BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 36
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Pwofesi konsènan mòn Izrayèl yo (1-15)

      • Moun Izrayèl yo ap retounen nan peyi yo (16-38)

        • ‘M ap fè yo rekonèt non estrawòdinè mwen genyen an se yon non ki sen’ (23)

        • “Tankou jaden Edenn” (35)

Ezekyèl 36:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 49:1; Eze 35:10

Ezekyèl 36:3

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “ki rete yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 28:37; 1Wa 9:7; Lm 2:15; Dn 9:16

Ezekyèl 36:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 25:9
  • +Sm 79:4; Eze 34:28

Ezekyèl 36:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sf 3:8
  • +Ob 12
  • +Eze 25:12, 13; 35:10, 11; Am 1:11

Ezekyèl 36:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 74:10; 123:4

Ezekyèl 36:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 25:9; 49:17

Ezekyèl 36:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 44:23; 51:3; Eze 36:30

Ezekyèl 36:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Za 8:4
  • +Eza 51:3; Jr 30:18, 19; Am 9:14

Ezekyèl 36:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 31:27
  • +Eza 54:7; Jr 30:18
  • +Aj 2:9
  • +Oz 2:20; Jl 3:17

Ezekyèl 36:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 32:44; Ob 17
  • +Eza 65:23

Ezekyèl 36:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 54:4; 60:14; Mi 7:8; Sf 2:8; 3:19

Ezekyèl 36:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 106:38; Eza 24:5; Jr 2:7; 16:18
  • +Le 12:2; Eza 64:6

Ezekyèl 36:18

Nòt anba paj

  • *

    Mo ebre yo itilize la a gen rapò petèt ak “poupou”, e yo itilize l pou bagay yo meprize.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 42:24, 25
  • +Eze 23:37

Ezekyèl 36:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:38; Eze 22:15

Ezekyèl 36:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 52:5; Wm 2:24

Ezekyèl 36:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 74:18; Eza 48:9; Eze 20:9

Ezekyèl 36:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 106:7, 8

Ezekyèl 36:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 5:16; Eze 20:41
  • +Sm 102:13-15

Ezekyèl 36:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 30:3; Eza 43:5; Jr 23:3; Eze 34:13; Oz 1:11

Ezekyèl 36:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 19:13; Sm 51:7
  • +Eza 4:4; Jr 33:8
  • +Eze 6:4

Ezekyèl 36:26

Nòt anba paj

  • *

    Sa vle di yon kè ki dispoze fè sa Bondye di.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 32:39
  • +Sm 51:10; Eze 11:19, 20
  • +Za 7:12

Ezekyèl 36:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 31:33

Ezekyèl 36:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 30:22; Eze 37:25, 27

Ezekyèl 36:29

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 34:29

Ezekyèl 36:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 34:27

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 101

Ezekyèl 36:31

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Esd 9:6; Ne 9:26; Jr 31:18; Eze 6:9

Ezekyèl 36:32

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 9:5; Dn 9:19

Ezekyèl 36:33

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Za 8:8
  • +Eza 58:12; Jr 33:10, 11; Am 9:14

Ezekyèl 36:35

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 2:8
  • +Eza 51:3

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 109

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    8/2017, p. 3

Ezekyèl 36:36

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 28:26; 37:14

Ezekyèl 36:38

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “menm jan ak twoupo mouton pou yo sakrifye ki Jerizalèm”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:17
  • +Jr 30:18, 19

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 36:2Jr 49:1; Eze 35:10
Eze. 36:3Dt 28:37; 1Wa 9:7; Lm 2:15; Dn 9:16
Eze. 36:4Jr 25:9
Eze. 36:4Sm 79:4; Eze 34:28
Eze. 36:5Sf 3:8
Eze. 36:5Ob 12
Eze. 36:5Eze 25:12, 13; 35:10, 11; Am 1:11
Eze. 36:6Sm 74:10; 123:4
Eze. 36:7Jr 25:9; 49:17
Eze. 36:8Eza 44:23; 51:3; Eze 36:30
Eze. 36:10Za 8:4
Eze. 36:10Eza 51:3; Jr 30:18, 19; Am 9:14
Eze. 36:11Jr 31:27
Eze. 36:11Eza 54:7; Jr 30:18
Eze. 36:11Aj 2:9
Eze. 36:11Oz 2:20; Jl 3:17
Eze. 36:12Jr 32:44; Ob 17
Eze. 36:12Eza 65:23
Eze. 36:15Eza 54:4; 60:14; Mi 7:8; Sf 2:8; 3:19
Eze. 36:17Sm 106:38; Eza 24:5; Jr 2:7; 16:18
Eze. 36:17Le 12:2; Eza 64:6
Eze. 36:18Eza 42:24, 25
Eze. 36:18Eze 23:37
Eze. 36:19Le 26:38; Eze 22:15
Eze. 36:20Eza 52:5; Wm 2:24
Eze. 36:21Sm 74:18; Eza 48:9; Eze 20:9
Eze. 36:22Sm 106:7, 8
Eze. 36:23Eza 5:16; Eze 20:41
Eze. 36:23Sm 102:13-15
Eze. 36:24Dt 30:3; Eza 43:5; Jr 23:3; Eze 34:13; Oz 1:11
Eze. 36:25Nb 19:13; Sm 51:7
Eze. 36:25Eza 4:4; Jr 33:8
Eze. 36:25Eze 6:4
Eze. 36:26Jr 32:39
Eze. 36:26Sm 51:10; Eze 11:19, 20
Eze. 36:26Za 7:12
Eze. 36:27Jr 31:33
Eze. 36:28Jr 30:22; Eze 37:25, 27
Eze. 36:29Eze 34:29
Eze. 36:30Eze 34:27
Eze. 36:31Esd 9:6; Ne 9:26; Jr 31:18; Eze 6:9
Eze. 36:32Dt 9:5; Dn 9:19
Eze. 36:33Za 8:8
Eze. 36:33Eza 58:12; Jr 33:10, 11; Am 9:14
Eze. 36:35Jen 2:8
Eze. 36:35Eza 51:3
Eze. 36:36Eze 28:26; 37:14
Eze. 36:38Eg 23:17
Eze. 36:38Jr 30:18, 19
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
  • 34
  • 35
  • 36
  • 37
  • 38
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 36:1-38

Ezekyèl

36 “Kanta pou ou, pitit lòm, se pou w pwofetize konsènan mòn Izrayèl yo, se pou w di: ‘O nou menm mòn Izrayèl yo, tande sa Jewova di. 2 Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Ènmi an ap pale sou nou, li di: ‘Aa, menm mòn li genyen ki la lontan yo vin byen pa nou+!’”’

3 “Kidonk, se pou w pwofetize, se pou w di: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Kòm ènmi yo fè nou vin tankou yon dezè e yo te sot nan tout direksyon pou yo vin atake nou yon fason pou nou vin byen pa moun nan nasyon yo ki chape yo*, kòm moun yo kontinye ap pale sou nou, yo kontinye ap di move pawòl sou nou+, 4 enben, tande sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di, o nou menm mòn Izrayèl yo. Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di gwo mòn yo, ti mòn yo, kouran dlo yo ak vale yo, mazi ki vid yo+, vil ki abandone yo te piye yo, vil moun nan nasyon ki te chape yo t ap pase nan rizib yo, anpalan de nasyon ki ozalantou yo+. 5 Wi, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di yo: ‘Pandan m fache anpil la+, m ap pale kont moun nan nasyon yo ki chape yo e kont tout moun Edòm yo, moun ki te kontan anpil e ki te montre yo san respè+ lè yo t ap reklame peyi m nan kòm byen pa yo pou yo te ka pran patiraj li yo e pou yo te ka piye l yo+.’”’

6 “Kidonk, se pou w pwofetize konsènan peyi Izrayèl, e se pou w di gwo mòn yo ak ti mòn yo, kouran dlo yo ak vale yo: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Tande! M ap pale pandan m an kòlè paske nasyon yo imilye nou+.”’

7 “Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Mwen leve men m anlè pou m fè sèman: Lawont gen pou l tonbe sou nasyon ki ozalantou nou yo tou+. 8 Men, kanta pou nou menm mòn Izrayèl yo, n ap pouse branch e n ap pwodui fwi pou pèp mwen an, pèp Izrayèl la+, paske yo pa lwen retounen. 9 Paske, mwen avèk nou, m ap vire gade nou. Y ap fè jaden sou nou ankò e y ap simen semans sou nou ankò. 10 M ap fè moun nou yo vin anpil, wi, moun Izrayèl yo ap vin anpil+. Ap gen moun k ap abite nan vil yo e y ap rebati mazi yo+. 11 Wi, m ap fè ni moun nou yo ni bèt nou yo vin anpil+. Y ap vin anpil e y ap fè anpil pitit. M ap fè nou chaje moun ki abite nan nou, menm jan sa te ye anvan+. M ap fè tout bagay mache pi byen pou nou pase lontan+, lè sa a n ap konnen mwen se Jewova+. 12 M ap fè pèp mwen an, pèp Izrayèl la, mache sou nou, e y ap pran nou kòm byen pa yo+. N ap vin eritaj pa yo e nou pap janm fè yo pa gen pitit ankò+.’”

13 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Piske y ap di: “Ou se yon peyi k ap devore moun e ki fè moun ou yo pa gen pitit ankò”,’ 14 ‘enben, ou pap devore moun ankò ni ou pap fè moun ou yo pa gen pitit ankò.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. 15 ‘Mwen pap kite nasyon yo joure w ankò, mwen pap kite moun yo pase w nan rizib ankò+, mete sou sa, ou pap fè moun ou yo tonbe nan pwoblèm ankò.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.”

16 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 17 “Pitit lòm, lè moun Izrayèl yo t ap viv nan peyi pa yo a, yo te fè l vin pa pwòp akoz bagay yo t ap fè yo+. Fason yo t ap viv ak fason yo te aji te fè yo vin pa pwòp nan je m, tankou lè yon fi gen règ li+. 18 Mwen te vide kòlè m sou yo poutèt tout san yo te fè koule nan peyi a+ e poutèt yo te fè peyi a vin sal akoz zidòl ki bay degoutans* yo t ap sèvi yo+. 19 Vrèmanvre, mwen te gaye yo nan mitan nasyon yo, wi, mwen te gaye yo nan divès peyi+. Mwen te pini yo poutèt sa yo t ap fè yo. 20 Men, lè yo te rive nan nasyon sa yo, moun yo te montre yo pa gen respè pou non m ki sen+, paske, men sa yo t ap di sou yo: ‘Moun sa yo fè pati pèp Jewova a, men yo te oblije kite peyi l la.’ 21 Se sa k fè m ap gen sousi pou non m ki sen, yon non moun Izrayèl yo te fè moun nasyon kote yo ale yo pa gen respè pou li+.”

22 “Kidonk, se pou w di moun Izrayèl yo: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “O nou menm moun Izrayèl yo, se pa poutèt nou menm m ap aji konsa, men se poutèt non m ki sen. Paske, nou fè moun nasyon kote nou ale yo pa gen respè pou li+.”’ 23 ‘Se sèten m ap fè moun rekonèt non estrawòdinè mwen genyen an se yon non ki sen+ malgre nou fè nasyon yo pa gen respè pou li. Nasyon yo ap konnen mwen se Jewova+’, se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di, ‘lè m fè yo wè mwen se yon Bondye ki sen nan fason mwen boule ak nou. 24 M ap pran nou nan mitan nasyon yo, m ap pran nou nan mitan peyi yo e m ap rasanble nou lè m fè nou tounen nan peyi pa nou an+. 25 M ap wouze nou ak dlo pwòp e n ap vin pwòp+. M ap fè nou vin pwòp paske m ap fè nou sispann fè vye bagay sal nou t ap fè yo+ e m ap fè nou sispann adore zidòl ki bay degoutans nou t ap adore yo+. 26 M ap fè kè nou chanje+ e m ap fè nou panse yon lòt jan+. M ap retire kè nou gen anndan nou ki di kou wòch la+ e m ap ban nou yon kè ki sansib*. 27 M ap mete lespri m nan nou e m ap fè nou mache selon kòmandman m yo+. N ap obsève lwa m yo, n ap obeyi yo. 28 Lè sa a, n ap abite nan peyi mwen te bay zansèt nou yo, n ap vin pèp mwen e mwen menm m ap vin Bondye nou+.’

29 “‘M ap delivre nou anba tout sa ki fè nou sal yo, m ap bay manje angren yo lòd pou yo vin anpil e mwen pap frape nou ak grangou+. 30 M ap fè pyebwa yo donnen anpil e m ap fè jaden yo bay anpil manje yon fason pou grangou pa janm fè nou tonbe nan dezonè devan nasyon yo ankò+. 31 Lè sa a, n ap sonje move bagay nou te konn fè yo e n ap rayi tèt nou poutèt nou koupab e poutèt bagay ki bay degoutans nou t ap pratike yo+. 32 Men, se pou nou konn sa: Sa m ap fè a se pa poutèt nou menm m ap fè l+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. ‘O nou menm moun Izrayèl yo, se pou nou wont e se pou imilyasyon tonbe sou nou poutèt sa n ap fè yo.’

33 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Jou m ap fè nou pa santi nou koupab ankò a, m ap fè gen moun ki abite nan vil yo+ e m ap fè yo rebati mazi yo+. 34 Y ap fè jaden nan peyi ki te vin tankou yon dezè a, peyi tout moun te konn wè lè y ap pase a. 35 Moun yo gen pou yo di: “Peyi ki te vin tankou yon dezè a vin tankou jaden Edenn+. Vil ki te tounen mazi yo, ki te vin tankou dezè e ki te kraze yo, kounye a yo se vil ki byen pwoteje e gen moun ki rete ladan yo+.” 36 E rès nasyon ki toutotou w yo ap konnen mwen menm, Jewova, mwen te bati sa k te kraze a e mwen te fè jaden kote ki te tankou dezè a. Mwen menm, Jewova, mwen pale e m ap fè sa m di a kanmenm+.’

37 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Mete sou sa, m ap kite moun Izrayèl yo mande m pou m fè yon bagay pou yo: M ap fè pèp yo a vin anpil, y ap vin tankou yon twoupo. 38 Y ap vin menm jan avèk foul moun ki sen yo, menm jan ak foul moun ki Jerizalèm* nan epòk fèt yo+. Vil ki te tounen dekonm yo ap vin chaje ak moun+. Lè sa a, y ap konnen mwen se Jewova.’”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje