BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 20
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Jonatan fidèl ak David (1-42)

1 Samyèl 20:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 24:11; Sm 18:20

1 Samyèl 20:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 19:6

1 Samyèl 20:3

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “devan nanm ou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 18:1; 19:2
  • +1Sa 27:1

1 Samyèl 20:4

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “sa nanm ou”.

1 Samyèl 20:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 10:10; 2Kw 2:4

1 Samyèl 20:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 16:4, 18
  • +1Sa 20:28, 29

1 Samyèl 20:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 17:17
  • +1Sa 18:3; 23:18
  • +1Sa 20:1

1 Samyèl 20:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 19:2

1 Samyèl 20:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 16:13; 17:37
  • +1Sa 10:7; 11:6

1 Samyèl 20:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 9:1, 3, 6, 7

1 Samyèl 20:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 21:7

1 Samyèl 20:17

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pwòp nanm li”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 18:1, 3; 2Sa 1:26; Pw 18:24

1 Samyèl 20:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 20:5

1 Samyèl 20:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 20:13, 14
  • +1Sa 20:42

1 Samyèl 20:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 20:5

1 Samyèl 20:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:50

1 Samyèl 20:26

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pa nan kondisyon pou l fè sèvis Bondye”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 11:23, 24; 15:4, 5, 16, 18; Nb 19:16

1 Samyèl 20:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 17:12

1 Samyèl 20:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 20:6

1 Samyèl 20:30

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “se yon wont pou pati entim manman w”.

1 Samyèl 20:31

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “paske li se yon pitit lanmò”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 18:8
  • +1Sa 19:6, 10

1 Samyèl 20:32

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 19:5; Pw 17:17; 18:24

1 Samyèl 20:33

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 18:11; 19:10
  • +1Sa 20:6, 7

1 Samyèl 20:34

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 18:1

1 Samyèl 20:35

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 20:19-22

1 Samyèl 20:42

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “semans”.

  • *

    Lit.: “semans”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 20:17, 23
  • +1Sa 23:18; 2Sa 9:7

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 20:11Sa 24:11; Sm 18:20
1 Sam. 20:21Sa 19:6
1 Sam. 20:31Sa 18:1; 19:2
1 Sam. 20:31Sa 27:1
1 Sam. 20:5Nb 10:10; 2Kw 2:4
1 Sam. 20:61Sa 16:4, 18
1 Sam. 20:61Sa 20:28, 29
1 Sam. 20:8Pw 17:17
1 Sam. 20:81Sa 18:3; 23:18
1 Sam. 20:81Sa 20:1
1 Sam. 20:91Sa 19:2
1 Sam. 20:131Sa 16:13; 17:37
1 Sam. 20:131Sa 10:7; 11:6
1 Sam. 20:142Sa 9:1, 3, 6, 7
1 Sam. 20:152Sa 21:7
1 Sam. 20:171Sa 18:1, 3; 2Sa 1:26; Pw 18:24
1 Sam. 20:181Sa 20:5
1 Sam. 20:231Sa 20:13, 14
1 Sam. 20:231Sa 20:42
1 Sam. 20:241Sa 20:5
1 Sam. 20:251Sa 14:50
1 Sam. 20:26Le 11:23, 24; 15:4, 5, 16, 18; Nb 19:16
1 Sam. 20:271Sa 17:12
1 Sam. 20:281Sa 20:6
1 Sam. 20:311Sa 18:8
1 Sam. 20:311Sa 19:6, 10
1 Sam. 20:321Sa 19:5; Pw 17:17; 18:24
1 Sam. 20:331Sa 18:11; 19:10
1 Sam. 20:331Sa 20:6, 7
1 Sam. 20:341Sa 18:1
1 Sam. 20:351Sa 20:19-22
1 Sam. 20:421Sa 20:17, 23
1 Sam. 20:421Sa 23:18; 2Sa 9:7
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
  • 34
  • 35
  • 36
  • 37
  • 38
  • 39
  • 40
  • 41
  • 42
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 20:1-42

1 Samyèl

20 Apre sa, David kouri kite zòn Nayiyòt, nan Rama, epi l al jwenn Jonatan, li di l: “Ki sa m fè+? Ki peche m fè e ki mal mwen fè papa w pou l ap chèche touye m?” 2 Lè sa a, Jonatan di l: “Sa pa gendwa rive+! Ou pap mouri. Gade! Papa m pa janm fè anyen, piti kou gwo, pou l pa di m. Poukisa pou l ta kache m sa? Non, sa pa gendwa fèt.” 3 Men, David fè sèman, epi li di l: “Papa w byen konnen jan w apresye m+, e li ka di: ‘Jonatan pa dwe konn bagay sa a pou sa pa fè l lapenn!’ Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman ni devan Bondye ni devan w* mwen ka mouri nenpòt ki lè+!”

4 Apre sa, Jonatan di David: “Nenpòt sa w* mande m, m ap fè l pou ou.” 5 David reponn Jonatan: “Demen, ap gen nouvèl lin+, se sèten wa a ap tann mwen vin manje avè l. Ou dwe voye m ale, mwen pral kache nan rak bwa a rive jis apre demen nan aswè. 6 Si papa w wè m pa la, w ap di l: ‘David te sipliye m pou m ba l pèmisyon pou l kouri al Betleyèm+, vil kote li moun nan, paske gen yon sakrifis tout fanmi l fè la chak ane+.’ 7 Si l reponn ou: ‘Pa gen pwoblèm’, konnen li anpè avèk mwen menm, sèvitè w la. Men, si l ta vin fache, ou mèt kwè li deside fè m mal. 8 Se pou w montre lanmou ki fidèl ou gen pou sèvitè w la+, paske w te fè yon alyans+ devan Jewova ak sèvitè w la. Men, si m koupab+, ou mèt touye m. Ou pa bezwen lage m nan men papa w.”

9 Lè sa a, Jonatan di: “Mwen pa t ap janm panse fè w yon bagay konsa! Si m ta konnen papa m deside fè w mal, èske w pa panse m t ap di w sa+?” 10 Epi, David di Jonatan: “Ki jan m ap fè konnen si papa w mal reponn ou?” 11 Jonatan di David: “Vini, ann al nan rak bwa a.” Se konsa, yo toule de al nan rak bwa a. 12 Epi, Jonatan di David: “Se pou Jewova, Bondye Izrayèl la, sèvi m temwen. Demen, vè lè konsa, oswa apre demen, mwen pral chèche wè sa papa m panse. Si l pa gen pwoblèm avè w, m ap fè w jwenn nouvèl la pou w ka konn sa. 13 Men, si papa m gen nan lide l pou l fè w mal, se pou Jewova pini m, e se pou l pini m ankò, si m pa fè w konn sa e si m pa kite w ale anpè! Mwen swete pou Jewova avè w+ menm jan li te avèk papa m nan+. 14 Èske w pap montre w gen lanmou ki fidèl pou mwen pandan m vivan an, e menm apre lanmò m, menm jan w gen lanmou ki fidèl pou Jewova+? 15 Menm lè Jewova elimine tout ènmi w yo sou tè a, se pou w toujou montre ou gen lanmou ki fidèl pou fanmi m+.” 16 Se konsa, Jonatan te fè yon alyans ak moun lakay David yo, li te di: “Jewova ap fè ènmi David yo peye sa yo fè.” 17 Epi, Jonatan te fè David fè sèman ankò sou baz lanmou l gen pou li, paske li te renmen David menm jan li te renmen pwòp tèt li*+.

18 Apre sa, Jonatan di David: “Demen, ap gen nouvèl lin+, y ap wè w pa la paske plas ou a ap ret vid. 19 Apre demen, y ap remake w pa la pi rèd. Ou dwe al nan zòn ou te kache lòt jou a, epi ou dwe rete la a toupre wòch la. 20 E m ap tire twa flèch nan yon sèl bò wòch la, kòmsi se yon bagay m ap vize. 21 Lè m voye sèvitè m nan, m ap di l: ‘Al chèche flèch yo.’ Si m di l: ‘Gade! Flèch yo toupre w la, al pran yo’, sa vle di tout bagay anfòm pou ou, lè sa a ou mèt tounen, paske menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman pa gen okenn danje. 22 Men, si m di jennonm nan: ‘Gade! Flèch yo depase kote w ye a’, lè sa a, ou mèt ale, paske se Jewova ki voye w ale. 23 Kanta pou pwomès mwen menm avè w te fè+ youn lòt la, se pou Jewova sèvi nou temwen pou toutan+!”

24 Se konsa, David t al kache nan rak bwa a. Lè nouvèl lin nan rive, wa a chita pou l manje+. 25 Wa Sayil te chita bò mi an, kote l te konn abitye chita a. Jonatan te chita anfas wa a e Abnè+ te chita bò kote wa a, men, plas David la te ret vid. 26 Sayil pa t di anyen jou sa a, paske li te di tèt li: ‘Petèt, gen yon bagay ki pase ki fè misye pa pwòp*+. Se sa. Se pwòp li pa pwòp.’ 27 Epi, demen, apre nouvèl lin nan, sou dezyèm jou a, plas David la te toujou ret vid. Lè sa a, Sayil mande Jonatan, pitit gason l lan: “Poukisa pitit gason Jese a+ pa vin manje ni yè ni jodi a?” 28 Jonatan reponn Sayil: “David te sipliye m pou m ba l pèmisyon pou l al Betleyèm+. 29 Li te di m: ‘Tanpri, kite m ale, paske fanmi m ap fè yon sakrifis nan vil la, e se yon frè m ki voye rele m. Si w dakò, kite m fè yon ti deplase pou m al wè frè m yo.’ Se sa k fè li pa vin manje sou tab ak wa a.” 30 Lè sa a, Sayil vin fache anpil sou Jonatan, li di l: “Ou se pitit yon fanm ki rebèl! Ou genlè panse m pa konnen si w chwazi pran pou pitit gason Jese a! Sa se yon wont pou ou e se yon wont pou manman w*! 31 Toutotan pitit gason Jese a vivan sou tè a, ni ou menm ni wayòm ou an pap an sekirite+. Kounye a, voye yon moun al chèche l ban mwen, paske fòk li mouri*+.”

32 Men, Jonatan di Sayil, papa l: “Poukisa w vle touye l+? Ki sa l fè?” 33 Menm kote a, Sayil voye yon lans dèyè Jonatan pou l touye l+. Se lè sa a Jonatan vin wè jan papa l deside touye David+. 34 Menm moman an, Jonatan leve kite tab la, li te fache anpil e li pa t manje anyen apre nouvèl lin nan, nan dezyèm jou a, paske li te nan lapenn pou David+ poutèt papa l te imilye l.

35 Nan demen maten, Jonatan t al nan rak bwa kote l te gen randevou ak David la, e li te gen yon jèn sèvitè avè l+. 36 Epi, li di sèvitè l la: “Tanpri, kouri al chèche flèch m ap tire yo.” Sèvitè a kouri, epi Jonatan tire yon flèch ki al pi lwen sèvitè l la. 37 Lè sèvitè a rive kote Jonatan te tire flèch la, Jonatan rele l, li di l: “Èske flèch la pa pi lwen w?” 38 Jonatan di sèvitè a byen fò: “Fè vit! Ale rapid! Pa pèdi tan!” Epi, sèvitè Jonatan an pran flèch yo e li retounen vin jwenn mèt li. 39 Sèvitè a pa t konprann anyen nan sa k t ap pase a. Se sèl Jonatan ak David ki te konnen sa sa vle di. 40 Apre sa, Jonatan bay sèvitè l la zam li yo, epi li di l: “Ale, pote yo al nan vil la.”

41 Lè sèvitè a ale kite Jonatan, David soti kote l te ye a, toupre a, nan sid. Li met ajenou e li bese fas atè twa fwa. Youn bo lòt e youn kriye pou lòt. Men, David te kriye plis. 42 Jonatan di David: “Ale anpè, piske nou toule de te fè sèman+ nan non Jewova, lè nou te di: ‘Se pou Jewova temwen ant ou menm avè m, ant desandans* pa w ak desandans* pa m pou toutan+.’”

Apre sa, David leve, l ale, epi Jonatan retounen nan vil la.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje