BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 21
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • David manje pen yo prezante devan Bondye a nan Nòb (1-9)

      • David pran pòz moun fou l nan vil Gat (10-15)

1 Samyèl 21:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 22:9, 19
  • +1Sa 18:13

1 Samyèl 21:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 25:30; Le 24:5, 9; Mt 12:3, 4
  • +Eg 19:15; Le 15:16; 2Sa 11:11

1 Samyèl 21:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 15:18

1 Samyèl 21:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 24:7-9; Mk 2:25, 26; Lk 6:3, 4

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Jezi se chemen an, p. 76

    Toudegad,

    1/9/2002, p. 24

1 Samyèl 21:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 22:9; Sm 52:pawòl ki anlè tèt
  • +Jen 36:1

1 Samyèl 21:9

Nòt anba paj

  • *

    Sanble se yon rad ki te tankou yon tabliye e ki te gen yon pati ki bay sou devan ak yon pati ki bay pa dèyè.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 17:51, 54
  • +1Sa 17:2, 50
  • +Eg 28:6

1 Samyèl 21:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 27:1
  • +Joz 11:22; 1Sa 5:8; 17:4; 27:2; Sm 56:pawòl ki anlè tèt

1 Samyèl 21:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 18:6-8; 29:4, 5

1 Samyèl 21:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 56:3, 6

1 Samyèl 21:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 34:pawòl ki anlè tèt

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/4/2005, p. 31

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 21:11Sa 22:9, 19
1 Sam. 21:11Sa 18:13
1 Sam. 21:4Eg 25:30; Le 24:5, 9; Mt 12:3, 4
1 Sam. 21:4Eg 19:15; Le 15:16; 2Sa 11:11
1 Sam. 21:5Le 15:18
1 Sam. 21:6Le 24:7-9; Mk 2:25, 26; Lk 6:3, 4
1 Sam. 21:71Sa 22:9; Sm 52:pawòl ki anlè tèt
1 Sam. 21:7Jen 36:1
1 Sam. 21:91Sa 17:51, 54
1 Sam. 21:91Sa 17:2, 50
1 Sam. 21:9Eg 28:6
1 Sam. 21:101Sa 27:1
1 Sam. 21:10Joz 11:22; 1Sa 5:8; 17:4; 27:2; Sm 56:pawòl ki anlè tèt
1 Sam. 21:111Sa 18:6-8; 29:4, 5
1 Sam. 21:12Sm 56:3, 6
1 Sam. 21:13Sm 34:pawòl ki anlè tèt
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 21:1-15

1 Samyèl

21 Annapre, David rive Nòb+, lakay Ayimelèk, prèt la. Ayimelèk te kòmanse tranble lè l rankontre David, epi li di l: “Poukisa w poukont ou, san pèsonn avè w+?” 2 David reponn Ayimelèk, prèt la, li di l: “Wa a ban m lòd pou m al fè yon bagay, men li di m: ‘Pa kite pèsonn konnen ki sa m voye w fè e ki lòd mwen ba ou.’ Kounye a, mwen gen randevou ak jèn mesye m yo pou m rankontre avèk yo yon kote. 3 Si w gen senk pen, oswa nenpòt lòt bagay, ou mèt ban mwen yo.” 4 Men, prèt la reponn David: “Mwen pa gen pen ki pa sakre la a, se pen sakre sèlman ki genyen+. Depi jèn mesye yo pa t al nan fi, m ap ba ou yo+.” 5 David reponn prèt la: “Se sèten, nou pa t al nan fi, e se konsa nou te toujou fè lè nou pral nan lagè+. Si kò jèn mesye yo konn sen lè yo pral nan yon misyon ki òdinè, ou pa bezwen mande si kò yo sen jodi a!” 6 Konsa, prèt la te ba l pen sakre yo+, paske pa t gen lòt pen, sof pen yo te prezante devan Jewova a e yo te ranplase ak pen fre jou yo te retire l la.

7 Gen youn nan sèvitè Sayil yo ki te la jou sa a, paske yo te fè l rete la devan Jewova. Li te rele Dowèg+, li se moun Edòm+. Se li ki te chèf gadò mouton Sayil yo.

8 Apre sa, David di Ayimelèk: “Èske w gen yon lans oswa yon epe la a? Mwen pa t gentan pran epe m ak zam mwen, paske m te vle fè misyon wa a san pèdi tan.” 9 Lè sa a, prèt la di l: “Men epe Golyat la+, moun Filisti ou te touye nan Vale Ela a+, ki byen vlope nan yon twal dèyè efòd* la+. Si w vle pran l, ou mèt pran l. Paske se li sèl ki la a.” David di: “Pa gen tankou l. Ban mwen l.”

10 Menm jou a, David leve l ale, li kontinye wout li+ pou Sayil pa jwenn li. Finalman, li rive kot Akich, wa Gat la+. 11 Sèvitè Akich yo di Akich: “Se pa David, wa peyi Izrayèl la? Èske se pa pou li menm yo t ap chante lè yo t ap danse e yo t ap di:

‘Sayil touye plizyè milye ènmi,

Men, David touye plizyè dizèn milye ènmi+’?”

12 Pawòl sa yo te fè David reflechi e li te vin pè Akich, wa Gat la, anpil+. 13 Se sa k fè li te pran pòz moun fou l+ devan yo e li t ap aji tankou yon moun ki pèdi tèt li pandan l te nan men yo. Li t ap fè yon seri mak sou pòt ki nan antre vil la e li te kite bave koule sou bab li. 14 Alafen, Akich di sèvitè l yo: “Nou pa wè nonm sa a fou? Poukisa nou mennen l ban mwen? 15 Èske se paske mwen pa gen ase moun fou ki fè nou mennen nonm sa a vin fè simagri devan m nan? Kounye a, nou panse m pral kite yon nonm konsa antre lakay mwen?”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje