Jòb
37 “Lè konsa, kè m sote,
E mwen santi se rache l ap rache.
2 Byen koute vwa Bondye k ap gwonde
Ansanm ak kout loray k ap sot nan bouch li.
3 Li fè l gaye anba tout syèl la
E li voye zèklè li+ jis nan dènye bout tè a.
4 Apre sa, gen yon gwo bri ki fèt.
Bondye gwonde ak yon gwo vwa ki tankou loray+,
Li pa bloke zèklè a lè yo tande vwa l.
7 Bondye fè lèzòm sispann tout aktivite*,
Konsa, tout moun ap konnen travay li.
8 Bèt bwa yo antre nan twou yo,
Epi yo ret nan kachèt yo.
11 Wi, li fè nyaj yo vin lou ak gout dlo.
Li voye zèklè l+ nan nyaj yo.
14 Jòb, koute sa.
Fè yon ti poze pou w byen reflechi sou bèl travay Bondye fè yo+.
15 Èske w konn ki jan Bondye dirije* nyaj yo
Ak fason li fè zèklè sot nan nyaj li?
16 Èske w konn ki jan nyaj yo fè ret pandye nan syèl la+?
Bagay sa yo se bèl travay Sila a ki gen konesans san fay la fè+.
17 Sa k fè rad ou vin cho
Lè van ki sot nan sid la fè tè a trankil+?
19 Di nou sa pou n di l.
Nou pa ka reponn piske nou nan fènwa.
20 Èske yo dwe di Bondye mwen gen yon bagay pou m di?
Oubyen èske gen yon moun ki te di yon bagay yon moun ta dwe al fè Bondye konnen+?
21 Yo pa menm ka wè limyè a*,
Byenke li klere nan syèl la,
Toutotan yon van pa pase pou l fè nyaj yo ale.
22 Limyè koulè lò sot nan direksyon nò.
Glwa Bondye+ fè moun gen lakrentif.