2 Wa
7 Elize di l: “Koute sa Jewova di. Jewova di: ‘Demen, vè lè konsa, yon seya* farin bon kalite ap vann yon chekèl* nan pòtay* vil Samari, e de seya lòj* ap vann yon chekèl+.’” 2 Lè sa a, sèvitè wa a te fè konfyans lan di sèvitè vrè Dye a: “Menmsi Jewova ta ouvri tout vàn ki nan syèl la, ou kwè yon bagay* konsa ka fèt vre+?” Elize di l: “Ou gen pou w wè sa ak je w+, men, ou pap manje ladan l+.”
3 Te gen kat mesye ki gen lèp ki te chita nan antre pòtay vil la+. Youn te di lòt: “Poukisa nou ret chita la a ap tann lanmò nou? 4 Si nou antre nan vil la pandan gen grangou nan vil la+, n ap mouri, e si nou ret chita la a, n ap mouri. Kidonk, ann al nan kan moun Siri yo. Si yo pa touye nou, n a viv, men si yo touye nou, n a mouri.” 5 Se sa k fè yo leve nan nuit e yo antre nan kan moun Siri yo. Lè yo rive arebò kan an, yo pa wè pèsonn nan kan an.
6 Jewova te fè tout moun Siri ki te nan kan an tande bri charyo pou fè lagè, bri cheval ak bri yon gwo lame k ap vin sou yo+. Se sa k fè, youn te di lòt: “Sanble wa Izrayèl la peye wa desandan Èt yo ansanm ak wa peyi Ejip yo pou yo vin batay avèk nou.” 7 Menm moman an, yo leve, yo kouri nan fènwa a, yo kite tant yo, cheval yo, bourik yo ak tout kan an jan l te ye a epi yo chape poul yo pou yo sove lavi* yo.
8 Lè mesye ki gen lèp yo rive nan kan an, yo antre nan youn nan tant yo, yo manje, yo bwè. Yo pran ajan, lò ak rad ki te nan tant lan, y ale avèk yo e yo sere yo. Apre sa, yo retounen nan kan an, yo antre nan yon lòt tant, yo pran sa yo jwenn anndan tant sa a, y ale avèk yo e yo sere yo.
9 Finalman, youn di lòt: “Sa n ap fè a pa bon! Nou dwe fè lòt moun yo konnen bon nouvèl sa a. Si nou ret tann jis lè l jou pou n di yo sa, n ap merite pou yo pini nou. Kidonk, ann al fè moun lakay wa a konnen bon nouvèl sa a.” 10 Vrèmanvre, yo ale, yo rele gad ki t ap fè pòs nan pòtay vil la e yo di yo: “Nou te ale nan kan moun Siri yo, men pa t gen pèsonn ladan l, ni nou pa t tande pèsonn ap pale. Se sèlman cheval yo ak bourik yo nou wè ki mare, e tant yo rete jan yo te ye a.” 11 Lè sa a, gad ki t ap fè pòs yo bay nouvèl la byen fò, e moun lakay wa a aprann nouvèl la.
12 Menm kote a, wa a leve nan nuit lan, li di sèvitè l yo: “Ban m esplike nou sa moun Siri yo ap fè nou. Yo konnen nou grangou+. Donk, sa yo fè, yo kite kan an e y al kache nan savann nan paske yo di tèt yo: ‘Y ap soti nan vil la, konsa n ap pran yo tou vivan e n ap antre nan vil yo a+.’” 13 Lè sa a, gen youn nan sèvitè l yo ki di l: “Tanpri monwa, kite kèk mesye pran senk nan cheval ki rete nan vil la pou y al wè sa k pase. Paske kit yo ale kit yo rete, y ap mouri kanmenm menm jan ak tout lòt Izrayelit ki rete yo.” 14 Vrèmanvre, yo pran de charyo ansanm ak cheval yo epi wa a voye yo nan kan moun Siri yo, li di yo: “Al gade pou nou wè.” 15 Yo suiv yo rive jis bò Rivyè Jouden an. Sou tout wout la te gen rad ak veso moun Siri yo te voye jete pandan yo t ap kouri akoz yo te panike. Apre sa, moun wa a te voye yo retounen kot wa a e yo di l sa yo wè.
16 Apre sa, moun yo nan vil la ale epi yo pran tout sa ki te nan kan moun Siri yo. Lè sa a, yon seya farin bon kalite te vin vann yon chekèl e de seya lòj te vin vann yon chekèl, jan Jewova te di sa a+. 17 Wa a te fè sèvitè li te fè konfyans lan ret veye pòtay vil la, men moun yo te mache sou li jiskaske li mouri, jan sèvitè vrè Dye a te di wa a sa lè wa a te desann al kote l la. 18 Sa te fèt egzakteman jan sèvitè vrè Dye a te di wa a sa: “Demen, nan menm lè sa a, de seya lòj ap vann yon chekèl e yon seya farin bon kalite ap vann yon chekèl nan pòtay vil Samari+.” 19 Men, sèvitè wa a te di sèvitè vrè Dye a: “Menmsi Jewova ta ouvri tout vàn ki nan syèl la, ou kwè yon bagay* konsa ka fèt vre?” Epi, Elize te di l: “Ou gen pou w wè sa ak je w, men, ou pap manje ladan l.” 20 Se egzakteman sa ki te rive, paske moun yo te mache sou li nan pòtay vil la jiskaske li mouri.