Ezayi
5 Tanpri, kite m chante pou moun mwen renmen an,
Yon chante ki pale de moun mwen renmen an ansanm ak jaden rezen l lan+.
Moun mwen renmen an gen yon jaden rezen nan ren yon ti mòn ki bay anpil rannman.
2 Li vire tè a e li retire wòch ladan l.
Li plante yon bon kalite rezen wouj ladan l,
Li fè yon gerit nan mitan l
E li fouye yon basen pou l kraze rezen+.
Apre sa, li gen espwa jaden an ap donnen bon rezen,
Men, se move kalite rezen sèlman li bay+.
3 Se sa k fè li di: “Kounye a, nou menm moun ki rete Jerizalèm e nou menm mesye Jida yo,
Tanpri, fè yon jijman ant mwen menm ak jaden rezen m nan+.
4 Ki sa ankò mwen te ka fè
Pou jaden rezen m nan mwen pa t fè+?
Poukisa lè m te gen espwa m ap jwenn bon kalite rezen
Se move kalite rezen sèlman li te fè?
5 Kounye a, tanpri, kite m di nou
Sa m pral fè nan jaden rezen m nan:
M ap retire lantouray li a,
E y ap boule l nèt+.
M ap kraze miray an wòch li a,
Epi, moun ap mache sou li.
6 M ap fè l tounen yon savann ki fin depafini+.
Yo pap netwaye l e yo pap sekle l.
L ap vin chaje ak pikan ak move zèb+,
E m ap bay nyaj yo lòd pou yo pa fè lapli tonbe sou li+.
7 Paske, jaden rezen Jewova, Chèf lame yo, se pèp Izrayèl la+.
Moun Jida yo se plantasyon* li renmen an.
Li t ap tann jistis+,
Men, gade! Se enjistis ki genyen.
Li t ap tann sa ki dwat,
Men, gade! Se rèl moun yo ap fè pou mande sekou+.”
8 Malè pou moun ki gen kay sou kay+
E pou moun ki gen tè sou tè+
Jiskaske pa gen kote ankò
E jiskaske yo ret ap viv poukont yo nan peyi a!
9 Jewova, Chèf lame yo, fè sèman nan zòrèy mwen,
Li fè konnen gen anpil kay, byenke yo gwo e yo bèl,
K ap vin nan yon eta k ap fè moun sezi,
E yo pap gen pèsonn ladan yo+.
11 Malè pou moun ki leve granmmaten pou yo bwè bwason ki gen alkòl+
E ki kontinye bwè diven rive byen ta nan aswè jiskaske yo sou!
12 Yo gen hap* ak enstriman mizik ki gen kòd,
Yo gen tanbouren ak flit, e gen diven nan fèt y ap fè yo.
Men, yo pa reflechi sou travay Jewova,
E yo pa wè travay li fè ak men l.
13 Se sa k fè pèp mwen an pral ann egzil,
Paske yo pa konnen m+.
Gwo potanta yo pral grangou+,
E tout moun pa yo ap depafini tèlman y ap swaf.
14 Se sa k fè Tonm nan* ouvè kò l* byen laj,
E li ouvri bouch li byen laj, san limit+.
Moun enpòtan nan peyi a, foul moun li genyen k ap fè bri yo ak moun k ap banboche yo
Ap desann ladan l san mank.
15 Epi, moun ap vin ba,
Y ap rabese moun,
E y ap fè moun ki awogan yo bese je yo.
16 Jewova, Chèf lame yo, ap jwenn anpil glwa pou jijman* li fè a.
Vrè Dye a, Bondye ki sen an+, ap montre jan li sen paske li fè sa ki dwat+.
17 E ti mouton yo ap manje zèb kòmsi yo te nan patiraj yo.
Epi, etranje yo ap manje nan zòn ki fin depafini yo, kote bèt byen gra yo te rete yon lè.
18 Malè pou moun k ap bay manti yo! Sa fè yo trennen sa ki mal ak peche dèyè yo
Tankou bèt k ap rale charyo ki mare ak kòd.
19 Moun k ap di: “Se pou l travay pi vit!
Se pou travay la fèt vit pou nou ka wè l!
Se pou objektif* Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, reyalize
Pou nou ka konn objektif li+!”
20 Malè pou moun ki di sa k bon an pa bon e ki di sa k pa bon an bon+,
Pou moun ki met fènwa nan plas limyè e ki met limyè nan plas fènwa,
Pou moun ki met sa ki anmè nan plas sa ki dous e ki met sa ki dous nan plas sa ki anmè!
21 Malè pou moun ki pran tèt yo pou moun ki gen sajès
E ki panse yo entèlijan+!
22 Malè pou moun ki lage kò yo nan bwè diven,
Pou moun ki fò nan prepare bwason ki gen alkòl+,
23 Pou moun ki di mechan an pa koupab paske mechan an ba yo kado anba anba+,
E ki refize fè moun ki dwat la jwenn jistis+!
24 Konsa, menm jan yon ti dife boule pay ki atè
E zèb sèch yo boule nan dife,
Rasin yo ap pouri
E boujon yo ap gaye tankou poud,
Paske yo meprize lwa* Jewova, Chèf lame yo,
E yo pa gen respè pou pawòl Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an+.
25 Se sa k fè, Jewova ap fache anpil kont pèp li a,
E l ap lonje men l pran yo pou l pini yo+.
Mòn yo ap tranble,
E kadav moun yo ap tankou fatra nan lari+.
Akoz tout bagay sa yo, kòlè l pa bese,
E men l ret lonje pou l pini yo.
26 Li met yon siy* kanpe pou yon nasyon ki byen lwen+.
Li soufle pou l rele moun k ap viv nan dènye bout tè a+.
Epi, gade! Y ap vini byen vit+.
27 Pa gen youn ladan yo ki bouke oswa ki kilbite.
Pa gen youn k ap kabicha oswa k ap dòmi.
Senti yo pa demare nan ren yo,
E lasèt sandal yo pa kase.
29 Moun sa yo gwonde tankou lyon.
Y ap gwonde e y ap pran sa yo vle a,
Y ap pote l ale san pèsonn pa retire l nan men yo.