BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Levitik 18
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Levitik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Relasyon seksyèl Lalwa kondane (1-30)

        • Pa imite moun Kanaran yo (3)

        • Relasyon seksyèl ant fanmi pre (6-18)

        • Relasyon seksyèl ak yon fi ki gen règ li (19)

        • Gason k ap kouche ak gason (22)

        • Relasyon seksyèl ak bèt (23)

        • ‘Rete pwòp pou peyi a pa vomi nou’ (24-30)

Levitik 18:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 17:7; Eg 6:7

Levitik 18:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:24; Le 20:23

Levitik 18:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:22; Dt 4:1

Levitik 18:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Lk 10:27, 28; Wm 10:5; Ga 3:12

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/8/2009, p. 6

Levitik 18:6

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “mete l toutouni”. Se ekspresyon sa a ki te nan vèsè sa a ak vèsè ki apre yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:17

Levitik 18:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 35:22; 49:4; Le 20:11; Dt 27:20; 2Sa 16:21; 1Ko 5:1

Levitik 18:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:17; Dt 27:22; 2Sa 13:10-12

Levitik 18:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:19

Levitik 18:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:20

Levitik 18:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:12

Levitik 18:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:21; Dt 25:5; Mk 6:17, 18

Levitik 18:17

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ki dwe fè w wont; ki endesan”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:14; Dt 27:23

Levitik 18:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 30:15

Levitik 18:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 15:19, 24; 20:18

Levitik 18:20

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “madanm konpayon”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:14; Le 20:10; Dt 22:22; Pw 6:29; Mt 5:27, 28; 1Ko 6:9, 10; Eb 13:4

Levitik 18:21

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Ou pa dwe sakrifye pitit ou oswa pitit pitit ou bay Molèk”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:2; Dt 18:10; 1Wa 11:7; 2Wa 23:10
  • +Le 20:3

Levitik 18:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 19:5; Le 20:13; Jj 19:22; Wm 1:26, 27; 1Ko 6:9, 10; Jd 7

Levitik 18:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 22:19; Le 20:15, 16

Levitik 18:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:23; Dt 18:12

Levitik 18:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 15:16

Levitik 18:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:22; Dt 4:1, 40
  • +Eg 12:49

Levitik 18:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 20:17, 18; 2Wa 16:2, 3; 21:1, 2

Levitik 18:29

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “touye”.

  • *

    Oswa: “tout nanm”.

Levitik 18:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 18:3; 20:23; Dt 18:9

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Lev. 18:2Jen 17:7; Eg 6:7
Lev. 18:3Eg 23:24; Le 20:23
Lev. 18:4Le 20:22; Dt 4:1
Lev. 18:5Lk 10:27, 28; Wm 10:5; Ga 3:12
Lev. 18:6Le 20:17
Lev. 18:8Jen 35:22; 49:4; Le 20:11; Dt 27:20; 2Sa 16:21; 1Ko 5:1
Lev. 18:9Le 20:17; Dt 27:22; 2Sa 13:10-12
Lev. 18:12Le 20:19
Lev. 18:14Le 20:20
Lev. 18:15Le 20:12
Lev. 18:16Le 20:21; Dt 25:5; Mk 6:17, 18
Lev. 18:17Le 20:14; Dt 27:23
Lev. 18:18Jen 30:15
Lev. 18:19Le 15:19, 24; 20:18
Lev. 18:20Eg 20:14; Le 20:10; Dt 22:22; Pw 6:29; Mt 5:27, 28; 1Ko 6:9, 10; Eb 13:4
Lev. 18:21Le 20:2; Dt 18:10; 1Wa 11:7; 2Wa 23:10
Lev. 18:21Le 20:3
Lev. 18:22Jen 19:5; Le 20:13; Jj 19:22; Wm 1:26, 27; 1Ko 6:9, 10; Jd 7
Lev. 18:23Eg 22:19; Le 20:15, 16
Lev. 18:24Le 20:23; Dt 18:12
Lev. 18:25Jen 15:16
Lev. 18:26Le 20:22; Dt 4:1, 40
Lev. 18:26Eg 12:49
Lev. 18:27Dt 20:17, 18; 2Wa 16:2, 3; 21:1, 2
Lev. 18:30Le 18:3; 20:23; Dt 18:9
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Levitik 18:1-30

Levitik

18 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 2 “Pale ak Izrayelit yo, men sa w ap di yo: ‘Mwen se Jewova, Bondye nou an+. 3 Nou pa dwe fè menm sa moun yo ap fè nan peyi Ejip, kote nou te abite a, ni nou pa dwe fè menm sa moun yo ap fè nan peyi Kanaran, kote m ap mennen nou an+. Nou pa dwe fè sa y ap fè yo. 4 Nou dwe obeyi lwa m yo, nou dwe obeyi kòmandman m yo e nou dwe viv ann amoni avèk yo+. Mwen se Jewova, Bondye nou an. 5 Nou dwe obeyi kòmandman m yo ak lwa m yo. Tout moun ki obeyi yo ap viv grasa yo+. Mwen se Jewova.

6 “‘Okenn gason pami nou pa dwe pwoche kot yon fanmi pre l pou l fè relasyon seksyèl avè l*+. Mwen se Jewova. 7 Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak papa w ni ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak manman w. Se manman w li ye, ou pa dwe fè relasyon seksyèl avè l.

8 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak madanm papa w+. Sa t ap lage lawont sou papa w.

9 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak sè w, kit se pitit papa w kit se pitit manman w, kit li te fèt nan menm kay avèk ou kit li te fèt deyò+.

10 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak pitit fi yon pitit gason w oswa pitit fi yon pitit fi w, paske si w fè sa, w ap lage lawont sou tèt ou.

11 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak pitit fi madanm papa w, pitit ki soti nan ren papa w, paske se sè w.

12 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak sè papa w. Se fanmi pre papa w li ye+.

13 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak sè manman w, paske se fanmi pre manman w li ye.

14 “‘Ou pa dwe lage lawont sou frè papa w akoz ou fè relasyon seksyèl ak madanm li. Se matant ou+.

15 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak bèlfi w+. Se madanm pitit gason w, ou pa dwe fè relasyon seksyèl avè l.

16 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak madanm frè w+, paske sa t ap lage lawont sou frè w la.

17 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak yon fi epi w fè relasyon seksyèl ak pitit fi l+ tou. Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak pitit fi yon pitit gason l genyen ni ak pitit fi yon pitit fi l genyen. Yo se fanmi pre l. Se t ap yon aksyon ki sal*.

18 “‘Ou pa dwe pran sè madanm ou kòm yon dezyèm madanm+ pou w fè relasyon seksyèl avè l pandan madanm ou vivan toujou.

19 “‘Ou pa dwe pwoche kot yon fi ki pa pwòp akoz li gen règ li pou w fè relasyon seksyèl avè l+.

20 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak madanm pwochen* w. Sa ap fè w pa pwòp+.

21 “‘Ou pa dwe bay Molèk+ pitit ou oswa pitit pitit ou*. Ou pa dwe sal non Bondye w la konsa+. Mwen se Jewova.

22 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak yon gason menm jan w fè relasyon seksyèl ak yon fi+. Se yon bagay ki bay degoutans.

23 “‘Yon gason pa dwe fè relasyon seksyèl ak yon bèt. Sa ap fè l pa pwòp. Nitou, yon fi pa dwe al devan yon bèt pou l fè relasyon seksyèl avè l+. Se yon bagay ki pa natirèl.

24 “‘Pinga nou fè okenn nan bagay sa yo, paske, sa ap fè nou pa pwòp. Se bagay sa yo nasyon m ap chase devan nou yo fè ki fè yo pa pwòp+. 25 Se sa k fè peyi a pa pwòp e m ap pini moun k ap viv nan peyi a akoz peche yo. Peyi a gen pou l vomi yo+. 26 Men, nou menm, nou dwe obeyi lwa m yo ak kòmandman m yo+, e nou pa dwe fè okenn nan bagay sa yo ki bay degoutans, kit se yon Izrayelit kit se yon etranje k ap viv nan mitan nou+. 27 Paske, moun ki t ap viv nan peyi a anvan nou yo te fè tout bagay sa yo ki bay degoutans+, e se sa k fè kounye a peyi a pa pwòp. 28 Konsa, piske nou pap sal peyi a, peyi a pap vomi nou menm jan li gen pou l vomi nasyon ki te ladan l anvan nou yo. 29 Si gen moun ki fè nenpòt nan bagay sa yo ki bay degoutans, y ap retire* tout moun* sa yo nan mitan pèp la. 30 Nou dwe kontinye fè sa m mande nou fè yo e nou pa dwe pratike okenn nan vye koutim moun anvan nou yo te genyen+, yon fason pou nou pa kite bagay sa yo fè nou pa pwòp. Mwen se Jewova, Bondye nou an.’”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje