Sòm
Yon chante David te ekri kòm rapèl.
38 O Jewova, pa reprimande m pandan w fache,
Pa korije m pandan w an kòlè+.
2 Paske flèch ou yo antre byen fon nan mwen,
E men w ap peze m desann+.
4 Peche m yo monte pi wo pase tèt mwen+.
Yo tankou yon chay ki lou, yo twòp pou m pote.
5 Kote m blese yo santi e yo anvlimen
Akoz mwen te aji tankou moun sòt.
6 Mwen nan lapenn e mwen kagou anpil,
Tout lajounen m ap mache tou tris.
8 Tout kò m vin angoudi, mwen kraze nèt.
Tristès ki nan kè m fè m ap plenn byen fò*.
9 O Jewova, ou konn tout sa m ta renmen,
Ou wè jan m ap plenn.
10 Kè m ap bat fò, mwen pèdi fòs,
M pa wè byen nan je m ankò+.
11 Maladi m nan fè zanmi m yo kouri pou mwen,
Bon zanmi m yo rete lwen m.
12 Moun k ap chèche touye m* yo tann pyèj pou mwen,
Moun k ap chèche fè m mal yo ap pale m mal+,
Tout lajounen y ap fè konplo pou yo twonpe m.
14 Mwen vin tankou yon moun ki pa ka tande,
Ki pa konn sa pou l di pou l defann tèt li.
16 Mwen te di: “Pinga yo bat plezi sou mwen,
Ni pinga yo monte kòlèt yo sou mwen si pye m chape.”
17 Paske, mwen te prèske tonbe
E m te toujou ap soufri+.
20 Yo te rann mwen mal pou byen.
Yo te opoze avè m poutèt mwen t ap chèche fè sa ki byen.
21 O Jewova, pa abandone m,
O Bondye m nan, pa rete lwen m+.
22 Tanpri, fè vit vin ede m,
O Jewova, sovè m nan+.