BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 6
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Detewonòm — Sa ki gen nan liv sa a

      • Renmen Jewova ak tout kè nou (1-9)

        • “O Izrayèl, koute byen” (4)

        • Paran yo dwe anseye pitit yo (6, 7)

      • Pinga nou bliye Jewova (10-15)

      • Pinga nou teste Jewova (16-19)

      • Rakonte jenerasyon k ap vini an sa (20-25)

Detewonòm 6:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 3:1, 2
  • +Jen 18:19; Dt 4:9

Detewonòm 6:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 5:7; Eza 42:8; Za 14:9; Mk 12:29, 32; 1Ko 8:6

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    6/2016, p. 15-20

    Toudegad,

    1/7/2012, p. 31

Detewonòm 6:5

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 10:12; 11:13; 30:6; Mt 22:37
  • +Mk 12:30, 33; Lk 10:27

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/7/2005, p. 10

Detewonòm 6:6

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 50

    1/7/2005, p. 10

    1/4/2005, p. 20-21

    Kè kontan nan yon fanmi, p. 55-57, 58-59, 70-71

    Konesans, p. 146

Detewonòm 6:7

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “se pou nou repete yo pou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 18:19; Dt 4:9; Pw 22:6; Efe 6:4
  • +Dt 11:19

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 50

    Toudegad etid,

    12/2019, p. 26

    Toudegad,

    15/8/2013, p. 16

    1/9/2007, p. 23

    1/11/2006, p. 4-6

    1/7/2005, p. 10-11

    1/4/2005, p. 20-21

    Kè kontan nan yon fanmi, p. 55-57, 58-59, 70-71

    Konesans, p. 146

Detewonòm 6:8

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “yon bando nan mitan de je nou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 11:18

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/4/2005, p. 21

    1/10/2004, p. 20

Detewonòm 6:9

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/4/2005, p. 21

Detewonòm 6:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 15:18
  • +Joz 24:13; Sm 105:44

Detewonòm 6:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 8:10

Detewonòm 6:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jj 3:7

Detewonòm 6:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 10:12; 13:4
  • +Lk 4:8
  • +Jr 12:16

Detewonòm 6:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 34:14

Detewonòm 6:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:5; Dt 4:24
  • +Eg 32:9, 10; Nb 25:3; Dt 11:16, 17; Jj 2:14
  • +2Wa 17:18

Detewonòm 6:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Mt 4:7; Lk 4:12; 1Ko 10:9
  • +Eg 17:2, 7; Sm 95:8, 9; Eb 3:8, 9

Detewonòm 6:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 15:18

Detewonòm 6:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:30

Detewonòm 6:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 7:3
  • +Dt 4:34

Detewonòm 6:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 13:5; Dt 1:8

Detewonòm 6:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 111:10; Pw 14:27
  • +Le 18:5; Dt 4:1; Ga 3:12

Detewonòm 6:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ekl 12:13; Wm 10:5

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Det. 6:2Pw 3:1, 2
Det. 6:2Jen 18:19; Dt 4:9
Det. 6:4Dt 5:7; Eza 42:8; Za 14:9; Mk 12:29, 32; 1Ko 8:6
Det. 6:5Dt 10:12; 11:13; 30:6; Mt 22:37
Det. 6:5Mk 12:30, 33; Lk 10:27
Det. 6:7Jen 18:19; Dt 4:9; Pw 22:6; Efe 6:4
Det. 6:7Dt 11:19
Det. 6:8Dt 11:18
Det. 6:10Jen 15:18
Det. 6:10Joz 24:13; Sm 105:44
Det. 6:11Dt 8:10
Det. 6:12Jj 3:7
Det. 6:13Dt 10:12; 13:4
Det. 6:13Lk 4:8
Det. 6:13Jr 12:16
Det. 6:14Eg 34:14
Det. 6:15Eg 20:5; Dt 4:24
Det. 6:15Eg 32:9, 10; Nb 25:3; Dt 11:16, 17; Jj 2:14
Det. 6:152Wa 17:18
Det. 6:16Mt 4:7; Lk 4:12; 1Ko 10:9
Det. 6:16Eg 17:2, 7; Sm 95:8, 9; Eb 3:8, 9
Det. 6:18Jen 15:18
Det. 6:19Eg 23:30
Det. 6:22Eg 7:3
Det. 6:22Dt 4:34
Det. 6:23Eg 13:5; Dt 1:8
Det. 6:24Sm 111:10; Pw 14:27
Det. 6:24Le 18:5; Dt 4:1; Ga 3:12
Det. 6:25Ekl 12:13; Wm 10:5
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Detewonòm 6:1-25

Detewonòm

6 “Men kòmandman, lòd ak lwa Jewova, Bondye nou an, mande m pou m anseye nou yon fason pou nou ka suiv yo lè nou travèse antre nan peyi nou pral pran kòm byen pa nou an, 2 yon fason pou nou gen lakrentif pou Jewova, Bondye nou an, e pou n ka suiv tout lwa l yo ak tout kòmandman l yo m ap ban nou jodi a chak jou nan lavi nou pou n ka viv lontan+. Ni nou menm, ni pitit nou yo, ni pitit pitit+ nou yo dwe obeyi yo. 3 O Izrayèl, se pou nou koute e se pou nou byen suiv yo pou tout bagay ka mache byen pou nou e pou nou ka vin anpil lè nou rive nan peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule a, jan Jewova, Bondye zansèt nou yo, te pwomèt nou sa a.

4 “O Izrayèl, koute byen: Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova+. 5 Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm*+ nou e ak tout fòs nou+. 6 Se pou pawòl sa yo m ap di nou jodi a rete nan kè nou, 7 se pou nou fè yo antre nan kè* pitit nou yo+ e se pou nou pale sou bagay sa yo avèk yo lè nou chita anndan lakay nou, lè n ap mache avèk yo sou wout yo, lè nou kouche ak lè nou leve+. 8 Se pou nou mare yo nan men nou kòm yon siy pou fè nou sonje yo, e yo dwe tankou yon bando sou fwon nou*+. 9 Se pou nou ekri yo sou chanbrann pòt kay nou ak sou pòtay vil nou yo.

10 “Apre Jewova, Bondye nou an, fin fè nou antre nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb, l ap ban nou an+, yon peyi ki gen gwo vil nou pa t konstwi ki byen bèl+, 11 ki gen kay ki chaje ak tout kalite bon bagay nou pa t travay pou n genyen, ki gen sitèn nou pa t fouye, jaden rezen ak pye oliv nou pa t plante, lè nou fin manje e vant nou fin plen+, 12 nou dwe fè atansyon pou n pa bliye Jewova+, li menm ki te fè n soti nan esklavaj nan peyi Ejip la. 13 Nou dwe gen lakrentif+ pou Jewova, Bondye nou an. Se li nou dwe sèvi+ e se nan non l nou dwe fè sèman+. 14 Nou pa dwe sèvi lòt dye, nou pa dwe sèvi okenn nan dye pèp ki toutotou nou yo ap sèvi yo+, 15 paske Jewova, Bondye nou an, ki nan mitan nou an, se yon Bondye ki mande pou moun atache avè l sèlman+. Si nou al sèvi lòt dye, Jewova, Bondye nou an, ap fache anpil kont nou+ e l ap efase nou sou tè a+.

16 “Nou pa dwe teste+ Jewova, Bondye nou an, jan nou te fè sa lè nou te Masa a+. 17 Nou dwe byen obeyi kòmandman, rapèl ak lwa Jewova, Bondye nou an, ban nou pou nou obeyi yo. 18 Nou dwe fè sa ki dwat e nou dwe fè sa ki byen nan je Jewova, yon fason pou tout bagay ka mache byen pou nou, pou nou ka antre nan bon peyi Jewova te pwomèt zansèt nou yo l ap ban nou an, pou nou ka pran l kòm byen pa nou+, 19 e pou nou ka chase tout ènmi nou yo devan nou, jan Jewova te pwomèt nou sa a+.

20 “Pi devan, lè pitit nou yo va mande nou: ‘Poukisa Jewova, Bondye nou an, ban nou rapèl, kòmandman ak lwa sa yo?’, 21 lè sa a, n a di yo: ‘Nou te esklav Farawon nan peyi Ejip, men Jewova te fè nou soti kite peyi Ejip ak fòs ponyèt li. 22 Jewova te fè yon seri gwo mirak devan je nou, yon seri mirak ki te fè anpil dega nan peyi Ejip+, kote li te frape Farawon ak moun lakay li yo+. 23 Li te fè nou soti kite peyi sa a pou l te ka mennen nou isit la e pou l ban nou peyi li te pwomèt zansèt nou yo l ap ban nou an+. 24 Apre sa, Jewova te mande pou nou obeyi tout kòmandman sa yo e pou nou gen lakrentif pou Jewova, Bondye nou an, pou tout bagay ka toujou ale byen+ pou nou yon fason pou nou ka rete an vi+ jan nou ye jodi a. 25 Si nou obeyi Jewova, Bondye nou an, e si nou byen suiv tout kòmandman li te ban nou pou n obeyi yo, jan li mande nou sa a, l ap konsidere nou kòm moun ki jis+.’

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje