BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Samyèl 12
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Natan reprimande David (1-15a)

      • Pitit gason Batcheba a mouri (15b-23)

      • Batcheba vin fè Salomon (24, 25)

      • Yo pran Raba, yon vil moun Amon yo (26-31)

2 Samyèl 12:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 1:8; 1Kw 17:1; 29:29
  • +Sm 51:pawòl ki anlè tèt

2 Samyèl 12:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 5:13; 15:16

2 Samyèl 12:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 11:3

2 Samyèl 12:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 11:4

2 Samyèl 12:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 6:13

2 Samyèl 12:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 22:1

2 Samyèl 12:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 16:13; 2Sa 7:8
  • +1Sa 18:10, 11; 19:10; 23:14

2 Samyèl 12:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 13:13, 14; 15:26, 28
  • +2Sa 3:7; 1Wa 2:22
  • +2Sa 2:4; 5:5
  • +2Sa 7:19

2 Samyèl 12:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:13
  • +Eg 20:14, 17
  • +2Sa 11:15, 27

2 Samyèl 12:10

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “epe”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 14:18; 2Sa 13:32; 18:33; Ga 6:7

2 Samyèl 12:11

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon gason parèy ou”.

  • *

    Lit.: “devan je solèy sa a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 12:15, 19; 13:10-15; 15:14
  • +Eg 21:24; Jb 31:9-11; 34:11
  • +2Sa 16:21, 22

2 Samyèl 12:12

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “devan solèy la”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 11:4, 15

2 Samyèl 12:13

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “kite peche w la pase”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 39:9; Sm 32:5; 38:3; 51:pawòl ki anlè tèt; 51:4; Pw 28:13
  • +Eg 34:6; Sm 32:1
  • +Le 20:10; Sm 103:10

2 Samyèl 12:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 12:22; Jon 3:8, 9

2 Samyèl 12:20

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “l al nan palè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Rt 3:3; 2Sa 14:2
  • +2Sa 6:17

2 Samyèl 12:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 12:16; Jl 1:14
  • +Eza 38:3, 5; Jl 2:13, 14; Am 5:15; Jon 3:8, 9

2 Samyèl 12:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ekl 9:6
  • +Jb 30:23; Ekl 3:20; Tr 2:29, 34; 13:36
  • +Ekl 9:5, 10

2 Samyèl 12:24

Nòt anba paj

  • *

    Non sa a soti nan yon mo ebre ki vle di “lapè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 11:3
  • +1Kw 3:5, 9; 22:9; 28:5; Mt 1:6
  • +2Sa 7:12; 1Kw 29:1

2 Samyèl 12:25

Nòt anba paj

  • *

    Sa vle di: “Moun Ja renmen anpil la”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 7:4, 5; 12:1; 1Wa 1:8

2 Samyèl 12:26

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “vil wayòm nan”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 23:3, 6
  • +Dt 3:11; Joz 13:24, 25
  • +2Sa 11:25; 1Kw 20:1

2 Samyèl 12:27

Nòt anba paj

  • *

    Petèt y ap pale de kote ki gen dlo nan vil la.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 11:1

2 Samyèl 12:28

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “e y ap nonmen non m sou li”.

2 Samyèl 12:30

Nòt anba paj

  • *

    Yon talan egal 34,2 kg. Gade Apendis B14.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 8:11, 12
  • +1Kw 20:2, 3

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Sam. 12:11Wa 1:8; 1Kw 17:1; 29:29
2 Sam. 12:1Sm 51:pawòl ki anlè tèt
2 Sam. 12:22Sa 5:13; 15:16
2 Sam. 12:32Sa 11:3
2 Sam. 12:42Sa 11:4
2 Sam. 12:5Dt 6:13
2 Sam. 12:6Eg 22:1
2 Sam. 12:71Sa 16:13; 2Sa 7:8
2 Sam. 12:71Sa 18:10, 11; 19:10; 23:14
2 Sam. 12:81Sa 13:13, 14; 15:26, 28
2 Sam. 12:82Sa 3:7; 1Wa 2:22
2 Sam. 12:82Sa 2:4; 5:5
2 Sam. 12:82Sa 7:19
2 Sam. 12:9Eg 20:13
2 Sam. 12:9Eg 20:14, 17
2 Sam. 12:92Sa 11:15, 27
2 Sam. 12:10Nb 14:18; 2Sa 13:32; 18:33; Ga 6:7
2 Sam. 12:112Sa 12:15, 19; 13:10-15; 15:14
2 Sam. 12:11Eg 21:24; Jb 31:9-11; 34:11
2 Sam. 12:112Sa 16:21, 22
2 Sam. 12:122Sa 11:4, 15
2 Sam. 12:13Jen 39:9; Sm 32:5; 38:3; 51:pawòl ki anlè tèt; 51:4; Pw 28:13
2 Sam. 12:13Eg 34:6; Sm 32:1
2 Sam. 12:13Le 20:10; Sm 103:10
2 Sam. 12:162Sa 12:22; Jon 3:8, 9
2 Sam. 12:20Rt 3:3; 2Sa 14:2
2 Sam. 12:202Sa 6:17
2 Sam. 12:222Sa 12:16; Jl 1:14
2 Sam. 12:22Eza 38:3, 5; Jl 2:13, 14; Am 5:15; Jon 3:8, 9
2 Sam. 12:23Ekl 9:6
2 Sam. 12:23Jb 30:23; Ekl 3:20; Tr 2:29, 34; 13:36
2 Sam. 12:23Ekl 9:5, 10
2 Sam. 12:242Sa 11:3
2 Sam. 12:241Kw 3:5, 9; 22:9; 28:5; Mt 1:6
2 Sam. 12:242Sa 7:12; 1Kw 29:1
2 Sam. 12:252Sa 7:4, 5; 12:1; 1Wa 1:8
2 Sam. 12:26Dt 23:3, 6
2 Sam. 12:26Dt 3:11; Joz 13:24, 25
2 Sam. 12:262Sa 11:25; 1Kw 20:1
2 Sam. 12:272Sa 11:1
2 Sam. 12:302Sa 8:11, 12
2 Sam. 12:301Kw 20:2, 3
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Samyèl 12:1-31

2 Samyèl

12 Se sa k fè Jewova te voye Natan+ kot David. Natan antre kot David+, li di l: “Te gen de mesye nan yon vil, youn te rich e lòt la te pòv. 2 Mesye ki te rich la te gen anpil mouton ak anpil bèf+. 3 Men, mesye ki te pòv la pa t gen anyen, sof yon sèl ti femèl mouton li te achte+. Li te pran swen ti mouton an e ti mouton an te grandi lakay li ansanm ak pitit li yo. Ti mouton an te konn manje nan ti manje mèt li te genyen, li te konn bwè nan gode mèt li e li te konn dòmi nan bra l. Li te vin tankou yon pitit fi pou li. 4 Yon lè, te gen yon moun ki vin vizite mesye rich la. Men, mesye rich la pa t pran okenn nan mouton l yo ak bèf li yo pou l prepare manje pou moun ki te vin wè l la. Li te pito pran ti mouton mesye pòv la, li prepare l pou mesye ki te vin lakay li a manje+.”

5 Kou David tande sa, li vin an kòlè anpil kont mesye a, epi li di Natan: “Menm jan li klè Jewova vivan+, mwen fè sèman mesye ki fè bagay sa a merite mouri! 6 Poutèt zak mechanste sa a li fè a, poutèt li pa t montre l gen pitye, li dwe peye kat fwa lavalè pou ti mouton an+.”

7 Epi, Natan di David: “Se ou menm ki mesye sa a! Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Se mwen menm ki te chwazi w kòm wa pou w dirije pèp Izrayèl la+, e mwen te delivre w anba men Sayil+. 8 Mwen te dispoze ba w byen mèt ou yo+ ak madanm li yo+, e mwen te ba w tout sa k ann Izrayèl ak tout sa k nan Jida+. E kòmsi sa pa t ase, mwen te dispoze fè plis pou ou toujou+. 9 Poukisa w te meprize pawòl Jewova pou w fè sa ki mal devan je l? Ou touye Ouri, yon desandan Èt, ak epe+! Epi, ou pran madanm li ou fè l vin madanm ou+ apre w fin touye mari l ak epe desandan Amon yo+. 10 Kounye a, ap toujou gen malè* nan fanmi w+ paske w pa t gen respè pou mwen lè w te pran madanm Ouri, desandan Èt la, pou l vin madanm ou.’ 11 Men sa Jewova di: ‘M ap lage yon malè sou ou k ap soti nan pwòp fanmi w+, epi m ap pran madanm ou yo devan je w pou m bay yon lòt gason*+ k ap kouche avèk yo gwo lajounen*+. 12 Byenke se an kachèt ou te fè sa+, m ap fè sa rive devan je tout pèp Izrayèl la gwo lajounen*.’”

13 Lè sa a, David di Natan: “Mwen peche kont Jewova+.” Epi, Natan di David: “Jewova, li menm, padone peche w fè a*+. Ou pap mouri+. 14 Men, paske w pa t montre w gen okenn respè pou Jewova nan ka sa a, pitit gason ou fèk genyen an ap mouri san mank.”

15 Apre sa, Natan al lakay li.

Epi, Jewova te frape pitit madanm Ouri te fè pou David la, e pitit la te vin malad. 16 David pa t sispann priye vrè Dye a pou tigason an. David te ret san manje, li te antre nan chanm li e li te pase tout nuit lan kouche atè+. 17 Twouve, ansyen ki lakay David yo te vin kanpe bò kote l, yo t ap eseye fè l leve atè a, men li te refize koute yo e li pa t vle manje ak yo. 18 Sou sèt jou, pitit la mouri, e mesye David yo te pè di l sa. Yo te di tèt yo: “Pandan pitit la te vivan an, nou te konn pale ak wa David, men li pa t koute nou. Kounye a, ki jan n ap fè di l pitit la mouri? Li ka fè yon move aksyon.”

19 Lè David wè mesye l yo ap pale tou ba youn ak lòt, li vin konprann pitit la mouri. Epi, David mande yo: “Èske pitit la mouri?” Yo reponn li: “Wi, li mouri.” 20 Epi, David leve atè a. Li benyen, li pase luil santi bon sou kò l+, li met yon lòt rad sou li, l al nan kay Jewova a+, epi li lage kò l fas atè. Apre sa, l al lakay* li, li mande pou yo pot manje ba li, epi li manje. 21 Mesye l yo te mande l: “Poukisa w fè sa? Lè pitit la te vivan, ou te ret san manje e w pa t sispann kriye, men kou pitit la mouri, ou leve, epi w manje.” 22 Li reponn yo: “Pandan pitit la te vivan, mwen te ret san manje+ e m pa t sispann kriye, paske m te di tèt mwen: ‘Ou pa janm konnen, petèt Jewova gendwa fè m favè epi l kite pitit la viv+.’ 23 Kounye a, pitit la mouri, poukisa pou m pa manje? Èske m ka fè l leve+? Se mwen menm ki pral jwenn li+, men li menm, li pap tounen vin jwenn mwen+.”

24 Apre sa, David konsole Batcheba, madanm li+. David antre kote l e li antre nan relasyon avè l. Madanm nan te vin fè yon pitit gason, e David te rele pitit la Salomon*+. Jewova te renmen pitit la+ 25 e li te voye pwofèt Natan+ al di pou yo rele pitit la Jedidya*, paske Jewova te renmen l.

26 Jowab te kontinye fè lagè ak peyi desandan Amon yo+, epi li te pran Raba+, kapital peyi yo a*+. 27 Se sa k fè, Jowab voye moun al di David: “Mwen batay ak moun nan vil Raba yo+, e vil ki chaje ak dlo a* anba kontwòl mwen. 28 Kounye a, rasanble rès gwoup sòlda yo, monte kan w pou w atake vil la epi pran l. Si w pa fè sa, se mwen menm k ap pran vil la e y ap di se mwen ki te pran l*.”

29 Se konsa, David rasanble tout gwoup sòlda yo, l al Raba, li batay ak moun nan vil la e li pran vil la. 30 Apre sa, li pran kouwòn ki te sou tèt Malkam nan. Lò nan kouwòn nan te peze yon talan* e kouwòn nan te gen pyè ki gen anpil valè ladan l. Yo te mete l sou tèt David. Mete sou sa, David te pran yon pakèt bagay+ nan vil la+. 31 Li te mennen moun nan vil la deyò vil la, li ba yo taye wòch e li ba yo travay ak zouti an fè ki file ansanm ak rach, epi li ba yo fè brik. Se sa l te fè moun nan tout vil desandan Amon yo. Alafen, David ak tout gwoup sòlda yo retounen Jerizalèm.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje