97 Jewova vin Wa+!
Se pou tè a kontan+.
Se pou zile yo rejwi+.
2 Nyaj ak fènwa pwès antoure l+
E twòn li an chita sou ladwati ak jistis+.
3 Gen yon dife k ap mache devan l+,
Li boule advèsè l yo toupatou+.
4 Kout zèklè l yo klere tè a.
Tè a wè sa e li pran tranble+.
5 Mòn yo fonn tankou lasi devan Jewova+,
Yo fonn devan Seyè ki mèt tout tè a.
6 Syèl la fè konnen jistis Bondye
E tout pèp yo wè glwa li+.
7 Se pou tout moun k ap sèvi zidòl yo wont+,
Moun k ap fè lwanj pou dye san valè y ap sèvi yo+.
Nou menm dye yo, se pou nou pwostène devan L+.
8 Siyon tande sa e li kontan+.
Vil Jida yo kontan
Akoz desizyon w yo, o Jewova+.
9 Paske, o Jewova, ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a.
Ou gen plis pouvwa pase tout lòt dye yo+.
10 Nou menm ki renmen Jewova, rayi sa ki mal+.
Li pwoteje lavi moun ki fidèl ak li yo+,
Li sove yo anba men mechan yo+.
11 Gen yon limyè ki klere pou moun ki jis yo+,
Moun ki dwat yo ap rejwi.
12 Nou menm moun ki jis yo, se pou nou rejwi pou sa Jewova fè pou nou,
Se pou nou fè louwanj pou non l ki sen.