BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 19
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Sayil kontinye rayi David (1-13)

      • David kouri pou Sayil (14-24)

1 Samyèl 19:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 18:9; Pw 27:4

1 Samyèl 19:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 18:1; Pw 18:24

1 Samyèl 19:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 20:9, 13; Pw 17:17

1 Samyèl 19:4

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pa dwe peche”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 22:14

1 Samyèl 19:5

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Li te mete nanm li nan pla men l”.

  • *

    Oswa: “delivrans”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 17:49
  • +1Sa 20:32

1 Samyèl 19:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 16:21; 18:2, 13

1 Samyèl 19:9

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “vin gen yon move lespri”.

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 16:14
  • +1Sa 18:10, 11

1 Samyèl 19:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 59:pawòl ki anlè tèt; 59:3

1 Samyèl 19:13

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “dye fanmi an; zidòl la”.

1 Samyèl 19:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 18:9

1 Samyèl 19:16

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “dye fanmi an; zidòl la”.

1 Samyèl 19:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 18:29

1 Samyèl 19:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 7:15, 17
  • +1Sa 20:1

1 Samyèl 19:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 19:18

1 Samyèl 19:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 10:11

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 19:11Sa 18:9; Pw 27:4
1 Sam. 19:21Sa 18:1; Pw 18:24
1 Sam. 19:31Sa 20:9, 13; Pw 17:17
1 Sam. 19:41Sa 22:14
1 Sam. 19:51Sa 17:49
1 Sam. 19:51Sa 20:32
1 Sam. 19:71Sa 16:21; 18:2, 13
1 Sam. 19:91Sa 16:14
1 Sam. 19:91Sa 18:10, 11
1 Sam. 19:11Sm 59:pawòl ki anlè tèt; 59:3
1 Sam. 19:151Sa 18:9
1 Sam. 19:171Sa 18:29
1 Sam. 19:181Sa 7:15, 17
1 Sam. 19:181Sa 20:1
1 Sam. 19:221Sa 19:18
1 Sam. 19:241Sa 10:11
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 19:1-24

1 Samyèl

19 Annapre, Sayil pale ak Jonatan, pitit gason l, ansanm ak tout sèvitè l yo, pou l fè yo konnen li vle touye David+. 2 Kòm Jonatan, pitit gason Sayil la, te renmen David anpil+, li di David: “Sayil, papa m, vle touye w. Tanpri, demen maten veye kò w avè l, epi al yon kote moun pap konnen, ret kache la. 3 M ap soti ak papa m, epi m ap ret toupre l nan rak bwa kote w ap ye a. M ap pale ak papa m pou ou. Si m vin konn yon bagay, m ap fè w konn sa kanmenm+.”

4 Konsa, Jonatan di Sayil, papa l, bon bagay sou David+. Li te di l: “Wa a pa dwe fè anyen ki mal* kont David, sèvitè l la, paske l pa fè w anyen ki mal, e tout sa l fè pou ou se pou byen w. 5 Li te riske lavi l* pou l touye sòlda Filisti a+, e sa te fè Jewova pote yon gwo viktwa* an favè tout pèp Izrayèl la. Ou te wè sa e w te kontan anpil. Poukisa kounye a ou vle fè peche sa a, ou vle vèse san yon moun ki inosan, ou vle touye David san rezon+?” 6 Epi, Sayil koute sa Jonatan di l la e Sayil fè yon sèman, li di: “Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman mwen pap touye David.” 7 Apre sa, Jonatan rele David, li di l tout pawòl sa yo. Epitou, Jonatan mennen David bay Sayil, e David kontinye sèvi Sayil, jan l te abitye fè a+.

8 Rive yon lè, te gen yon lagè ki t ap fèt, epi David t al batay ak moun Filisti yo. Li touye yon pakèt ladan yo, e rès moun yo kouri pou li.

9 Epi, Jewova te kite Sayil vin gen yon move mantalite*+ lè l te chita lakay li ak lans li nan men l pandan David t ap jwe hap* pou li+. 10 Sayil te chèche kloure David nan mi an ak lans lan, men David retire kò l kot Sayil ki te voye lans lan dèyè l nan mi an. David kouri, l ale menm nuit lan. 11 Annapre, Sayil voye kèk mesye lakay David pou yo veye kay la pou yo ka touye l demen maten+. Men, Mikal, madanm David, te di l: “Si w pa retire kò w la a aswè a, demen w ap mouri.” 12 Menm moman an, Mikal fè David desann nan fenèt la pou David ka kouri retire kò l. 13 Mikal pran estati terafim nan*, li mete l kouche sou kabann nan, lèfini, li mete yon twal ki fèt ak plim kabrit kote tèt David te dwe ye a, epi, li kouvri estati a ak yon rad.

14 Twouve, Sayil te voye kèk mesye al pran David. Men, Mikal te di yo: “David malad.” 15 Konsa, Sayil te voye mesye yo al chèche wè David e li te di yo: “Pran l nan kabann li mennen l ban mwen pou m touye l+.” 16 Lè mesye yo antre nan kay la, yo jwenn estati terafim nan* sou kabann nan, e te gen yon twal ki fèt ak plim kabrit kote tèt David te dwe ye a. 17 Sayil di Mikal: “Poukisa w twonpe m konsa e ou fè ènmi m+ nan sove l ale?” Mikal reponn Sayil: “Li te di m: ‘Si w pa kite m ale, m ap touye w.’”

18 Se konsa, David kouri l ale, l al jwenn Samyèl nan Rama+. Li rakonte l tout sa Sayil fè l yo. Apre sa, li menm ak Samyèl deplase y al ret Nayiyòt+. 19 Yon lè, yo vin di Sayil: “Men David Nayiyòt, nan Rama.” 20 Menm moman an, Sayil voye kèk mesye al met men sou David. Lè sèvitè Sayil yo wè pwofèt ki te pi granmoun yo t ap pwofetize e Samyèl te kanpe nan mitan yo, li t ap dirije yo, lespri Bondye te vin sou yo, e yo te kòmanse aji tankou pwofèt tou.

21 Gen moun ki vin di Sayil sa. Menm kote a, li voye yon lòt gwoup moun. Yo menm tou yo te kòmanse aji tankou pwofèt. Epi, Sayil te voye yon twazyèm gwoup moun, yo menm tou yo te vin ap aji tankou pwofèt. 22 Alafen, li menm tou l al Rama. Lè l rive bò gwo sitèn ki nan Sekou a, li mande: “Kote Samyèl ak David ye la a?” Yo reponn li: “Yo Nayiyòt+, nan Rama.” 23 Pandan Sayil sou wout pou l al Nayiyòt, nan Rama, lespri Bondye vin sou li tou. Sou tout wout la, li t ap aji tankou yon pwofèt, jiskaske li rive Nayiyòt, nan Rama. 24 Epitou, li te retire rad sou li e li t ap aji tankou yon pwofèt devan Samyèl. Jou sa a, li te rete prèske san rad sou li tout lajounen, tout lannuit. Se sa k fè yo konn di: “Èske Sayil se youn nan pwofèt yo tou+?”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje