Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou ton “Pa fini avè m”. Yon chante David te ekri. Miktam*.
58 Èske nou ka pale konsènan sa ki jis lè nou rete an silans+?
Èske nou menm lèzòm nou ka jije nan ladwati+?
2 Olye de sa, nan kè nou nou planifye pou n fè sa ki mal+,
E men nou tranpe nan vyolans k ap fèt nan peyi a+!
5 Kobra sa yo pap koute vwa moun ki konn chame sèpan yo,
Kèlkeswa jan moun sa yo ta fò nan fè maji.
6 O Bondye, se pou w kase dan nan bouch yo,
Se pou w kraze machwè lyon* sa yo, o Jewova!
7 Se pou yo disparèt tankou dlo ki seche.
Se pou Bondye lage yo atè ak kout flèch.
8 Se pou yo vin tankou kalmason k ap fonn pandan y ap deplase,
Se pou yo vin tankou timoun ki fèt tou mouri, ki pap janm wè solèy la.
9 Anvan chodyè nou yo santi chalè k ap soti nan pikan k ap boule yo,
Bondye ap bwote ni ti branch ki vèt toujou yo, ni sa k ap boule yo tankou se te yon van tanpèt+.