BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 38
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Atak Gòg pral fè kont Izrayèl la (1-16)

      • Jewova fache kont Gòg (17-23)

        • ‘Nasyon yo ap konnen mwen se Jewova’ (23)

Ezekyèl 38:2

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “prens an chèf”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 38:15
  • +Eza 66:19; Eze 27:13; 32:26
  • +Eze 39:1

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    5/2020, p. 14-15

    Toudegad etid,

    9/2019, p. 11

    Vrè adorasyon an, p. 182-183, 240

Ezekyèl 38:3

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “prens an chèf”.

Ezekyèl 38:4

Nòt anba paj

  • *

    Jeneralman, se moun k ap tire flèch yo ki te konn pote yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 19:20, 28; Eze 29:3, 4; 39:2
  • +Eze 38:15

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 187, 195-198

Ezekyèl 38:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 1:8

Ezekyèl 38:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 10:2, 3; Eze 27:14
  • +Eze 39:2

Ezekyèl 38:7

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “gad”.

Ezekyèl 38:8

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “M ap voye chèche w”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 23:5, 6; Eze 28:25, 26; 34:25

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 183-186

Ezekyèl 38:10

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 186-188

Ezekyèl 38:11

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ki gen bann zòn andeyò”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 15:9

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 187-188, 240

    Toudegad,

    15/5/2015, p. 29-30

    Wayòm Bondye a ap dirije!, p. 227

Ezekyèl 38:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 33:12
  • +Za 10:8
  • +Eza 60:5; 61:6

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 187-188

Ezekyèl 38:13

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ak tout jenn lyon ki gen krinyè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 27:22
  • +Eze 27:15
  • +Eze 27:25

Ezekyèl 38:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 38:8

Ezekyèl 38:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 39:2
  • +Sf 3:8

Ezekyèl 38:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jl 3:2
  • +Eg 14:4; 2Wa 19:17-19; Sm 83:17, 18; Eze 39:21

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/7/2015, p. 19

    15/9/2012, p. 5-6

    15/3/2009, p. 18-19

Ezekyèl 38:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jl 3:16; Na 1:2; Za 2:8

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 189-193, 194-199

    Wayòm Bondye a ap dirije!, p. 227

Ezekyèl 38:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Na 1:5

Ezekyèl 38:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 20:23; Aj 2:22; Za 14:13

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 198

    Wayòm Bondye a ap dirije!, p. 227

Ezekyèl 38:22

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “M ap jije avè l”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Za 14:12
  • +Eg 9:22; Joz 10:11
  • +Eza 30:30
  • +Jen 19:24
  • +Jr 25:31

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 38:2Eze 38:15
Eze. 38:2Eza 66:19; Eze 27:13; 32:26
Eze. 38:2Eze 39:1
Eze. 38:42Wa 19:20, 28; Eze 29:3, 4; 39:2
Eze. 38:4Eze 38:15
Eze. 38:51Kw 1:8
Eze. 38:6Jen 10:2, 3; Eze 27:14
Eze. 38:6Eze 39:2
Eze. 38:8Jr 23:5, 6; Eze 28:25, 26; 34:25
Eze. 38:11Eg 15:9
Eze. 38:12Jr 33:12
Eze. 38:12Za 10:8
Eze. 38:12Eza 60:5; 61:6
Eze. 38:13Eze 27:22
Eze. 38:13Eze 27:15
Eze. 38:13Eze 27:25
Eze. 38:14Eze 38:8
Eze. 38:15Eze 39:2
Eze. 38:15Sf 3:8
Eze. 38:16Jl 3:2
Eze. 38:16Eg 14:4; 2Wa 19:17-19; Sm 83:17, 18; Eze 39:21
Eze. 38:18Jl 3:16; Na 1:2; Za 2:8
Eze. 38:20Na 1:5
Eze. 38:212Kw 20:23; Aj 2:22; Za 14:13
Eze. 38:22Za 14:12
Eze. 38:22Eg 9:22; Joz 10:11
Eze. 38:22Eza 30:30
Eze. 38:22Jen 19:24
Eze. 38:22Jr 25:31
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 38:1-23

Ezekyèl

38 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 2 “Pitit lòm, vire figi w nan direksyon Gòg, ki soti nan peyi Magòg+, chèf* Mechèk ak Toubal+ epi pwofetize kont li+. 3 Se pou w di: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “O Gòg, mwen kont ou, ou menm ki chèf* Mechèk ak Toubal. 4 M ap fè w pran yon lòt direksyon, m ap mete yon kwòk nan machwè w+, m ap fè w soti ak tout lame w la+ ansanm ak cheval yo ak kavalye yo. Yo tout ap byen abiye, yon pakèt sòlda ki gen gwo boukliye ak ti boukliye* e ki gen epe nan men yo. 5 Moun peyi Pès yo, moun Etyopi yo ak desandan Pout yo+ ap ansanm avèk yo. Yo tout gen boukliye nan men yo ak kas sou tèt yo. 6 Gomè ak gwoup sòlda l yo, desandan Togama yo+ ki soti nan zòn ki pi lwen nan nò yo ansanm ak tout gwoup sòlda yo genyen yo ap avè w tou. Wi, w ap gen anpil moun avè w+.

7 “‘“Se pou nou pare. Ou menm ak tout lame ki ansanm avèk ou yo, prepare nou. E se ou menm k ap kòmandan* yo.

8 “‘“M ap konsantre atansyon m sou ou* apre anpil jou fin pase. Finalman, apre anpil ane, w ap anvayi peyi a, yon peyi moun li yo te chape anba epe e yo soti nan mitan anpil pèp pou yo vin rasanble sou mòn Izrayèl yo ki te gen anpil tan depi yo te devaste yo. Moun ki abite nan peyi sa a te soti nan mitan pèp yo e yo tout ap viv an sekirite+. 9 Ou menm ansanm ak gwoup sòlda w yo ak tout lòt nasyon ki avè w yo ap tankou yon tanpèt lè nou vin atake yo a. N ap kouvri peyi a tankou nyaj.”’

10 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Jou sa a, gen yon lide k ap monte nan tèt ou, e w ap gen pou w planifye yon move kou. 11 W ap di: “M pral anvayi peyi ki gen bann ti bouk* ki pa pwoteje yo+. M pral atake moun k ap viv an sekirite yo, moun k ap viv ak kè poze yo, wi, tout moun k ap viv nan ti bouk ki pa gen ni miray, ni pòtay, ni travès pou pwoteje yo.” 12 W ap fè sa pou w ka piye yo, pou w pran anpil bagay, pou w atake kote ki te vid+ yon lè men ki gen moun ki abite ladan yo kounye a, e pou w atake yon pèp yo rasanble ki te soti nan divès nasyon+, yon pèp k ap anpile richès+ ak byen e k ap viv nan mitan tè a.

13 “‘Moun Cheba yo+, moun Dedan yo+ ak komèsan Tasis yo+ ansanm ak tout sòlda* yo ap di w: “Èske se pou w ka piye peyi a e pou w ka pran anpil bagay ki fè w ap anvayi l? Èske se pou w ka bwote ajan, lò, richès, byen ak anpil lòt bagay ki fè w rasanble lame w yo?”’

14 “Kidonk, pitit lòm, se pou w pale, se pou w di Gòg: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Jou pèp mwen an, pèp Izrayèl la, ap viv an sekirite a, èske w pap konn sa+? 15 Lè sa a, w ap kite kote w ye a, w ap kite zòn ki pi lwen nan nò yo+, ou menm ansanm ak yon pakèt moun. Yo tout ap sou cheval. Se ap yon gwo foul moun, yon gwo lame+. 16 Menm jan ak nyaj ki kouvri yon peyi, se konsa w ap vin atake pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Nan dènye jou yo, m ap fè w atake peyi m+ nan yon fason pou nasyon yo ka konnen m lè m fè yo wè mwen se yon Dye ki sen nan fason m aji avèk ou, o Gòg+.”’

17 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Èske se pa de ou mwen t ap pale nan tan lontan pa mwayen pwofèt Izrayèl yo, sèvitè m yo, ki te fè konnen pandan plizyè ane ou t ap gen pou w vin atake yo?’

18 “‘Jou sa a, jou Gòg ap vin anvayi peyi Izrayèl la,’ se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di, ‘m ap vin an kòlè anpil+. 19 Pandan m fache anpil la, pandan m an kòlè a, m ap gen pou m pale. Jou sa a, ap gen yon gwo tranblemanntè nan peyi Izrayèl. 20 M ap fè pwason nan lanmè a, zwazo nan syèl la, bèt nan bwa yo, tout bèt ki rale sou vant yo ak tout moun ki sou tè a tranble. Mòn yo ap tonbe plat atè+, falèz yo ap vide desann e tout miray ap tonbe.’

21 “‘Pandan Gòg sou mòn mwen yo, m ap atake l ak epe.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. ‘Sòlda yo ap rale epe yo e y ap goumen youn ak lòt+. 22 M ap pini l*, m ap voye maladi+ sou li, anpil san ap koule. M ap fè yon gwo lapli tonbe sou li, sou sòlda l yo e sou tout moun k ap avè l yo. M ap lage lagrèl+, dife+ ak souf+ sou yo tout+. 23 Se sèten m ap bay tèt mwen glwa, m ap fè yo wè mwen se yon Dye ki sen e m ap fè nasyon yo konnen m. Wi, y ap konnen mwen se Jewova.’

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje