bon pou w pwofite sa w gen devan je w pase pou w anvi sa w pa ka genyen*. Sa a tou ap pase, se kòmsi se dèyè van w ap kouri.

10 Kèlkeswa sa ki egziste a, yo te deja ba l yon non. Epitou, sa lòm ye parèt byen klè. Li pa ka nan diskisyon* ak yon moun ki gen plis fòs pase l. 11 Tank gen pawòl*, se tank yo pa vo anyen. E ki sa moun jwenn nan sa? 12 Kiyès ki konnen ki sa ki pi bon pou yon moun fè nan lavi a pandan ti tan l ap viv pou granmesi a, kote lavi l pase tankou lonbray+? Paske kiyès ki ka di yon moun sa k pral rive sou tè a apre l fin mouri?

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje