BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Kwonik 26
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Kwonik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Ozyas vin wa Jida (1-5)

      • Gwo aksyon lame Ozyas la te fè (6-15)

      • Ògèy lakòz Ozyas vin gen lèp (16-21)

      • Ozyas mouri (22, 23)

2 Kwonik 26:1

Nòt anba paj

  • *

    Yo rele l Azarya nan 2Wa 14:21.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Mt 1:8
  • +2Wa 14:21

2 Kwonik 26:2

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de Amatsya, papa l.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 9:26; 2Wa 16:6
  • +2Wa 14:22

2 Kwonik 26:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 1:1; 6:1
  • +2Wa 15:2

2 Kwonik 26:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 14:1, 3

2 Kwonik 26:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 14:7; Sm 1:2, 3

2 Kwonik 26:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 8:1; 2Kw 21:16; Eza 14:29
  • +1Kw 18:1
  • +Joz 15:11, 12
  • +Joz 15:20, 46; 1Sa 5:1

2 Kwonik 26:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 17:11

2 Kwonik 26:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 19:36, 38; Jj 11:15

2 Kwonik 26:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 14:2, 7
  • +2Wa 14:13; Jr 31:38; Za 14:10
  • +Ne 3:13

2 Kwonik 26:10

Nòt anba paj

  • *

    Sanble se nan wòch li te fè sa.

  • *

    Oswa: “platon an”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 9:17

2 Kwonik 26:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 24:11
  • +Nb 1:2, 3; 2Sa 24:9

2 Kwonik 26:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 11:1; 13:3; 14:8; 17:14; 25:5

2 Kwonik 26:14

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 11:5, 12
  • +1Sa 17:4, 5
  • +Jj 20:16; 1Sa 17:49; 1Kw 12:1, 2

2 Kwonik 26:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 14:2, 7

2 Kwonik 26:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 1:51

2 Kwonik 26:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 16:39, 40; 18:7
  • +Eg 30:7; 1Kw 23:13

2 Kwonik 26:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 16:10; 25:15, 16
  • +Nb 12:10; 2Wa 5:27

2 Kwonik 26:20

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Tradiksyon monn nouvo a, p. 1707

2 Kwonik 26:21

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “palè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 13:45, 46; Nb 5:2; 12:14, 15
  • +2Wa 15:5-7

2 Kwonik 26:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 1:1; 6:1

2 Kwonik 26:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 15:32

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Kwo. 26:1Mt 1:8
2 Kwo. 26:12Wa 14:21
2 Kwo. 26:21Wa 9:26; 2Wa 16:6
2 Kwo. 26:22Wa 14:22
2 Kwo. 26:3Eza 1:1; 6:1
2 Kwo. 26:32Wa 15:2
2 Kwo. 26:42Wa 14:1, 3
2 Kwo. 26:52Kw 14:7; Sm 1:2, 3
2 Kwo. 26:62Sa 8:1; 2Kw 21:16; Eza 14:29
2 Kwo. 26:61Kw 18:1
2 Kwo. 26:6Joz 15:11, 12
2 Kwo. 26:6Joz 15:20, 46; 1Sa 5:1
2 Kwo. 26:72Kw 17:11
2 Kwo. 26:8Jen 19:36, 38; Jj 11:15
2 Kwo. 26:92Kw 14:2, 7
2 Kwo. 26:92Wa 14:13; Jr 31:38; Za 14:10
2 Kwo. 26:9Ne 3:13
2 Kwo. 26:102Wa 9:17
2 Kwo. 26:112Kw 24:11
2 Kwo. 26:11Nb 1:2, 3; 2Sa 24:9
2 Kwo. 26:132Kw 11:1; 13:3; 14:8; 17:14; 25:5
2 Kwo. 26:142Kw 11:5, 12
2 Kwo. 26:141Sa 17:4, 5
2 Kwo. 26:14Jj 20:16; 1Sa 17:49; 1Kw 12:1, 2
2 Kwo. 26:152Kw 14:2, 7
2 Kwo. 26:16Nb 1:51
2 Kwo. 26:18Nb 16:39, 40; 18:7
2 Kwo. 26:18Eg 30:7; 1Kw 23:13
2 Kwo. 26:192Kw 16:10; 25:15, 16
2 Kwo. 26:19Nb 12:10; 2Wa 5:27
2 Kwo. 26:21Le 13:45, 46; Nb 5:2; 12:14, 15
2 Kwo. 26:212Wa 15:5-7
2 Kwo. 26:22Eza 1:1; 6:1
2 Kwo. 26:232Wa 15:32
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Kwonik 26:1-23

2 Kwonik

26 Apre sa, tout moun Jida yo pran Ozyas*+ e yo mete l wa nan plas Amatsya, papa l+. Li te gen 16 an lè sa a. 2 Li te rebati Elòt+ e li te fè l vin pou Jida ankò apre wa a* t al repoze bò kot zansèt li yo+. 3 Ozyas+ te gen 16 an lè l te vin wa e li te dirije pandan 52 an detan l Jerizalèm. Manman l te rele Jekolya e se te moun Jerizalèm+. 4 Li te kontinye fè sa ki dwat nan je Jewova, menm jan ak Amatsya, papa l+. 5 Li te kontinye chèche Bondye nan epòk Zakari a, yon mesye ki te konn anseye l pou l gen lakrentif pou vrè Dye a. Nan epòk li t ap chèche Jewova a, vrè Dye a te beni l+.

6 Li te soti al goumen ak moun Filisti yo+ e li te kraze yon pati nan miray Gat la+, yon pati nan miray Jabne a+ ak yon pati nan miray Achdòd la+ e li te pran vil sa yo. Apre sa, li te bati lòt vil nan zòn Achdòd e sou tèritwa moun Filisti yo. 7 Vrè Dye a te kontinye ede l bat moun Filisti yo, moun Arabi+ ki t ap viv Goubaal yo ak Mewounim yo. 8 Desandan Amon yo+ te kòmanse peye Ozyas taks. Rive yon lè, moun te tande pale de li jis ann Ejip paske li te vin gen anpil pouvwa. 9 Mete sou sa, Ozyas te bati kote pou moun veye+ nan Jerizalèm, bò Pòtay Kwen an+, bò Pòtay Vale a+ ak bò Poto Sipò a e li te ranfòse yo. 10 Mete sou sa, li te konstwi kote pou moun veye+ nan dezè a e li te fouye plizyè sitèn* (paske li te gen anpil bèt), li te fè menm bagay la nan Chefela ak nan plèn nan*. Li te gen moun ki te konn travay nan jaden rezen li te genyen yo ak moun ki te konn travay latè pou li nan mòn yo ak nan Kamèl paske li te renmen fè jaden.

11 Epitou, Ozyas te vin gen yon lame ki te gen tout sa l bezwen pou l fè lagè. Sòlda yo te òganize an plizyè gwoup lè yo te soti pou y al fè lagè. Se Jeyèl, sekretè a+, ansanm ak Maraseya, yon ofisye adjwen, ki te konte sòlda yo+ e ki te anrejistre yo souzòd Anànyas, youn nan chèf wa a te genyen yo. 12 Antou, te gen 2 600 chèf fanmi ki t ap dirije sòlda vanyan sa yo. 13 Te gen 307 500 sòlda ki te pare pou yo fè lagè souzòd yo. Se te yon lame ki te pisan anpil ki te la pou ede wa a konbat ènmi l yo+. 14 Ozyas te bay tout sòlda nan lame l la boukliye, lans+, kas, jile ki gen yon seri ti plak an metal sou yo+, banza* ak flonn+. 15 Mete sou sa, li te fè yon seri bagay pou fè lagè nan Jerizalèm. Se yon seri mesye ki te fò anpil ki te fè yo. Yo te mete bagay sa yo sou tèt kote ki te la pou moun veye yo+ e sou tèt kwen miray yo. Yo te ka tire flèch ak gwo wòch. Moun toupatou te vin konnen l paske li te resevwa anpil èd e li te vin gen anpil pouvwa.

16 Men, kou l te vin gen anpil pouvwa, li te vin gen ògèy nan kè l, e sa te lakòz malè tonbe sou li. Li pa t montre li fidèl devan Jewova, Bondye l la. Li te antre nan tanp Jewova a pou l boule lansan sou lotèl yo boule lansan an+. 17 Men, menm kote a, Azarya, prèt la, ak 80 lòt prèt Jewova ki vanyan antre dèyè l. 18 Epi yo kanpe devan wa Ozyas, yo di l: “Wa Ozyas, ou pa gen dwa boule lansan pou Jewova+! Se sèlman prèt yo ki gen dwa sa a, paske se desandan Arawon yo ye+. Se yo menm yo mete apa pou fè sa. Soti nan tanp lan, paske sa w fè a montre w pa fidèl. Mete sou sa, ou pap resevwa okenn glwa nan men Jewova Dye pou sa w fè a.”

19 Men, Ozyas, ki te kanpe ak yon ansanswa nan men l pou l boule lansan, te vin fache anpil+. Sepandan, menm kote l fache sou prèt yo, li vin gen lèp+ nan fwon l, devan prèt yo, nan kay Jewova a, toupre lotèl pou yo boule lansan an. 20 Lè Azarya, prèt an chèf la, ak tout lòt prèt yo vire gade l, yo wè maladi lèp la sou fwon l. Lè sa a, yo kouri mete l deyò nan tanp lan. Li menm tou li te kouri soti, paske Jewova te fè l vin gen lèp.

21 Wa Ozyas te rete ak maladi lèp la jis li mouri. Li te rete nan yon kay apa poukont li+. Yo te entèdi l antre nan kay Jewova a. Pandan tan sa a, se Jotam, pitit gason l, ki te responsab kay* wa a e ki t ap sèvi kòm jij pou pèp la nan peyi a+.

22 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Ozyas yo, depi nan kòmansman jiska lafen, se pwofèt Ezayi+, pitit gason Amòz la, ki te ekri yo. 23 Apre sa, Ozyas t al repoze bò kot zansèt li yo e yo te antere l ansanm ak zansèt li yo, men, se nan teren ki pa deyò simityè wa yo yo te antere l, paske yo te di: “Se yon moun ki gen lèp.” Epi, Jotam+, pitit gason l, te vin wa nan plas li.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje