Jòb
20 Sofa+, desandan Naama a*, reponn:
2 “Se sa w sot di a ki toumante m ki fè m reponn,
Paske m santi m boulvèse.
3 Mwen tande w di yon pawòl pou w manke m dega,
Epi, bon konprann mwen* genyen pouse m reponn.
5 Se pou yon ti tan moun ki mechan an ap rele ak kè kontan,
6 Byenke ògèy li rive jis nan syèl
E tèt li rive nan nyaj yo,
7 L ap disparèt pou toutan menm jan ak poupou l,
Moun ki te abitye wè l yo ap mande: ‘Kote li?’
8 L ap pase byen vit tankou yon rèv, e yo pap jwenn li,
Y ap bliye l tankou yon vizyon yo fè nan nuit.
9 Je ki te konn wè l yo pap wè l ankò,
E moun kote l te ye a pap wè l ankò+.
10 Pwòp pitit li pral mande pòv fè yo favè,
E se li menm menm k ap bay lòt moun richès li yo+.
11 Li* te chaje ak fòs tankou yon moun ki jèn,
Men, l ap mouri ak tout fòs li.
12 Si sa ki pa bon gen bon gou nan bouch li,
Si li kache l anba lang li,
13 Si l pran san l pou l pran gou l san li pa jete l,
E li kontinye kenbe l nan bouch li,
14 Sa l ap manje a ap gate nan vant li,
L ap vin tankou pwazon kobra* anndan l.
15 Li te vale anpil richès, men l ap vomi tout,
Bondye ap retire yo nan vant li nèt.
16 L ap souse pwazon ki nan kobra yo,
Yon vipè ap pike l e l ap touye l.
17 Li pap janm wè rivyè ankò,
Gwo rivyè siwo myèl ak bè k ap koule.
19 Paske, li te kraze moun ki pòv la, li te abandone l.
Li te pran yon kay li pa t bati,
20 Li pap santi l anpè,
Richès li yo pap ka delivre l.
21 Pa ret anyen pou l kouri pran,
Se poutèt sa richès li yo ap fini.
22 Gen yon sèl kè kase k ap anvayi l lè l fin rich nèt,
Tout malè ap rive l.
23 Pandan moun ki mechan an ap plen vant li,
Bondye* ap lage gwo kòlè l sou li.
Kòlè l ap tonbe sou li e l ap antre anndan trip li.
24 Pandan mechan an ap kouri pou zam ki fèt an fè,
Flèch ki soti nan yon banza* an kuiv ap pèse kò l.
26 Y ap voye trezò l genyen yo nan fènwa nèt,
Yon dife pèsonn pa t ni limen ni vante ap boule l nèt,
Malè ap rive tout moun ki chape ki anba tant li an.
27 Syèl la ap fè konnen peche l fè,
Latè ap leve kont li.
28 Yon gwo dlo ap pote kay li ale,
Yon gwo dlo k ap rive nan jou kòlè Bondye* a.
29 Se sa Bondye bay moun ki mechan an,
Se sa Bondye kite pou li.”