BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Kwonik 17
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Kwonik — Sa ki gen nan liv sa a

      • David pa gen dwa bati tanp lan (1-6)

      • Alyans ak David pou yon wayòm (7-15)

      • Priyè David fè pou l remèsye Bondye (16-27)

1 Kwonik 17:1

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “palè l la”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 1:8; 1Kw 29:29
  • +1Kw 14:1
  • +2Sa 7:1-3; 1Kw 15:1; 2Kw 1:4

1 Kwonik 17:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 7:4-7; 1Wa 8:17-19; 1Kw 22:7, 8

1 Kwonik 17:5

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 40:2; Nb 4:24, 25; 2Sa 6:17; Sm 78:60

1 Kwonik 17:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 16:11, 12; 17:15; 25:30; 2Sa 7:8-11; Sm 78:70, 71

1 Kwonik 17:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 18:14; 2Sa 8:6
  • +1Sa 25:29; 26:10; Sm 89:20, 22
  • +1Sa 18:30

1 Kwonik 17:9

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “fatige”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 2:23

1 Kwonik 17:10

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ap fè yon pakèt wa soti nan fanmi w”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jj 2:16
  • +Sm 18:40

1 Kwonik 17:11

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “semans ou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 8:20; Sm 132:11
  • +2Sa 7:12-17; 1Wa 9:5; 1Kw 28:5; Jr 23:5

1 Kwonik 17:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 5:5; 1Kw 22:10
  • +Sm 89:3, 4; Eza 9:7; Dn 2:44

1 Kwonik 17:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 7:14; Lk 9:35; Eb 1:5
  • +Eza 55:3
  • +1Sa 15:24, 28; 1Kw 10:13, 14

1 Kwonik 17:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:44; Jan 1:49; 2P 1:11
  • +Sm 89:36; Jr 33:20, 21; Lk 1:32, 33; Eb 1:8; Re 3:21

1 Kwonik 17:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 7:8, 18-20

1 Kwonik 17:17

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon moun ki nan gwo pozisyon”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Mt 22:42; Tr 13:34; Re 22:16

1 Kwonik 17:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 139:1

1 Kwonik 17:19

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “paske w vle”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 7:21-24

1 Kwonik 17:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 15:11
  • +Eza 43:10

1 Kwonik 17:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 4:7; Sm 147:20
  • +Eg 19:5; Sm 77:15
  • +Dt 4:34; Ne 9:10; Eza 63:12; Eze 20:9
  • +Dt 7:1; Joz 10:42; 21:44

1 Kwonik 17:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 12:22
  • +Jen 17:7; Dt 7:6, 9

1 Kwonik 17:23

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “ak kay li a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 7:25-29

1 Kwonik 17:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 6:33; Sm 72:19; Mt 6:9; Jan 12:28
  • +Sm 89:35, 36

1 Kwonik 17:25

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pou w fè wa soti nan fanmi l”.

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Kwo. 17:11Wa 1:8; 1Kw 29:29
1 Kwo. 17:11Kw 14:1
1 Kwo. 17:12Sa 7:1-3; 1Kw 15:1; 2Kw 1:4
1 Kwo. 17:42Sa 7:4-7; 1Wa 8:17-19; 1Kw 22:7, 8
1 Kwo. 17:5Eg 40:2; Nb 4:24, 25; 2Sa 6:17; Sm 78:60
1 Kwo. 17:71Sa 16:11, 12; 17:15; 25:30; 2Sa 7:8-11; Sm 78:70, 71
1 Kwo. 17:81Sa 18:14; 2Sa 8:6
1 Kwo. 17:81Sa 25:29; 26:10; Sm 89:20, 22
1 Kwo. 17:81Sa 18:30
1 Kwo. 17:9Eg 2:23
1 Kwo. 17:10Jj 2:16
1 Kwo. 17:10Sm 18:40
1 Kwo. 17:111Wa 8:20; Sm 132:11
1 Kwo. 17:112Sa 7:12-17; 1Wa 9:5; 1Kw 28:5; Jr 23:5
1 Kwo. 17:121Wa 5:5; 1Kw 22:10
1 Kwo. 17:12Sm 89:3, 4; Eza 9:7; Dn 2:44
1 Kwo. 17:132Sa 7:14; Lk 9:35; Eb 1:5
1 Kwo. 17:13Eza 55:3
1 Kwo. 17:131Sa 15:24, 28; 1Kw 10:13, 14
1 Kwo. 17:14Dn 2:44; Jan 1:49; 2P 1:11
1 Kwo. 17:14Sm 89:36; Jr 33:20, 21; Lk 1:32, 33; Eb 1:8; Re 3:21
1 Kwo. 17:162Sa 7:8, 18-20
1 Kwo. 17:17Mt 22:42; Tr 13:34; Re 22:16
1 Kwo. 17:18Sm 139:1
1 Kwo. 17:192Sa 7:21-24
1 Kwo. 17:20Eg 15:11
1 Kwo. 17:20Eza 43:10
1 Kwo. 17:21Dt 4:7; Sm 147:20
1 Kwo. 17:21Eg 19:5; Sm 77:15
1 Kwo. 17:21Dt 4:34; Ne 9:10; Eza 63:12; Eze 20:9
1 Kwo. 17:21Dt 7:1; Joz 10:42; 21:44
1 Kwo. 17:221Sa 12:22
1 Kwo. 17:22Jen 17:7; Dt 7:6, 9
1 Kwo. 17:232Sa 7:25-29
1 Kwo. 17:242Kw 6:33; Sm 72:19; Mt 6:9; Jan 12:28
1 Kwo. 17:24Sm 89:35, 36
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Kwonik 17:1-27

1 Kwonik

17 Kou David fin abite nan kay li a*, li di pwofèt Natan+: “Gade jan m ap viv nan yon kay ki fèt ak bwa sèd+ alòske lach alyans Jewova a anba tant+.” 2 Lè sa a, Natan di David: “Ou mèt fè kèlkeswa sa w gen nan kè w la, paske vrè Dye a avè w.”

3 Nan menm nuit lan, Bondye pale ak Natan, li di l: 4 “Al di David, sèvitè m nan: ‘Men sa Jewova di: “Se pa ou menm k ap bati kay pou m rete a+. 5 Paske mwen pa rete nan yon kay depi jou mwen te fè pèp Izrayèl la soti ann Ejip rive jis jodi a, men mwen te kontinye rete nan tant ak nan yon tabènak*, sot yon kote al yon lòt kote+. 6 Pandan tout tan mwen t ap deplase ak tout pèp Izrayèl la, èske m te janm mande youn nan jij mwen te chwazi pou pran swen pèp Izrayèl la, pèp mwen an: ‘Poukisa nou pa bati yon kay ak bwa sèd pou mwen?’”’

7 “Kounye a, men sa pou w di David, sèvitè m nan: ‘Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: “Se mwen menm ki te pran w nan patiraj kote w t ap pran swen mouton yo pou m fè w vin chèf sou Izrayèl, pèp mwen an+. 8 M ap avè w kèlkeswa kote w ale+, m ap detwi tout ènmi w yo devan w+ e m ap fè w gen gwo renome menm jan ak yon seri mesye enpòtan sou tè a+. 9 M ap chwazi yon kote pou Izrayèl, pèp mwen an, m ap fè yo rete la, e pap gen pèsonn k ap fè l tranble ankò. Epi, moun ki mechan pap maltrete* yo ankò, jan yo te konn fè sa lontan+, 10 nan epòk mwen te mete jij pou dirije Izrayèl, pèp mwen an+. M ap lage tout ènmi w yo anba men w+. Mete sou sa, men sa m ap di w: ‘Jewova ap bati yon kay pou ou*.’

11 “‘“Lè jou w yo rive nan bout yo e w al repoze bò kot zansèt ou yo, m ap fè yon desandan w*+ ranplase w e m ap fè wayòm li an byen chita+. 12 Se li menm k ap bati yon kay pou mwen+, e m ap fè twòn li an byen chita pou toutan+. 13 M ap vin papa l, e l ap vin pitit gason m+. Mwen pap sispann montre lanmou ki fidèl pou li+ jan m te sispann fè sa pou moun ki te la anvan w lan+. 14 M ap mete l chèf nan kay mwen an e nan wayòm mwen an pou toutan+. Twòn li an ap la pou toutan+.”’”

15 Natan te di David tout pawòl sa yo e li te rakonte l tout vizyon an nèt.

16 Lè sa a, wa David chita devan Jewova e li di: “Kiyès mwen ye, o Jewova Dye? Ki sa fanmi m ye pou w fè tout bagay sa yo pou mwen+? 17 Kòmsi sa pa t ase, o Bondye, ou fè konnen tou jan fanmi sèvitè w la pral ye nan tan ki gen pou vini jis apre yo+ e ou trete m tankou yon moun ki merite plis glwa toujou*, o Jewova Dye. 18 Ki sa mwen menm, David, sèvitè w la, ka di w ankò pou tout onè sa a ou fè m, ou menm ki tèlman byen konn sèvitè w la+? 19 O Jewova, se paske w gen sousi pou sèvitè w la e se paske kè w pouse w* ki fè w fè tout gwo bagay sa yo, konsa ou montre jan w gran+. 20 O Jewova, pa gen pèsonn tankou w+ e pa gen Dye sof ou menm+. Tout sa nou tande ak zòrèy nou montre sa. 21 Epitou, ki lòt nasyon sou tè a ki tankou pèp Izrayèl la, pèp ou a+? Antanke vrè Dye a, ou t al delivre l e ou fè l vin pèp ou+. Ou fè konnen non w pa mwayen yon seri gwo aksyon ou te fè ki bay lakrentif+. Ou te mete lòt nasyon deyò devan pèp ou a+ ou te delivre ann Ejip. 22 Ou fè pèp Izrayèl la, pèp ou a, vin pèp ou pou toutan+, e ou menm, o Jewova, ou vin Bondye yo+. 23 Kounye a, o Jewova, se pou w fè pwomès ou fè sèvitè w la ak fanmi l* reyalize pou toutan e se pou w fè egzakteman sa w te pwomèt la+! 24 Se pou non w la pou toutan, se pou yo fè louwanj pou li+ pou toutan, yon fason pou moun ka di: ‘Jewova, Chèf lame yo, Bondye pèp Izrayèl la, se li menm ki Bondye pèp Izrayèl la toutbonvre!’ Se pou kay David, sèvitè w la, rete byen solid devan w+! 25 Paske ou menm Bondye m nan, ou fè sèvitè w la konnen objektif ou genyen pou w fè yon kay pou li*. Se pou rezon sa a sèvitè w la priye w avèk konfyans konsa. 26 Kounye a, o Jewova, se ou menm ki vrè Dye a e se ou ki pwomèt bon bagay sa yo anrapò ak sèvitè w la. 27 Se sa k fè, se pou w kontan beni kay sèvitè w la, se pou l kontinye ret kanpe devan w pou toutan! Paske se ou menm, o Jewova, ki beni l, e l ap ret beni pou toutan.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje