BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Pwovèb 24
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Pwovèb — Sa ki gen nan liv sa a

    • PWOVÈB SALOMON YO (10:1–24:34)

Pwovèb 24:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 26:5; Pw 1:10

Pwovèb 24:3

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “y ap bati moun nan yon kay”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 9:1; 14:1

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/10/2006, p. 15-16

    Lekòl ministè teyokratik, p. 31-32

Pwovèb 24:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 10:23; Pw 15:6

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    “Lanmou Bondye,” p. 130-132

    Toudegad,

    1/10/2006, p. 15-16

Pwovèb 24:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 8:14; 21:22

Pwovèb 24:6

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “suiv konsèy ki saj”.

  • *

    Oswa: “siksè; delivrans”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 20:18; Lk 14:31, 32
  • +Pw 11:14; 13:10; 15:22; Tr 15:5, 6

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/6/2012, p. 31

Pwovèb 24:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 14:6; 1Ko 2:14

Pwovèb 24:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 6:12-14

Pwovèb 24:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 22:10

Pwovèb 24:10

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nan moman pwoblèm”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    2/2021, p. 30-31

    Reveye n!,

    no 3 2019, p. 12

Pwovèb 24:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 82:4

Pwovèb 24:12

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “egzamine rezon ki fè yon moun aji a”.

  • *

    Oswa: “gade nanm ou an”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 5:21; 17:3; 21:2
  • +Sm 62:12; Mt 16:27; Wm 2:5, 6

Pwovèb 24:14

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “sajès dous pou nanm ou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 19:9, 10; 119:103
  • +Pw 23:18

Pwovèb 24:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 34:19; 2Ko 1:10
  • +1Sa 26:9, 10; Est 7:10

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2020, p. 15

    Toudegad,

    15/3/2013, p. 4-5

    1/11/2003, p. 16

Pwovèb 24:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jb 31:29; Pw 17:5; 25:21, 22

Pwovèb 24:18

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de ènmi an.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 26:2, 3; Za 1:15

Pwovèb 24:19

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Pinga w chofe kont”.

Pwovèb 24:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 73:18, 27; Pw 10:7
  • +Pw 13:9

Pwovèb 24:21

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “moun ki pou chanjman”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 24:6, 7; 1P 2:17
  • +2Sa 15:12

Pwovèb 24:22

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de Jewova ak wa a.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 16:2, 31
  • +Pw 20:2

Pwovèb 24:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 19:15; Dt 1:16, 17; 16:19; 2Kw 19:7; 1Ti 5:21

Pwovèb 24:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 17:15

Pwovèb 24:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 19:17; 1Ti 5:20
  • +Pw 28:23

Pwovèb 24:26

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “Lè yon moun reponn e li di laverite, se tankou l te bay yon bo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 27:5

Pwovèb 24:27

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “mèt fonde yon fanmi”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Rete nan lanmou Bondye, p. 137

    “Lanmou Bondye,” p. 116

    Toudegad,

    15/12/2009, p. 3

    15/10/2009, p. 12

Pwovèb 24:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:16
  • +Efe 4:25

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 36

Pwovèb 24:29

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “M ap koresponn avè l”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 20:22; Wm 12:17, 19; 1Te 5:15

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Anseyan, p. 103

Pwovèb 24:30

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “ki manke kè a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 6:10, 11

Pwovèb 24:31

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 20:4; 22:13; Ekl 10:18

Pwovèb 24:32

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “e mwen pran disiplin nan”.

Pwovèb 24:34

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 10:4; 23:21

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Pwo. 24:1Sm 26:5; Pw 1:10
Pwo. 24:3Pw 9:1; 14:1
Pwo. 24:41Wa 10:23; Pw 15:6
Pwo. 24:5Pw 8:14; 21:22
Pwo. 24:6Pw 20:18; Lk 14:31, 32
Pwo. 24:6Pw 11:14; 13:10; 15:22; Tr 15:5, 6
Pwo. 24:7Pw 14:6; 1Ko 2:14
Pwo. 24:8Pw 6:12-14
Pwo. 24:9Pw 22:10
Pwo. 24:11Sm 82:4
Pwo. 24:12Pw 5:21; 17:3; 21:2
Pwo. 24:12Sm 62:12; Mt 16:27; Wm 2:5, 6
Pwo. 24:14Sm 19:9, 10; 119:103
Pwo. 24:14Pw 23:18
Pwo. 24:16Sm 34:19; 2Ko 1:10
Pwo. 24:161Sa 26:9, 10; Est 7:10
Pwo. 24:17Jb 31:29; Pw 17:5; 25:21, 22
Pwo. 24:18Eze 26:2, 3; Za 1:15
Pwo. 24:20Sm 73:18, 27; Pw 10:7
Pwo. 24:20Pw 13:9
Pwo. 24:211Sa 24:6, 7; 1P 2:17
Pwo. 24:212Sa 15:12
Pwo. 24:22Nb 16:2, 31
Pwo. 24:22Pw 20:2
Pwo. 24:23Le 19:15; Dt 1:16, 17; 16:19; 2Kw 19:7; 1Ti 5:21
Pwo. 24:24Pw 17:15
Pwo. 24:25Le 19:17; 1Ti 5:20
Pwo. 24:25Pw 28:23
Pwo. 24:26Pw 27:5
Pwo. 24:28Eg 20:16
Pwo. 24:28Efe 4:25
Pwo. 24:29Pw 20:22; Wm 12:17, 19; 1Te 5:15
Pwo. 24:30Pw 6:10, 11
Pwo. 24:31Pw 20:4; 22:13; Ekl 10:18
Pwo. 24:34Pw 10:4; 23:21
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
  • 34
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Pwovèb 24:1-34

Pwovèb

24 Pinga w rayi sò moun ki mechan yo,

E pinga w anvi vin zanmi yo+.

 2 Paske se sou vyolans y ap reflechi nan kè yo,

Epi, yo pale ak bouch yo sou fason pou yo met moun nan pwoblèm.

 3 Se grasa sajès y ap bati yon kay*+,

E se bon jijman k ap fè l rete djanm.

 4 Se grasa konesans chanm li yo ap plen

Ak tout kalite bon bagay ki gen valè+.

 5 Yon moun ki gen sajès gen pouvwa+,

E grasa konesans, yon moun vin gen plis pouvwa.

 6 Lè w suiv bon direksyon*, sa ap ede w mennen batay ou+,

E lè gen anpil moun k ap bay konsèy, gen laviktwa*+.

 7 Moun sòt la pa ka rive gen vrè sajès la+,

Li pa gen anyen pou l di nan antre vil la.

 8 Yon moun k ap fè plan pou l fè sa ki mal,

Y ap rele l malveyan+.

 9 Plan moun sòt la se peche,

E moun pa vle wè moun k ap pase moun nan rizib+.

10 Si w dekouraje nan jou malè a*,

W ap prèske san fòs.

11 Delivre moun y ap mennen ale pou y al touye yo,

E chèche sove moun yo pral touye k ap mache tou faya yo+.

12 Si w di: “Mwen pa t konn sa”,

Èske Sila a ki egzamine sa k nan kè moun nan* pap wè sa+?

Wi, Sila a k ap gade w la* ap konnen,

E l ap fè chak moun peye pou sa yo fè+.

13 Pitit mwen, bwè siwo myèl, paske li bon.

Siwo ki sot nan gato myèl bon nan bouch.

14 Menm jan an tou, se pou w konnen sajès bon pou ou*+.

Si w jwenn li, w ap gen yon bèl avni,

E ou pap pèdi espwa+.

15 Pinga w kite mechanste fè w maske kò w bò kay moun ki dwat la.

Pinga w kraze kote l rete a.

16 Paske, moun ki jis la ka tonbe sèt fwa, men l ap leve ankò+.

Men, malè ap fè mechan yo kilbite+.

17 Lè ènmi w tonbe, pinga w kontan pou sa.

Lè l kilbite, ou pa dwe kontan nan kè w+.

18 Si w kontan nan kè w, Jewova ap wè sa e sa pap fè l plezi.

Epi, li pap an kòlè kont moun nan* ankò+.

19 Pinga w fache akoz* mechan yo.

Pinga w rayi sò moun ki mechan.

20 Paske, pa gen okenn avni pou moun k ap fè sa ki mal+.

Lanp moun ki mechan yo ap etenn+.

21 Pitit mwen, se pou w gen lakrentif ni pou Jewova ni pou wa a+.

E pinga w fè zanmi ak moun k ap fè rebèl*+.

22 Paske, malè ap rive sou yo bridsoukou+.

Kiyès ki konnen ki malè yo toule de* pral lage sou yo+?

23 Pawòl mwen pral di yo se pawòl moun ki gen sajès:

Moun pa dwe gen patipri lè y ap fè jijman+.

24 Yon moun ki di mechan an: “Ou se yon moun ki dwat+”,

Pèp yo ap ba l madichon e nasyon yo ap denonse l.

25 Men, sa ap mache byen pou moun ki korije mechan an+.

Y ap jwenn anpil benediksyon ak bon bagay+.

26 Moun ap bo moun ki bay repons ki dwat*+.

27 Prepare travay ou gen deyò, epi pare tout bagay nan jaden w.

Apre sa, ou mèt bati kay ou*.

28 Pinga w sèvi temwen kont yon moun san w pa konn sa k genyen+.

Pinga w sèvi ak bouch ou pou w twonpe moun+.

29 Pa di: “M ap fè l menm sa l te fè m nan.

M ap fè l peye sa l fè*+.”

30 Mwen te pase bò jaden parese a+,

Bò jaden rezen moun ki pa gen bonsans lan*,

31 Mwen wè jaden an chaje ak move zèb,

Se raje ase ki kouvri l,

E kloti an wòch ki te bare l la tonbe+.

32 Mwen te pran tan m pou gade l, e sa te fè m reflechi.

Mwen wè sa e men leson mwen aprann*:

33 Lè w ret ap fè yon ti dòmi, ou ret ap fè yon ti kabicha,

Ou kwaze bra w pou w pran yon ti repo,

34 Enben, lamizè ap vin sou ou tankou yon bandi,

W ap vin tèlman nan nesesite, se kòmsi se yon moun ak zam ki vin atake w+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje