BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Levitik 16
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Levitik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Jou Pirifikasyon an (1-34)

Levitik 16:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 10:1, 2

Levitik 16:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 23:27
  • +Eg 40:21; Eb 6:19; 9:3, 7
  • +Nb 4:19, 20
  • +Eg 40:34
  • +Eg 25:22

Levitik 16:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 4:3
  • +Le 1:3

Levitik 16:4

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “kouvri chè l ki parèt”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 28:39
  • +Eg 28:42
  • +Eg 39:27, 29
  • +Eg 28:4
  • +Eg 28:2
  • +Eg 30:20; Eb 10:22

Levitik 16:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eb 7:27

Levitik 16:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eb 5:1-3

Levitik 16:8

Nòt anba paj

  • *

    Petèt, sa vle di: “Kabrit ki disparèt la”.

Levitik 16:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 16:33

Levitik 16:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 14:7, 53; 16:21, 22; Eza 53:4; Wm 15:3

Levitik 16:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 16:6

Levitik 16:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eb 9:4
  • +Eg 40:29; Le 6:13; Nb 16:46
  • +Eg 30:34-36; Re 5:8; 8:3-5
  • +Le 16:2; Eb 6:19; 10:19, 20

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    11/2019, p. 20-22

Levitik 16:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 25:22; 2Wa 19:15
  • +Eg 25:18, 21; 1Kw 28:11

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    11/2019, p. 20-22

Levitik 16:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eb 9:22
  • +Wm 3:25; Eb 9:12, 24, 25; 10:4, 12

Levitik 16:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 16:5; Eb 2:17; 5:1-3; 9:26; 1J 2:1, 2
  • +Eb 6:19; 9:3, 7; 10:19, 20
  • +Le 17:11

Levitik 16:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ekl 7:20

Levitik 16:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 16:6
  • +Mk 10:45; Eb 2:9; 7:27; 9:7, 12; Re 1:5

Levitik 16:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 38:1

Levitik 16:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eb 9:23
  • +Le 16:16
  • +Le 16:8, 10

Levitik 16:21

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “moun ki te pare ap tann nan”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 53:5, 6; 2Ko 5:21

Levitik 16:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 16:10
  • +Eza 53:12; Efe 1:7; Eb 9:28; 1P 2:24; 1J 3:5
  • +Sm 103:12; Eb 13:12

Levitik 16:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 30:20
  • +Eg 28:4; Le 8:7
  • +Le 16:3
  • +Le 16:5
  • +Efe 1:7

Levitik 16:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 16:8, 21

Levitik 16:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 4:11, 12; Eb 13:11, 12

Levitik 16:29

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm nou”.

  • *

    An jeneral, moun yo te “montre yo nan lapenn poutèt peche yo”, sa vle di yo te sispann fè kèk bagay pou yo montre yo nye tèt yo. Pa egzanp, yo te konn rete san manje.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 23:27, 28; Nb 29:7

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/6/2004, p. 32

Levitik 16:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jan 3:16; Wm 8:32; Tt 2:13, 14; 1J 1:7; 3:16
  • +Jr 33:8; Eb 9:13, 14; 10:2

Levitik 16:31

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm nou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 23:32

Levitik 16:32

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “e yo plen men l”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 29:4, 7; Le 8:12
  • +Le 8:33
  • +Nb 20:26
  • +Eg 28:39; 39:27, 28
  • +Eg 28:2; 29:29; Le 16:4

Levitik 16:33

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 16:16
  • +Le 16:20
  • +Le 16:18
  • +Le 16:24; 1J 2:1, 2

Levitik 16:34

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 23:31; Nb 29:7
  • +Eg 30:10; Eb 9:7

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Lev. 16:1Le 10:1, 2
Lev. 16:2Le 23:27
Lev. 16:2Eg 40:21; Eb 6:19; 9:3, 7
Lev. 16:2Nb 4:19, 20
Lev. 16:2Eg 40:34
Lev. 16:2Eg 25:22
Lev. 16:3Le 4:3
Lev. 16:3Le 1:3
Lev. 16:4Eg 28:39
Lev. 16:4Eg 28:42
Lev. 16:4Eg 39:27, 29
Lev. 16:4Eg 28:4
Lev. 16:4Eg 28:2
Lev. 16:4Eg 30:20; Eb 10:22
Lev. 16:5Eb 7:27
Lev. 16:6Eb 5:1-3
Lev. 16:9Pw 16:33
Lev. 16:10Le 14:7, 53; 16:21, 22; Eza 53:4; Wm 15:3
Lev. 16:11Le 16:6
Lev. 16:12Eb 9:4
Lev. 16:12Eg 40:29; Le 6:13; Nb 16:46
Lev. 16:12Eg 30:34-36; Re 5:8; 8:3-5
Lev. 16:12Le 16:2; Eb 6:19; 10:19, 20
Lev. 16:13Eg 25:22; 2Wa 19:15
Lev. 16:13Eg 25:18, 21; 1Kw 28:11
Lev. 16:14Eb 9:22
Lev. 16:14Wm 3:25; Eb 9:12, 24, 25; 10:4, 12
Lev. 16:15Le 16:5; Eb 2:17; 5:1-3; 9:26; 1J 2:1, 2
Lev. 16:15Eb 6:19; 9:3, 7; 10:19, 20
Lev. 16:15Le 17:11
Lev. 16:16Ekl 7:20
Lev. 16:17Le 16:6
Lev. 16:17Mk 10:45; Eb 2:9; 7:27; 9:7, 12; Re 1:5
Lev. 16:18Eg 38:1
Lev. 16:20Eb 9:23
Lev. 16:20Le 16:16
Lev. 16:20Le 16:8, 10
Lev. 16:21Eza 53:5, 6; 2Ko 5:21
Lev. 16:22Le 16:10
Lev. 16:22Eza 53:12; Efe 1:7; Eb 9:28; 1P 2:24; 1J 3:5
Lev. 16:22Sm 103:12; Eb 13:12
Lev. 16:24Eg 30:20
Lev. 16:24Eg 28:4; Le 8:7
Lev. 16:24Le 16:3
Lev. 16:24Le 16:5
Lev. 16:24Efe 1:7
Lev. 16:26Le 16:8, 21
Lev. 16:27Le 4:11, 12; Eb 13:11, 12
Lev. 16:29Le 23:27, 28; Nb 29:7
Lev. 16:30Jan 3:16; Wm 8:32; Tt 2:13, 14; 1J 1:7; 3:16
Lev. 16:30Jr 33:8; Eb 9:13, 14; 10:2
Lev. 16:31Le 23:32
Lev. 16:32Eg 29:4, 7; Le 8:12
Lev. 16:32Le 8:33
Lev. 16:32Nb 20:26
Lev. 16:32Eg 28:39; 39:27, 28
Lev. 16:32Eg 28:2; 29:29; Le 16:4
Lev. 16:33Le 16:16
Lev. 16:33Le 16:20
Lev. 16:33Le 16:18
Lev. 16:33Le 16:24; 1J 2:1, 2
Lev. 16:34Le 23:31; Nb 29:7
Lev. 16:34Eg 30:10; Eb 9:7
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
  • 34
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Levitik 16:1-34

Levitik

16 Jewova pale ak Moyiz apre lanmò de pitit gason Arawon yo, ki te mouri paske yo te pwoche bò kot Jewova yon fason ki pa t kòrèk+. 2 Jewova di Moyiz: “Di Arawon, frè w la, li pa dwe antre nenpòt lè nan Kote ki pi sen an+, dèyè rido a+, devan kouvèti ki sou Lach la, pou l pa mouri+, paske m ap parèt nan yon nyaj+ sou kouvèti a+.

3 “Lè Arawon pral antre nan Kote ki pi sen an, li dwe ofri yon jenn towo bèf kòm sakrifis pou peche+ ak yon mal mouton kòm sakrifis l ap boule nèt+. 4 Li dwe met wòb sakre ki fèt an len an+ sou li, li dwe met kalson len an+ sou li pou kouvri kò l*, li dwe mare senti ki fèt an len an+ nan ren l e li dwe mare mouchwa espesyal ki fèt an len an+ nan tèt li. Bagay sa yo sakre+. L ap benyen+ epi l ap mete yo sou li.

5 “Li dwe pran de jenn bouk kabrit nan men Izrayelit yo+ pou l ofri kòm sakrifis pou peche e li dwe pran yon mal mouton nan men yo pou l ofri kòm sakrifis l ap boule nèt.

6 “Apre sa, Arawon ap prezante towo bèf l ap ofri pou tèt li kòm sakrifis pou peche a pou l ka jwenn padon pou tèt li+ e pou moun lakay li.

7 “Apre sa, l ap pran de kabrit yo, l ap mennen yo devan Jewova, devan antre tant reyinyon an. 8 Arawon ap fè tiraj osò sou de kabrit yo pou l ka konnen kiyès nan yo de a k ap pou Jewova e kiyès k ap pou Azazèl*. 9 Arawon ap prezante kabrit ki pou Jewova selon tiraj osò a+ e l ap fè yon sakrifis pou peche avèk li. 10 Men, li dwe mennen kabrit ki pou Azazèl la vivan devan Jewova pou l chèche jwenn padon pou peche yo. Apre sa, yo dwe voye l ale nan dezè a pou Azazèl+.

11 “Arawon ap prezante towo bèf l ap ofri pou tèt li kòm sakrifis pou peche a pou l ka jwenn padon pou tèt li e pou moun lakay li. Apre sa, l ap touye towo bèf l ap ofri pou tèt li kòm sakrifis pou peche a+.

12 “Apre sa, l ap pran veso ki plen ak chabon dife+ li pran sou lotèl+ ki devan Jewova a, l ap pran de ponyen lansan santi bon+ e l ap antre nan Kote ki pi sen an avèk yo, dèyè rido a+. 13 Mete sou sa, l ap met lansan an sou dife a devan Jewova+ e lafimen lansan an ap gaye sou kouvèti Lach la+. Konsa, li pap mouri.

14 “L ap pran enpe nan san+ towo bèf la, l ap voye l avèk dwèt li devan kouvèti a, sou bò lès. L ap voye enpe nan san an sèt fwa ak dwèt li devan kouvèti a+.

15 “Apre sa, l ap touye kabrit ki pou sakrifis pou peche pèp la+, l ap pote san an nan Kote ki pi sen an, dèyè rido a+, e menm sa l te fè ak san+ towo bèf la se sa l ap fè ak san kabrit la. L ap voye l devan kouvèti a, nan direksyon kouvèti a.

16 “Li dwe pirifye Kote ki pi sen an poutèt aksyon ki pa pwòp Izrayelit yo te fè yo, poutèt peche ak erè yo te fè yo+, li dwe fè sa tou pou tant reyinyon an ki nan mitan yo menm k ap fè yon seri aksyon ki pa pwòp.

17 “Okenn lòt moun pa dwe nan tant reyinyon an depi lè prèt la ap antre pou l chèche jwenn padon pou peche yo nan Kote ki pi sen an pou jis li soti. L ap chèche jwenn padon pou li, pou moun lakay li+ e pou tout pèp Izrayèl la+.

18 “Apre sa, l ap soti, li pral bò kot lotèl la+, ki devan Jewova, l ap pirifye l, l ap pran enpe nan san towo bèf la ak enpe nan san kabrit la e l ap mete l sou chak kòn lotèl la. 19 Epitou, l ap voye enpe nan san an ak dwèt li sèt fwa sou lotèl la, l ap pirifye l e l ap mete l apa poutèt aksyon ki pa pwòp Izrayelit yo fè yo.

20 “Lè l fin pirifye+ Kote ki pi sen an, tant reyinyon an ak lotèl la+, l ap vini ak kabrit ki vivan an+. 21 Arawon ap mete toule de men l sou tèt kabrit ki vivan an, epi l ap konfese tout erè Izrayelit yo fè yo sou tèt kabrit la ansanm ak tout fot ak tout peche yo fè yo. L ap mete yo sou tèt kabrit la+, epi l ap fè yo mennen kabrit la ale nan dezè a. Se moun yo te chwazi pou mennen kabrit la ale a* k ap fè sa. 22 Li dwe voye kabrit la ale nan dezè a+, e kabrit la ap pote tout fot pèp la+ te fè yo nan dezè a+.

23 “Apre sa, Arawon ap antre nan tant reyinyon an, l ap retire rad len yo sou li, rad li te mete pou l antre nan Kote ki pi sen an, e l ap kite yo la. 24 L ap benyen+ nan yon kote ki sakre epi l ap met rad sou li+. Apre sa, l ap pwoche bò lotèl la pou l ofri sakrifis l ap boule nèt+ ki pou li a ak sakrifis l ap boule nèt+ ki pou pèp la pou l ka jwenn padon pou li ak pèp la+. 25 L ap boule grès bèt li te ofri kòm sakrifis pou peche a sou lotèl la pou yo ka bay lafimen.

26 “Moun ki te voye kabrit la ale pou Azazèl la+ dwe lave rad li e li dwe benyen. Se apre l fin fè sa l ap ka antre nan kan an.

27 “Apre sa, y ap soti pa deyò kan an ak towo bèf yo te touye kòm sakrifis pou peche a ansanm ak kabrit yo te touye kòm sakrifis pou peche a e y ap boule ni vyann yo, ni po yo, ni poupou yo nan dife. Se san bèt sa yo prèt la te pote nan Kote ki pi sen an pou l jwenn padon pou peche yo+. 28 Moun ki boule yo a dwe lave rad li e li dwe benyen. Se apre l fin fè sa l ap ka antre nan kan an.

29 “Nou dwe obeyi kòmandman sa a pandan lontan: Nan setyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, nou dwe montre nou* nan lapenn poutèt peche nou yo*, e nou pa dwe fè okenn travay+, ni nou menm, Izrayelit yo, ni etranje k ap viv nan mitan nou yo. 30 Paske, nan jou sa a, y ap fè nou jwenn padon pou peche nou+ pou yo ka fè konnen nou pwòp. N ap vin pwòp devan Jewova parapò ak tout peche nou yo+. 31 Se yon jou saba pou nou repoze nou nèt e nou dwe montre nou* nan lapenn poutèt peche nou yo+. Se yon kòmandman k ap la pandan lontan.

32 “Se prèt yo vide luil sou li e yo mete l nan fonksyon l*+ pou l sèvi antanke prèt+ nan plas papa l la+ k ap ofri sakrifis pou l jwenn padon pou peche yo e k ap mete rad len yo sou li+, rad sakre yo+. 33 L ap ofri sakrifis sa yo pou l pirifye Kote ki pi sen an+, tant reyinyon an+ ak lotèl la+, pou l jwenn padon pou prèt yo e pou tout moun nan pèp Izrayèl la+. 34 Se yon kòmandman nou dwe obeyi pandan lontan+ pou Izrayelit yo ka jwenn padon pou tout peche yo yon fwa chak ane+.”

Vrèmanvre, Arawon te fè egzakteman jan Jewova te bay Moyiz lòd pou l fè a.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje