BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Levitik 19
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Levitik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Divès lwa sou fason pou moun rete sen (1-37)

        • Bon fason pou moun fè rekòt (9, 10)

        • Konsiderasyon pou moun ki soud ak moun ki avèg (14)

        • Pa pale moun mal (16)

        • Pa kenbe moun sou kè (18)

        • Pa fè maji e pa chèche pale ak mò (26, 31)

        • Pa fè tatwaj sou kò yo (28)

        • Respekte granmoun yo (32)

        • Fason pou moun boule ak etranje (33, 34)

Levitik 19:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 11:44; Eza 6:3; 1P 1:15, 16; Re 4:8

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2021, p. 3-4

Levitik 19:3

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “gen krentif pou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:12; Efe 6:2; Eb 12:9
  • +Eg 20:8, 11; 31:13; Lk 6:5

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2021, p. 4-5, 8

Levitik 19:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:1; Sm 96:5; Ab 2:18; 1Ko 10:14
  • +Eg 20:4, 23; Dt 27:15

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2021, p. 5-6

Levitik 19:5

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ofrann lapè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 3:1
  • +Le 7:11, 12

Levitik 19:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 7:17, 18

Levitik 19:7

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon, 11/2020, p. 1-3

Levitik 19:8

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “touye”.

  • *

    Oswa: “nanm”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon, 11/2020, p. 1-3

Levitik 19:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 23:22; Dt 24:19

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/7/2006, p. 14-15

    1/12/2003, p. 30

Levitik 19:10

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “moun ki nan mizè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 15:7

Levitik 19:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:15; Efe 4:28
  • +Le 6:2; Pw 12:22; Efe 4:25

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2021, p. 10

    Toudegad etid,

    12/2016, p. 7-8

Levitik 19:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:7; Mt 5:33, 37; Jk 5:12

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2021, p. 10

Levitik 19:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 22:16; Mk 10:19
  • +Pw 22:22
  • +Dt 24:15; Jr 22:13; Jk 5:4

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2021, p. 10

Levitik 19:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 27:18
  • +Le 25:17; Ne 5:15; Pw 1:7; 8:13; 1P 2:17

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2021, p. 8-9

Levitik 19:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:3; Dt 1:16, 17; 16:19; 2Kw 19:6; Wm 2:11; Jk 2:9

Levitik 19:16

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “Nou pa dwe rete san n pa fè anyen lè lavi pwochen nou an danje”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 15:1, 3
  • +Eg 20:16; 1Wa 21:13

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2021, p. 14

Levitik 19:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 10:18; 1J 2:9; 3:15
  • +Sm 141:5; Pw 9:8; Mt 18:15

Levitik 19:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 20:22; Wm 12:19
  • +Mt 5:43, 44; 22:39; Wm 13:9; Ga 5:14; Jk 2:8

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2021, p. 10-12

    Toudegad,

    15/4/2011, p. 22

    1/12/2006, p. 27-28

Levitik 19:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 22:9
  • +Dt 22:11

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2021, p. 6

Levitik 19:20

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “bay yon ranson”.

Levitik 19:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 6:6, 7

Levitik 19:23

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2021, p. 6-7

Levitik 19:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 26:1, 2; Pw 3:9

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2021, p. 6-7

Levitik 19:25

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2021, p. 6-7

Levitik 19:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 3:17; 17:13; Dt 12:23; Tr 15:20, 29
  • +Eg 8:7; Dt 18:10-12; Ga 5:19, 20; Re 21:8

Levitik 19:27

Nòt anba paj

  • *

    Sanble y ap pale la a de kèk bagay moun lòt pèp yo te konn fè. Sa pa t vle di Izrayelit yo pa t ka koupe pwent bab yo menm.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 21:1, 5

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/6/2004, p. 32

Levitik 19:28

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm”. La a, mo ebre a, nèfèch, gen rapò ak yon moun ki mouri.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 14:1

Levitik 19:29

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 23:17
  • +Eb 13:4; 1P 4:3

Levitik 19:30

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “krentif”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:10; 31:13

Levitik 19:31

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:6; Dt 18:10-12; 1Kw 10:13; Eza 8:19
  • +Le 20:27; Tr 16:16

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 24

Levitik 19:32

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 16:31; 20:29
  • +Jb 32:6; Pw 23:22; 1Ti 5:1
  • +Jb 28:28; Pw 1:7; 8:13; 1P 2:17

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/10/2008, p. 21

    Kè kontan nan yon fanmi, p. 149

Levitik 19:33

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:9

Levitik 19:34

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 12:49
  • +Eg 22:21

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2021, p. 12-13

Levitik 19:35

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 25:13, 15; Pw 20:10

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2021, p. 10

Levitik 19:36

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ak bon mamit”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.

  • *

    Oswa: “ak bon veso pou mezire likid”. Yon hin egal 3,67 lit. Gade Apendis B14.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 11:1

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2021, p. 10

Levitik 19:37

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 18:5; Dt 4:6

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Lev. 19:2Le 11:44; Eza 6:3; 1P 1:15, 16; Re 4:8
Lev. 19:3Eg 20:12; Efe 6:2; Eb 12:9
Lev. 19:3Eg 20:8, 11; 31:13; Lk 6:5
Lev. 19:4Le 26:1; Sm 96:5; Ab 2:18; 1Ko 10:14
Lev. 19:4Eg 20:4, 23; Dt 27:15
Lev. 19:5Le 3:1
Lev. 19:5Le 7:11, 12
Lev. 19:6Le 7:17, 18
Lev. 19:9Le 23:22; Dt 24:19
Lev. 19:10Dt 15:7
Lev. 19:11Eg 20:15; Efe 4:28
Lev. 19:11Le 6:2; Pw 12:22; Efe 4:25
Lev. 19:12Eg 20:7; Mt 5:33, 37; Jk 5:12
Lev. 19:13Pw 22:16; Mk 10:19
Lev. 19:13Pw 22:22
Lev. 19:13Dt 24:15; Jr 22:13; Jk 5:4
Lev. 19:14Dt 27:18
Lev. 19:14Le 25:17; Ne 5:15; Pw 1:7; 8:13; 1P 2:17
Lev. 19:15Eg 23:3; Dt 1:16, 17; 16:19; 2Kw 19:6; Wm 2:11; Jk 2:9
Lev. 19:16Sm 15:1, 3
Lev. 19:16Eg 20:16; 1Wa 21:13
Lev. 19:17Pw 10:18; 1J 2:9; 3:15
Lev. 19:17Sm 141:5; Pw 9:8; Mt 18:15
Lev. 19:18Pw 20:22; Wm 12:19
Lev. 19:18Mt 5:43, 44; 22:39; Wm 13:9; Ga 5:14; Jk 2:8
Lev. 19:19Dt 22:9
Lev. 19:19Dt 22:11
Lev. 19:21Le 6:6, 7
Lev. 19:24Dt 26:1, 2; Pw 3:9
Lev. 19:26Le 3:17; 17:13; Dt 12:23; Tr 15:20, 29
Lev. 19:26Eg 8:7; Dt 18:10-12; Ga 5:19, 20; Re 21:8
Lev. 19:27Le 21:1, 5
Lev. 19:28Dt 14:1
Lev. 19:29Dt 23:17
Lev. 19:29Eb 13:4; 1P 4:3
Lev. 19:30Eg 20:10; 31:13
Lev. 19:31Le 20:6; Dt 18:10-12; 1Kw 10:13; Eza 8:19
Lev. 19:31Le 20:27; Tr 16:16
Lev. 19:32Pw 16:31; 20:29
Lev. 19:32Jb 32:6; Pw 23:22; 1Ti 5:1
Lev. 19:32Jb 28:28; Pw 1:7; 8:13; 1P 2:17
Lev. 19:33Eg 23:9
Lev. 19:34Eg 12:49
Lev. 19:34Eg 22:21
Lev. 19:35Dt 25:13, 15; Pw 20:10
Lev. 19:36Pw 11:1
Lev. 19:37Le 18:5; Dt 4:6
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
  • 34
  • 35
  • 36
  • 37
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Levitik 19:1-37

Levitik

19 Annapre, Jewova pale ak Moyiz, li di l: 2 “Pale ak tout Izrayelit yo. Men sa w ap di yo: ‘Nou dwe sen, paske mwen menm, Jewova, Bondye nou an, mwen sen+.

3 “‘Nou chak dwe respekte* manman nou ak papa nou+ e nou dwe obsève saba m yo+. Mwen se Jewova, Bondye nou an. 4 Pa al sèvi dye ki san valè yo+, e pinga nou fonn metal pou nou fè dye pou n adore+. Mwen se Jewova, Bondye nou an.

5 “‘Si n ap ofri Jewova yon sakrifis kominyon*+, nou dwe ofri sakrifis la yon fason k ap fè nou jwenn favè l+. 6 Nou dwe manje vyann bèt la nan jou nou te fè sakrifis la ak nan demen. Men, si gen rès ki rete nan twazyèm jou a, nou dwe boule l+. 7 Si gen moun ki manje ladan l nan twazyèm jou a, se yon zak derespektan e Bondye pap aksepte sakrifis la. 8 Moun ki manje l la koupab e l ap peye pou sa l fè a, paske li pa respekte yon bagay ki apa pou Jewova. Yo dwe retire* moun* sa a nan mitan pèp la.

9 “‘Lè n ap rekòlte jaden nou nan peyi a, nou pa dwe fin rekòlte tout sa ki toupre lizyè jaden nou an e nou pa dwe ranmase sa ki rete apre nou fin fè rekòt la+. 10 Epitou, nou pa dwe tounen al pran grap rezen ki rete nan jaden rezen nou, ni sa ki te tonbe atè nan jaden an. Nou dwe kite yo pou pòv*+ yo e pou etranje k ap viv nan mitan nou yo. Mwen se Jewova, Bondye nou an.

11 “‘Nou pa dwe vòlè+, nou pa dwe twonpe moun+, nou pa dwe aji yon fason ki malonèt youn ak lòt. 12 Nou pa dwe fè sèman nan non m+ alòske se manti n ap bay. Si nou fè sa, n ap sal non Bondye nou an. Mwen se Jewova. 13 Pinga nou eksplwate pwochen nou+ e pinga nou dechèpiye pèsonn+. Si n pran yon moun pou travay pou nou, nou pa dwe kite lajan l lan fè tout nuit lan nan men nou pou se demen maten nou peye l+.

14 “‘Nou pa dwe madichonnen yon moun ki soud, nou pa dwe mete yon bagay devan yon moun ki avèg+ pou nou fè l tonbe, e nou dwe gen lakrentif pou Bondye nou an+. Mwen se Jewova.

15 “‘Nou pa dwe aji yon fason ki enjis lè n ap fè jijman. Nou pa dwe montre nou gen patipri pou moun ki pòv la, ni nou pa dwe montre nou gen patipri pou moun ki rich la+. Nou dwe jije pwochen nou avèk jistis.

16 “‘Nou pa dwe ap mache pale moun mal nan mitan pèp la+. Nou pa dwe chèche fè yo touye yon pwochen nou*+. Mwen se Jewova.

17 “‘Nou pa dwe rayi frè nou nan kè nou+. Nou dwe fè tout sa n kapab pou n blame yon pwochen nou+ pou nou pa konplis nan peche li fè.

18 “‘Nou pa dwe tire revanj+, ni nou pa dwe kenbe yon moun nan pèp la sou kè. Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou+. Mwen se Jewova.

19 “‘Men lòt kòmandman mwen ban nou pou n obeyi: Nou pa dwe kwaze de bèt ki pa menm. Nou pa dwe simen de semans+ ki pa menm nan jaden nou, ni nou pa dwe mete yon rad ki fèt ak twal ki tise ak de kalite fil+.

20 “‘Si yon gason kouche ak yon fi ki se yon esklav, alòske yo te pwomèt yon lòt gason fi sa a, men, lòt gason an potko peye* pou fi a e fi a potko lib, se pou yo pini yo. Men, yo pa dwe touye yo, paske fi a potko lib. 21 Gason ki te kouche ak fi a dwe pote bèt l ap ofri Jewova kòm sakrifis ki montre li koupab la devan antre tant reyinyon an. L ap pote yon mal mouton kòm sakrifis ki montre li koupab+. 22 Prèt la ap ofri mouton moun nan bay kòm sakrifis ki montre li koupab la pou l ka chèche jwenn padon nan men Jewova pou peche moun nan fè a. E Bondye ap padone peche a.

23 “‘Lè nou rive nan peyi a e nou plante nenpòt pyebwa ki bay fwi, lè li donnen, okòmansman n ap konsidere fwi l yo kòm yon bagay ki pa pwòp nou pa dwe manje. Nou pap gen dwa manje anyen ladan l pandan twazan. 24 Men, nan katriyèm ane a, fwi l yo ap vin sen e n ap ka ofri yo bay Jewova ak kè kontan+. 25 Nan senkyèm ane a, n ap ka manje fwi li bay yo, l ap donnen e n ap rekòlte anpil. Mwen se Jewova, Bondye nou an.

26 “‘Nou pa dwe manje anyen ki gen san+.

“‘Nou pa dwe ap chèche konnen lavni, ni fè maji+.

27 “‘Nou pa dwe koupe cheve ki bò tèt nou, ni nou pa dwe koupe pwent bab nou*+.

28 “‘Nou pa dwe filange kò nou pou yon moun* ki mouri+ e nou pa dwe fè tatwaj sou nou. Mwen se Jewova.

29 “‘Nou pa dwe dezonore pitit fi nou pou n ta fè l vin yon pwostitye+, pou peyi a pa vin sal akoz pwostitye yo e pou l pa vin chaje ak konduit deregle+.

30 “‘Nou dwe obsève saba m yo+ e nou dwe montre n gen respè* pou tanp mwen an. Mwen se Jewova.

31 “‘Pinga n al kot moun ki konn chèche pale ak mò+, e pinga n al kot divinò+, yon fason pou yo pa lakòz nou vin pa pwòp. Mwen se Jewova, Bondye nou an.

32 “‘Nou dwe leve kanpe devan moun ki gen cheve blan+ e nou dwe onore granmoun yo+. Nou dwe gen lakrentif pou Bondye nou an+. Mwen se Jewova.

33 “‘Si yon etranje ap viv avèk nou nan peyi a, nou pa dwe maltrete l+. 34 Nou dwe konsidere etranje k ap viv avèk nou yo tankou Izrayelit parèy nou+, nou dwe renmen yo menm jan nou renmen tèt nou, paske nou te etranje nan peyi Ejip+. Mwen se Jewova, Bondye nou an.

35 “‘Nou pa dwe sèvi ak fo mezi, kit n ap mezire longè yon bagay, kit n ap peze yon bagay, kit n ap mezire ki kantite l ye+. 36 Nou dwe sèvi ak bon balans, ak pwa ki egzak, ak efa ki egzak* e ak hin ki egzak*+. Mwen se Jewova, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan peyi Ejip. 37 Nou dwe obeyi tout lwa m yo ak tout kòmandman m yo+. Mwen se Jewova.’”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje