Jozye
19 Apre tiraj osò ki te fèt la, dezyèm pòsyon an+ te vin pou moun nan tribi Simeyon yo+, selon fanmi kote yo soti. Eritaj yo a te ansanm ak eritaj moun ki nan tribi Jida yo+. 2 Men vil yo te genyen kòm eritaj: Beyècheba+ ansanm ak Cheba, Molada+, 3 Azachwal+, Bala, Ezèm+, 4 Èltolad+, Betoul, Òma, 5 Ziklag+, Bètmakabòt, Azasouza, 6 Bètlebayòt+ ak Chawouyèn. Sa te fè 13 vil ak ti vil ki sou kont vil sa yo. 7 Epi, te gen Ayin, Rimon, Etè ak Achan+. Sa te fè kat vil ak ti vil ki sou kont vil sa yo 8 ansanm ak tout ti vil ki toutotou vil sa yo rive jis Baalatbeyè ak Rama ki nan sid la. Se sa ki te eritaj moun nan tribi Simeyon yo, selon fanmi kote yo soti. 9 Eritaj desandan Simeyon yo te soti nan pòsyon ki te pou moun nan tribi Jida yo, paske pòsyon ki te pou moun nan tribi Jida yo te twòp pou yo. Se sa k fè desandan Simeyon yo te resevwa yon pòsyon nan eritaj tribi Jida a+.
10 Apre sa, twazyèm pòsyon an+ te vin pou desandan Zabilon yo+, selon fanmi kote yo soti. Fwontyè eritaj yo a rive jis Sarid. 11 Nan lwès, li monte al Mareyal e li rive Dabechèt. Apre sa, l al bout nan vale a, anfas Jokneyam. 12 Epi, li soti Sarid nan lès, nan direksyon solèy leve, li rive nan fwontyè Kislòtabò, epi l al Daberat+. Apre sa, li monte Jafya. 13 Soti Jafya, li kontinye nan lès, nan direksyon solèy leve, li rive Gatefè+ ak Ètkasin, l al Rimon e li kontinye al Neya. 14 Nan nò, li vire al Anaton, epi l al bout nan Vale Iftayèl 15 ak nan Katat, Naalal, Chimwon+, Idala ak Betleyèm+. Sa te fè 12 vil ak ti vil ki sou kont vil sa yo. 16 Se sa ki te eritaj desandan Zabilon yo, selon fanmi kote yo soti+. Se vil sa yo ki te pou yo ak ti vil ki sou kont vil sa yo.
17 Katriyèm pòsyon an+ te vin pou desandan Isaka yo+, selon fanmi kote yo soti. 18 Men vil ki nan fwontyè tèritwa yo a: Jizreyèl+, Kesoulòt, Chounèm+, 19 Afarayim, Chiyon, Anakarat, 20 Rabit, Kichyon, Ebèz, 21 Remèt, Ennganim+, Ennada ak Bètpasèz. 22 Fwontyè a rive jis nan Mòn Tabò+, e nan Charasouma ak Bètchemèch. Dènye bout fwontyè yo a te rive bò Rivyè Jouden an. Sa te fè 16 vil ak ti vil ki sou kont vil sa yo. 23 Se sa ki te eritaj moun nan tribi Isaka yo, selon fanmi kote yo soti+. Se vil sa yo ki te pou yo ak ti vil ki sou kont vil sa yo.
24 Senkyèm pòsyon an+ te vin pou moun nan tribi Achè yo+, selon fanmi kote yo soti. 25 Men vil ki nan fwontyè tèritwa yo a: Èlkat+, Ali, Betèn, Akchaf, 26 Alamelèk, Amad ak Michal. Nan lwès, fwontyè yo a te rive jis Kamèl+ ak Chiyòlibnat. 27 Nan lès, li vire tounen al Bètdagon. Nan nò, li rive jis bò tèritwa Zabilon an ak nan Vale Iftayèl, l al pase Bètemèk ak Neyèl e li rive Kaboul, sou bò goch. 28 Li kontinye al Ebwon, Reyòb, Amon ak Kana e li rive jis Gwo Sidon+. 29 Apre sa, fwontyè a vire tounen al pase Rama e li rive jis Ti+, yon vil ki te byen pwoteje. Epi, li vire tounen al pase Osa, l al bout bò lanmè a, ki nan zòn Akzib, 30 Ouma, Afèk+ ak Reyòb+. Sa te fè 22 vil ak ti vil ki sou kont vil sa yo. 31 Se sa ki te eritaj moun nan tribi Achè yo, selon fanmi kote yo soti+. Se vil sa yo ki te pou yo ak ti vil ki sou kont vil sa yo.
32 Sizyèm pòsyon an+ te vin pou desandan Neftali yo, selon fanmi kote yo soti. 33 Fwontyè tèritwa yo a soti Elèf, bò gwo pyebwa ki Zaananim nan+, li pase Adaminekèb ak Jabneyèl, li rive jis Lakoum, epi l al bout bò Rivyè Jouden an. 34 Fwontyè a vire tounen nan direksyon lwès, l al pase Aznòtabò, li kontinye al Oukoka, li rive jis nan tèritwa tribi Zabilon an nan sid, li pase nan tèritwa tribi Achè a nan lwès, epi l al pase bò tè Jida* a, ki bò Rivyè Jouden an, nan lès. 35 Men vil ki byen pwoteje yo te genyen yo: Sidim, Sè, Amat+, Rakat, Kinerèt, 36 Adama, Rama, Azò+, 37 Kedès+, Edreyi, Ennazò, 38 Yiwon, Migdalèl, Orèm, Bètanat ak Bètchemèch+. Sa te fè 19 vil ak ti vil ki sou kont vil sa yo. 39 Se sa ki te eritaj moun nan tribi Neftali yo, selon fanmi kote yo soti+. Se vil sa yo ki te pou yo ak ti vil ki sou kont vil sa yo.
40 Setyèm pòsyon an+ te vin pou moun nan tribi Dann yo+, selon fanmi kote yo soti. 41 Men vil ki nan fwontyè eritaj yo a: Sora+, Echtawòl, Ichemèch, 42 Chaalabin+, Ayalon+, Jitla, 43 Elon, Timna+, Ekwon+, 44 Èlteke, Gibeton+, Baalat, 45 Jewoud, Beneberak, Gatrimon+, 46 Mejakon ak Rakon ki te gen fwontyè l anfas Jope+. 47 Twouve, tèritwa moun ki nan tribi Dann yo te twò piti pou yo+. Se sa k fè yo te monte al batay ak moun Lechèm+ yo. Yo te pran vil la e yo te touye moun yo ak kout epe. Apre yo te fin pran vil la, yo te abite ladan l, yo pa t rele l Lechèm ankò, yo te vin rele l Dann, menm non ak zansèt yo a+. 48 Se sa ki te eritaj moun nan tribi Dann yo, selon fanmi kote yo soti. Se vil sa yo ki te pou yo ak ti vil ki sou kont vil sa yo.
49 Konsa, yo te fin separe peyi a ki te eritaj yo, yo te fè l fè plizyè pòsyon. Apre sa, Izrayelit yo te bay Jozye, pitit gason Noun nan, yon eritaj nan mitan yo. 50 Yo te ba l vil li te mande a, dapre lòd Jewova te ba yo. Non vil sa a se te Timnatsera+, nan zòn ki gen mòn nan, nan Efrayim. Jozye te rebati vil la e li te abite ladan l.
51 Se eritaj sa yo Eleyaza, prèt la, ak Jozye, pitit gason Noun nan, ansanm ak chèf fanmi nan tribi Izrayèl yo te separe bay pèp Izrayèl la+, dapre tiraj osò yo te fè Silo a+, devan Jewova, nan antre tant reyinyon an+. Konsa, yo te fin separe peyi a nèt.